Lè nou di zansèt, nou vle ensiste sou lide kote nou deside konsidere moun nwa ki te ap viv sou zile ki rele Ayiti a ansanm avèk tradisyon yo, mès yo, abitid yo, relijon yo, manje yo,
eksetera. Piti kou li ye, nan koze zansèt la, nou wè tou endyen yo, ki genyen kontribisyon dirèk pa yo ansanm ak sa yo kite ki fonn anndan tradisyon divès nanchon Lafrik yo ki te rantre nan
mawon ansanm avèk yo. Tankou mwen te di li,10 lane pase nan liv ki rele: Istwa Pwezi kreyòl Ayiti a, etnològ yo gen anpil travay pou yo fè sou teren an pou kab rive detere eleman endyen ki
ap dòmi anndan kilti pèp ayisyen an. Se sèten gen enfliyans Lewòp nan moun nou ye jounen jodi a, men se apati konesans nou pran nan liv, ak kèk konpòtman ki rive jwenn nou pasi-pala,
nou ap boule, paske blan yo pa te kite nou viv pre avèk yo ase pou nou aprann vivasyon yo an dirèk. Se sa tou ki lakòz kèk diferans ant moun lavil ki kole ak levasyon kontinan Ewòp la, ak
moun nou rele moun andeyò yo, ki rete kole pi plis ak vivasyon zansèt afriken nou yo. Mwen dwe ajoute, kwake Blan yo te konn kite nou al nan legliz-yo, sa pa te anpeche nou devlope pwòp
relijon pa nou, ni tou sa pa te anpeche Boukman di :
Bondye la zòt tande
Kache dan nyaj
....
Li vwa tout sa blan fè
Bondye mande krim
Pa nou vle byenfè
...Bondye ki si bon
Òdone vanjans.
Kidonk, eritay zansèt yo nan tout aspè nan lavi nou : mizik, penti, relijyon, epi nan kreyasyon literè sou fòm oral ki pral tounen lekriti pi devan nan devlopman lavi nou kòm pèp.
Lè nou di literati kit se youn plan oral (Oralti), kit se literati (bèbèl ak pawòl) sou papye, fòk gen youn mwayen pou materyèl literè oubyen «oralitè» nou ap pale a rive jwenn lektè yo oubyen
mounn ki ap tande-yo, nou vle di asistans lan. Nan ka pa nou an mwayen ki sèvi pou simaye mesaj la, se lanng kreyòl la. Nou kab jwenn lanng lan sou papye, sou divès fòm elektwonik ki
ekziste yo, ansanm ak nan filyè bouch-an-bouch-younn-di-lòt. Entansyon mwen aswè a se pa bay katalay esplikasyon sou lang kreyòl la, men mwen vle senpman demontre mak zansèt yo
nan fòmasyon lang kreyòl Ayiti a.
Depi tout tan, anpil Ayisyen ak kèk blan Lewòp toujou konprann lanng kreyòl Ayiti a se pitit lanng franse toupi. Plis ane yo ap pase, fouyapòt ap chèche, se plis nou remake baz gramè lanng
kreyòl Ayiti a chita sou famiy lanng ewe, ki gen: fon, yowouba eksetera. Epitou, lis mo nou jwenn anndan lanng kreyòl Ayiti a soti nan lanng divès pèp ki te viv sou zile a, oubyen ki te
pase sou zile a. Nou dwe sonje franse-yo rive sou zile-a 150 làne apre nanchon afriken-yo, konsa gen youn lis mo ansyen nan lanng kreyòl-la ki soti dirèk-dirèk nan lanng afriken yo. Kòm toujou
gen youn lamepri pou tout eritay kontinan afriken ki anndan kilti Ayiti a , kòm sistèm lekòl anndnan peyi a lave sèvèl nou nan enterè Lafrans, se non lang franse nou toujou tande yo
nonmen pi fò nan fòmasyon lang kreyòl Ayiti a.
Jeannot Hilaire ak yon latriye lòt ankò, ki deside mete sou laplas piblik tout sa yo jwenn sou prezans lang afriken yo nan lang kreyòl Ayiti a.
