| Libète
15 – 21 septann 1993 * Ane 2 * No 86 |
Zaboka, se vyann malere
K
ounye a, se sezon zaboka. Nan tout mache nan peyi a, nou jwenn zaboka. Men, kounye a, zaboka chè anpil. Nan mache Petyonvil, yon moun ka achte yon zaboka jiska 3 goud. Sa fè nou sonje, nan tan lontan, lè peyizan te konn grese kochon ak zaboka pou voye timoun lekòl nan mwa oktòb. Zaboka chè, paske tout bagay chè nan peyi a. Zaboka chè, paske peyi a vin gen mwens pye zaboka.
Zaboka, se yon pyebwa ki frajil. Chak siklòn ki pase, chak gwo van ki pase, anpil pye zaboka tonbe, anpil branch zaboka kase. Lò branch zaboka kase, poudbwa pwofite fè nich, yo fè yon gwo twou nan pye zaboka a, e li vin pi frajil. Kòm nou wè, zaboka, se yon pyebwa ki itil, ni pou moun, ni pou bèt. Gen de peyi, peyizan vann zaboka nan izin. Nan izin sa yo, yo fè luil ak zaboka, luil ki fè pwodui tankou ponmad, e ki fè medikaman yo vann nan famasi. Zaboka, se yon pyebwa ki ka ede anpil nan rebwazman. Se yon pyebwa ki ka ede amelyore anpil lavi peyizan peyi d Ayiti. Mwen pwofite sezon an pou m pote kèk ti konsèy pou nou sou pyebwa sa yo rele zaboka.
1. Poukisa moun dwe plante
zaboka ?
Zaboka, se yon fwi moun manje. Bèt tankou kochon manje li tou. Zwazo ak rat manje zaboka. Lè yo etidye chè zaboka, li genyen jiska 30 pou 100 luil. Luils sa a ka sèvi pou pwodui de bote, tankou ponmad zaboka. Yo sèvi ak luil la pou fè medikaman. Zaboka, se yon manje moun dijere fasil. Yon liv zaboka gen plis enèji pase yon liv vyann. Se yon fwi ki gen anpil vitamin A, ki bon anpil pou zye. Lò kò yon moun manke vitamin A, moun nan ka fè enfeksyon fasil, e li ka vin avèg.
2. Ki sa nou dwe konnen sou
zaboka ?
Zaboka, se yon plant ki soti nan peyi Amerik Twopikal, sa vle di peyi nan Amerik ki fè cho. Fòk nou konnen, nenpòt kalite zaboka pa donnen nan nenpòt ki kote. Nenpòt kalite zaboka pa donnen nan nenpòt kalite tè. Selon kote yo ka donnen, nou jwenn 3 ras zaboka :
- Ras Meksiken ki donnen nan zòn ki wo anpil, nan mòn ki rive jiska 2.000 mèt.
- Ras Gwatemala ki konnen nan zòn ki rive ant 900 mèt jiska 1.800 mèt. Yon zòn tankou Kenskòf, zaboka ras Gwatemala donnen byen
- Ras Antiyè ki donnen nan tè laplenn jis nan zòn ki gen 900 mèt.
Sa nou sot di la, fè wè klè, yon moun pa gen dwa plante nenpòt ki kalite zaboka, nenpòt ki kote.
3. Ki lòt bagay nou dwe konnen
sou zaboka
Pye zaboka, se yon pyebwa ki ka rive jiska 15 mèt wotè. Fèy zaboka yo kòryas, e yo vèt anpil. Pye zaboka gen yon gwo rasin ki desann fon nan tè. Men, pi fò lòt rasin yo pa desann fon, e nou ka jwenn yo nan yon pwofondè 4 pye. Ansanm, ansanm, flè yo reyini pou yo fè yon grap. Zaboka gen yon chè ki jòn, e anndan, li gen yon gwo grenn ki gen 2 bò. Nan mitan 2 bò yo, gen yon ti jèm.
4. Sa nou dwe konnen sou flè zaboka ?
Nan yon flè zaboka, genyen pati mal, genyen pati femèl. Men, 2 pati sa yo, yo pa fòme menm lè. Se sa k fè, nan yon flè, li difisil pou mal la kwaze ak femèl la, pou li bay yon ti zaboka. Se sa ki esplike tou, poukisa nou ka jwenn nan yon zòn pye zaboka ki pa janm donnen. Se poutèt sa, nan tout ras zaboka, genyen sa yo rele Gwoup A ak Gwoup B, dapre kalite flè zaboka sa yo genyen. Pou gen donnezon, li nesesè pou genyen 2 gwoup sa yo, nan menm plantasyon an, ou nan menm zòn nan, pou kwazman ant mal ak femèl ka fèt.
