ZOMANGAY - ADAPTASYON YON KONT AYISYEN

Krik! Krak!

Vwala se te yon bèl bèl fi ki te rele Mariyàn. Fi a te bèl pase solèy ak lalin.

Mariyàn te byen prepare. Li konn lave, li konn pase. Lè l fè manje menm se koupe dwèt. Li te aprann kouti. Tout jènjan nan bouk la te gen je sou li. Men li pa t enterese nan maryaj. Koze sa a te chaje tèt manman Maryàn ak papa li. Yo te di: "...Mariyàn menm li pa p janm marye. Pinga Mariyàn fè vyèy fi nan men nou non." Yo te cho nan kò Maryàn pou li reponn youn nan jennonm ki t ap file l yo.

On lè, yon bèl gason byen bwòdè te rantre nan bouk la pou fèt chanpèt. Tout jèn fi te tonbe pou li, men se sèl Mariyàn li te wè nan je l.

Kèk jou apre fèt la, msye deside al fè lademann pou Mariyàn. Fanmi Mariyàn te kontan paske yo te wè yo reyalize rèv yo. Mariyàn te oblije asepte maryaj la pou li te fè manman li ak papa li plezi. Yo fè gwo resepsyon. Yo tiye bèf ak kabrit. Apre nòs la, msye a te retounen  nan  peyi l ak Mariyàn. Men anvan Mariyàn te pati, papa l ba li yon vye ti bourik ki chaje ak maleng sou do l. Li di Mariyàn: "M fè w kado ti bourik mwen an. Nenpòt kote ou bezwen ale, nenpòt ki lè, annik jouke Zomangay, l ava menmen w."

Petitòm, frè Mariyàn lan, pa t renmen nèg sa a pou sè l la. Li te sispèk msye ta pral fè sè l pase mizè. Se kon sa li te deside suiv yo. Lè yo rive kote yo te prale a, Petitòm kache kò li nan vwazinay kay mesye dam yo pou li suiv sa k ap pase. Apre de twa jou, li wè figi msye a kòmanse chanje. Dan nan bouch li vin men longè. Twa kòn pouse nan tèt li. Li tounen yon dyab. Li mare Mariyàn ak yon kòd. Mariyàn pran kriye lajounen kou lannuit. Li nan grangou. Mari a ba l on ti kras manje yon fwa pa jou.

On lè, dyab la pati al vizite dyab parèy li nan yon lòt bouk. Menm kote a, Petitòm kouri antre anndan kay la. Li demare Mariyàn epi yo tou le de jouke Zomangay. Yo derape. Lò Dyab la te retounen nan kay la, li chache toupatou li pa wè Mariyàn. Msye mete bòt desan lye l nan pye l, li pati dèyè Mariyàn ak Petitòm.  Zomangay gen tan byen lwen ap file.

"Zomangay, pèdi dyab la, mennen nou nan yon zile!" Petitòm pa te ko menm fini pawòl la, se wè Mariyàn ak frè li a wè yo nan mitan yon zile. Men malchans pou yo, se dyab sèlman ki te rete nan zile a. Kou Mariyàn ak Petitòm te rive nan zile a, tout klòch te pran karyonnen.

Blengendeng bleng!

Moun o moun  o

Ki kote w  prale?

Sa w ap fè nan peyi mwen?

Pa gen moun isit o

Nou manje moun  o

Tout dyab yo te ansèkle zile a. Yo pa t kite wout pou Mariyàn ak frè a pase. Mariyàn ak Petitòm pa t ka ni monte ni desann. Dyab yo pran chante pandan klòch yo ap karyonnen:

Blengendeng bleng!

Moun o moun  o

Ki kote  w prale?

Sa w ap fè nan peyi mwen?

Pa gen moun isit o

Nou manje moun o

Dyab yo pran mache sou Mariyàn ak Petitòm. Mesye dam yo te pè, yo te konnen dyab yo ta pral manje yo. Yo tonbe kriye, yo tonbe rele. Dyab yo kontinye vanse, y ap chante:

Blengendeng bleng!                                                                                                                      

Moun o moun  o

Ki kote w prale?

Sa w ap nan peyi mwen?

Pa gen moun isit o

Nau manje moun o

Dyab yo te vin bab pou bab ak Mariyàn ak Petitòm. Toudenkou, Mariyàn sonje pawòl papa l te di l la. Menm kote a, Mariyàn di: "Zomangay mennen nou tounen lakay papa n!" Mariyàn annik di pawòl sa a, Zomangay pete on sèl kous kouri avèk Mariyàn ak Petitòm. Mesye dam yo al ateri devan pa pòt lakay yo an fay minit. Depi lè sa a, manman Mariyàn ak papa Mariyàn di: "Se ra se ta, nou pa p janm anmède w pou koze maryaj ankò."

Foto: Donkey, Minster Lovell, Oxfordshire, barry.marsh1944

Kite yon repons