Eritay Zansèt y sou plan leksikal anndan lang kreyòl Ayiti a
Lè mwen pran mo nou genyen nan lang kreyòl la, se sèten gen mo ki gen rasin yo nan lang franse, angle, panyòl, men genyen tou, se nan lang fong, yowouba eksetera.. yo sòti. Mwen ka
pran kèk ekzanp pou nou : Tyen-tyen, marasa, akra, dyondyon ak dosou. Nou senpman chwazi ti echantiyon sa a, paske bivize rankont lan se eritay zansèt yo nan literati kreyòl Ayiti a.
Tyentyen: Kontrèman ak fason panse moun nan Nò ki kwè mo tyentyen an soti nan langay Blan Franse nan epòk yo konn ap pote mayi moulen bay esklav yo pou yo manje, Pwofesè Max
Manigat demontre nou, mo tyentyen an soti nan lang ga. Youn lanng yo pale nan sidès peyi Gana. Mo afriken an se « kenkey» ki transfòme pou li ban nou tchentchen, paske nan Nò Ayiti
son [k] a kab transfòme pou li tounen [tch]. Pwofesè Max Manigat raple nou tou, nan epòk lesklavaj, kolon franse yo pa t ap janm desann kite twòn yo pou yo al nan pote manje bay esklav.
Konsa, tyentyen pa soti nan franse. Li soti nan youn lang afriken yo rele ga.
Marasa: Mo sa a pa gen okenn koneksyon ak koze moun yo ki deklare: youn blan franse te wè yon pòte marasa ki se pitit li te fè ak yon esklav epi li te di: «c’est de ma race ça», paske
youn nan marasa yo te gen po pi klè pase lòt. Daprè Pwofesè Max Manigat, marasa se youn mo ki soti nan youn lanng yo rele kikongo. Mo kikongo a se «mahàsa»
Akra: Se yon mo ki soti nan lang fon. Nou jwenn menm mo a nan lang éwé ak yowouba, kote yo di: akra, akara, oubyen akla.
Dyondyon : Se youn mo ki soti nan lanng banmbara. Mo banmbara a se diondiõ.
Dosou : Se youn mo ki soti nan lanng fon. Li genyen menm sans ak mo kreyòl la.
Lis mo mwen ban nou la a, se yon jwèt devan chay mo Pwofesè Max Manigat, leksikològ Jeanot Hilaire, Pwofesè Jean-Robert Placide ak Serge Fuertès genyen nan dyakout yo.
Eritay Zansèt yo sou plan sentaks anndan lang kreyòl Ayiti a
Sou plan sentaks (nou vle di gramè), mwen ap senpman konsidere twa eleman nan kominikasyon nou aswè a, men genyen plis pase toujou. Mwen ap konsidere vèb kreyòl yo ki pa chanje menm
jan ak vèb franse-yo pandan nou ap konjige yo. Mwen ka konsidere tou tan vèb-yo kote se youn mo ki sèvi pou endike tan-an (yo rele yo «markeur de temps» nan lanng franse a. Toujou nan
konsiderasyon konjigezon franse a, nou pa gen il oubyen elle franse a nan lis pwonon pèsonèl nou yo. Nou kab konsidere tou le genre masculin, le genre féminin ki se genre gramatical,
alòske lang kreyòl la sèvi avèk sa nou kab rele le genre naturel (mal / femèl). Nou pa gen le / la nan kreykòl kòm atik pou endike le genre. Nou gen atik, men atik la pa mache avèk sa nou rele
«le genre gramatical» atik nou yo la pou endike kantite, epi yo mache pito ak son ki fini mo ki sou bò gòch atik la. (Lè nou sèvi ak mo «la» se nan lang ewe lang kreyòl la pran li. Kesyon
pozisyon atik yo nan fraz kreyòl yo, ansanm ak tout fonksyonman yo se eritay lanng afriken yo anndan lanng kreyòl Ayti-a. Menm lè nou ta di kouzen / kouzin, oubyen vwazen / vwazin,
feminen mounn lavil-yo prete dirèk-dirèk nan franse-a, fonksyonnman kreyòl la pa pèmèt nou konsidere kouzen kòm feminen kouzin. Se senpman youn mo ki endike lyen parante nou genyen
ak mounn sa a ki se youn fi oubyen youn gason. Nan ka fi a nou ap di kouzin epi nan ka gason an nou ap di kouzen. Mwen pa pe etale mwen plis pase sa nan koze sentaks la (mwen vle di
gramè) paske youn, pa gen ase tan pou sa, epi dezyèmman domèn lenguistik pa domèn pa mwen.