5. Ki jan flè zaboka ki nan
Gwoup A yo ye ?
Pye zaboka ki nan Gwoup A, lò pati femèl la pre pou li kwaze lè maten, mal ki nan flè a, li menm l ap fòme jis demen apre midi. Se sa ki fè kwazman enposib.
6. Ki jan flè zaboka ki nan
Gwoup B yo ye ?
Pye zaboka ki nan Gwoup B, lè pati femèl la pre pou li kwaze nan apre midi, mal ki nan flè a, li menm l ap fòme jis nan demen maten. Nan zaboka Gwoup B, gen de lè kwazman vin enposib.
7. Ki pi bon kondisyon yon zòn dwe genyen pou zaboka ka byen devlope, e pou li bay bon rannman ?
Tè a dwe byen drene. Fòk nap dlo anba tè a, li omwen a 2 mèt. Depi ou wè zaboka nan yon zòn, sa vle di tè a byen drene.
Fòk pa gen gwo van nan zòn nan. Se poutèt sa, li ka nesesè, anvan nou fè yon plantasyon zaboka, nou ta dwe mete briz van.
Zaboka bezwen jiska 1 mèt 20 lapli chak ane. Lò sezon sèch la twò long, tout ( ?? pye ) zaboka ka tonbe. Lò gen twòp lapli. ( ??? pandan pye yo) ap fleri, flè yo ka koule.
Zaboka bezwen bon kalite tè, tè ki fon, tè ki sablèz e ki byen drene.
8. Ki jan pou nou chwazi yon
bon grenn zaboka ?
Pou nou chwazi yon bon grenn zaboka, nou fèt pou chwazi grenn nan, nan yon ras zaboka ki deja adapte nan zòn nan. Pa chwazi grenn nan yon pye zaboka ki malad. Fòk grenn zaboka a byen rèk. Fòk nou chwazi grenn nan, nan yon pye ki donnen anpil e ki bay bon jan zaboka.
9. Ki jan nou dwe plante grenn zaboka ?
- Prepare yon sachè plastik, oubyen yon mamit ki gen twou pou dlo a soti. Plen sachè a, oubyen mamit la ak bon tè.
- Pran grenn zaboka a, retire jipon ki sou li a. Pou nou fè sa, nou kapab pase grenn zaboka a nan solèy.
- Depoze grenn zaboka a sou tè ki nan sachè a oubyen nan mamit la. Pran prekosyon pou mete bò ki plat la anba, e bò ki won an, anlè. Rasin zaboka a, se bò ki plat la, l ap soti. Apre, n ap fin plen sachè a ak tè, e n a kouvri grenn nan ak yon santimèt tè. Apre sa, wouze tè a, e mete sachè a nan yon kote ki fre. Wouze tè a, lò l bezwen dlo.
10. Konbyen tan yon grenn zaboka pran pou li leve ?
Yon grenn zaboka pran ant 45 ak 60 jou pou li leve. Si li bay plizyè ti pye, n a koupe sa ki fèb yo, e n a kite sa ki fò a. Kou ti plan an gen 4 bon fèy, nou ka plante li.
11. Ki sa nou dwe fè pou nou plante yon ti pye zaboka ?
- Fouye yon gwo twou ki gen 2 pye edmi kare kare, e 2 pye edmi fondè. Mete bon tè ak bon fimye nan twou a, jiska yon pye e ka pa rapò a bouch twou a.
- Retire ak prekosyon ti pye zaboka a nan sachè a, oubyen nan mamit la, e depoze ti pye zaboka a nan twou a.
- Fin ranpli twou a ak bon tè. Foule tè a byen foule. Apre, wouze tè a ak bon dlo, e mete pay toutotou ti plan an pou nou sa konsève imidite tè a. Gen de kote, peyizan plante grenn zaboka nan dèyè pye bannann ki bay grenn zaboka a imidite ak pwoteksyon.
12. Si nou bezwen plante 2 pye zaboka, ki distans dwe
separe youn de lòt ?
Si nou bezwen plante 2 pye zaboka, distans pou nou plante yo, se 8 a 10 mèt.
13. Ki jan nou ka garanti zaboka n ap plante a ka ban nou
bon kalite zaboka ?
Pou nou sa gen garanti zaboka nou plante a ka ban nou yon bon kalite zaboka, nou ta dwe grefe ti pye zaboka nou plante a ak yon lòt zaboka nou konnen ki bon. Grèf la ka fèt kan ti bye zaboka a gen ant 4 ak 6 mwa.
Franswa Sevren
Minis Lagrikilti























