Yon-rale-sou-istwa-kanaval

Libète

14 – 20 fevriye 1995 * Ane 3 * No 125

Yon rale sou istwa kanaval

D

epi nan tan lontan nan anpil peyi, yo toujou fete kanaval. Ann Ayiti, nou gen plizyè syèk depi pèp la ap patisipe nan dans tradisyonèl sa a. Majorite moun pa janm konnen vrèman orijin kanaval la. Nan mache chache, fouye zo nan kalalou, nou jwenn plizyè esplikasyon nan bouch kèk dayila nan zafè kanaval la.

Mo kanaval la soti nan peyi Itali. Sans li, se “Kanavali”. Plizyè espesyalis nan koze fòlklò ak relijyon ban nou yon lòt esplikasyon ki pi pre reyalite a. Espesyalis sa yo fè konnen mo kanaval la soti nan laten “Carnus Navalis” oubyen cha ki fèt nan fòm bato “Char Naval”. Pou nou ka pi byen konprann, fòk nou fè yon kout pye nan fèt ansyen pèp grèk la te konn fete. Youn nan fèt pèp peyi Lagrès te konn fete rele “Bakanal”, ki te fèt yon wa ki te rele “Bakis”. Yon fèt yo te konn fete soti pou lèwa jouk rive mèkredi lèsann. Lè fèt sa a te konn fèt, se te toujou gwo banbòch, kote tout moun, kèlkeswa klas sosyal li, dwe vin fete. E se la a kanaval la parèt.

Kanaval kòmanse fete nan peyi Dayiti depi nan tan lakoloni. Lè sa a, Ayiti ak Sendomeng te yon sèl peyi. Nan pati Sendomeng la, nou te jwenn nan epòk kanaval, kote ti blan yo t ap di pwoblèm yo genyen ak gwo blan yo. Yon lòt kote, se te pèp la ki t ap di sa l santi, kote yo denonse tout vye zak blan yo te konn fè. Nan fèt kanaval la yo te konn degize yo an gran blan yo, pou yo te fè santi soufrans yo, e se la a tou koze chaloska vin parèt, paske pou te jwe sèn sa yo, fòk ou te maske pou yo pa wè figi w. Nan epòk sa a tou, aspè kiltirèl la pa t neglije, nou te konn jwenn pwodwui peyizan yo ak travay yo te konn fè ak konesans yo ki se pwodiksyon atizanal.

Yon pwen estratejik pou revandikasyon

Yo toujou di kanaval se fèt lajwa, lanmou, se pa manti. Gen yon lòt bagay enpòtan ki antre nan kanaval la, se koze politik la. Yo toujou di depi fèt Nwèl fin pase, se gwo kalmi, alòs yo itilize kanaval la pou fè moun danse pou bliye mizè.

Kanaval antre nan kesyon politik depi sou Prezidan Lwi Bòno nan ane 1915. Pandan yo t ap fè pèp la danse pou bliye mizè l, li te pwofite fè revandikasyon l pase nan kanaval la.

Nan epòk okipasyon ameriken kote Prezidan Lwi Bòno t ap dirije peyi a, nan yon peryòd kanaval, yon bann te fè foto prezidan an, mete l sou yon bourèt, e yo te ekri anba l : “Bòno panche”. Pou dezyèm jou a menm, yo te ekri : “Bòno trè panche, li preske chavire”. Pou twazyèm jou kanaval la, lapolis nan epòk la pat kite bann nan soti nan lari. Kidonk, revandikaskyon an te bay Lwi Bòno kè sote.

Aprè yon epòk se yon lòt epòk

Depi kanaval te vin ofisyèl nan peyi a, se toujou lakomin ki sèl kòk chante nan kesyon òganize kanaval la. Pou ane sa a, òganizasyon kanaval la pran yon lòt fòm. Nouvo fòm sa a parèt ak prezans ministè lakilti ki genyen kounye a. Pou òganize kanaval la, ministè lakilti mete yon komite sou pye, ki gen ladann ministè lakilti, anviwònman, enteryè, ministè Ayisyen k ap viv aletranje ak sekreteri deta touris. Komite sa a li menm mete yon komisarya sou pye. Komisarya a dwe kòdone ak finanse kanaval la. Yon responsab nan komisarya a fè nou konnen, “se toujou lakomin k ap òganize, men, pou ane sa a, lakomin pa gen kontwòl lajan kanaval la, menm jan sa te konn fèt lontan”.

Komisarya a ap gen pou l voye je sou tout travay lakomin yo ap fè. Dapre youn nan dirijan komisarya a, komisarya a pa la pou yon ti bout tan. Gouvènman an menm gen lide mete l nan konstitisyon an, menm jan sa fèt nan plizyè peyi tankou : Brezil, Trinidad, Meksik, etsetera. Lè sa a, ap gen yon pi bon travay k ap fèt nan zafè òganizasyon kanaval la. Li te kontinye pou l di : “Mwen kwè se ta yon trè bon desizyon, sa ap pèmèt nou fè touris vin nan peyi a.”

Ensekirite total kapital

Se vre, kanaval se yon fèt banbòch manch long, kote moun yo di sa yo panse, ki esplike fonksyònman sosyete a. Nan yon peyi kote ensekirite ap vale teren, kouman otorite yo pral rezoud pwoblèm sa a. Nan yon ti pale nou te fè ak youn nan oganizatè “kanaval espwa” ane sa a, li fè nou konnen yo pale ak fòs polis pwovizwa a pou wè kouman yo kapab rezoud pwoblèm sa a. Pou sa ki konsène militè ameriken yo, youn nan chèf yo fè nou konnen, militè sa yo pa antrene pou foul moun kon sa, yo antrene sèlman pou fè lagè. Men, sa pap anpeche gen bon jan sekirite pou kanaval la. Minis lakilti a, mesye Jan Klod Baje, fè konnen ap gen yon kominike ki pral soti, k ap gen pou entèdi tout bagay k ap gen fòm zam, e sa ap fèt menm pou chaloska yo. Pou sa ki konsène zam ki ka blese moun tankou : kouto, ponya ak frenn, minis la di “Metòd nou a p met anplas la tèlman ap efikas, n ap rive detekte sa kanmenm.”

N ap raple, pandan 3 semenn anvan kanaval la, plizyè bann batay, plis pase 30 moun blese, 2 moun pou pi piti mouri. Pou 3 gwo jou a, ki bilan nou dwe tann ?

Pou kanaval lespwa kapab byen fèt, Minis Baje anonse Leta deploke 7 al pou 8 milyon dola ayisyen.

“1995, kanaval lespwa, mwen gen lespwa ni mwen ni ou menm pap pèdi lavi yo.” Se sa Minis la swete.

Rit Jan Chal

 

Kite yon repons