Si nan travay lenguistik sou lang kreyòl Ayiti a, ekspè yo klase lang kreyòl Ayiti a nan kategori kreyòl ki gen baz leksikal franse, se paske li pi fasil pou ekspè yo konekte ak mo franse yo ki pi
pre reyalite yo pase mo afriken yo. Epitou, si nou jwenn plis mo ki gen lang franse anndan leksik kreyòl la, pase mo ki genyen orijin mo ki soti nan kèk lang afriken, se akoz
izolman nou pandan lontan epi ki ap kontinye jounen jodi a ak zansèt afriken nou yo, epi sistèm edikasyon Ayiti a ki rete kole sou sistèm Lafrans lan.
Poudayè, pandan mwen ap pale ak nou la a, gen anpil ekriven Ayisyen gwo renome, ki ap goumen pou Lafrans rekonèt yo. Depi Lafrans fin rekonèt yo, wa pa kouzen yo. Epitou, yo bliye
youn nan fonksyon literati se nonsèlman bèbèl, men anmenm tan yon fason ekriven an chwazi pou li sèvi glas pou pèp li a gade figi l, sou plan konpòtman, ak sou fason pou li amelyore lavi li.
Kòm lemonn antye tounen yon gwo vilaj, si pandan nou ap gade pwòp figi pa nou, yon lòt gwoup moun wè figi pa yo nan zèv pa nou yo, oubyen ankò, si yo damou pou sa yo wè nan
divès glas nou yo (zèv literè nou yo), se yon diplis pou otè a, ak pou peyi nou an, men nan vizyon pa mwen, mwen di li byen, nan vizyon pa mwen, se lakay an premye, epi si genyen
diplis, deyò va jwenn, paske kondi pawòl la, si boutèy poko plen, bouchon pa kab jwenn. Mwen ap kontinye toujou pou mwen di, nan koze kiltirèl ak literè, mwen konsidere tèt mwen nasyonal
anvan mwen ta di tèt mwen, mwen inivèsèl.
Eritay Zansèt yo nan literati lang kreyòl Ayiti a
Pou mwen pale sou eritay zansèt yo kite nan literati lang kreyòl Ayiti a. Mwen kab di genyen divès aspè nan lavi zansèt nou yo nou jwenn anndan zèv ekriven nou yo, ak sanba nou yo.
Divès aspè sa yo se: kont yo, se pwovèb, se chante, se lodyans, relijon vodou an eksetera
Kont :
Lè nou pran kont yo, nou kab di yo te pèmèt esklav yo viv ak diyite, paske yo te konn sèvi ak fòm kominikasyon sa a nonsèlman pou yo rete konekte ak eritay kilti peyi kote yo te soti nan
kontinan afriken an, men tou pou yo te kite bon prensip pou pitit yo.
Krik !
Krak !
Piti piti plen kay?
Repons: lanp
Gen yon ekriven ki fè yon liv, li rele l Piti Piti Plen kay, 1987 (Se Serge Madhère). Ekspresyon Piti ptit plen kay la soti nan kont nou yo. Gen yon lòt ekriven ankò ki fè yon liv, li rele l Vwa
(2007). Tout chwa tit sa yo, se chwa ki pèmèt nou rete konekte ak eritay zansèt-yo. Mwen kwè otè yo chwazi kalite tit sa yo, pou yo demontre nou mesaj ki nan liv sa-yo, se mesaj pa nou. Se
mesaj ki pou konekte nou ak reyalite pa nou. Menm lè Raphaël Confiant kwè kont noumenm moun nwa ap tire nan Karayib la soti nan Lafrik Ginen. Daprè Jean Price-Mars nan Ainsi Parla
l’oncle epi Harold Courlander nan The Drum and the Hoe, pa vrèman genyen eleman nan kont nou yo ki soti patikilyèman nan eritay zansèt yo, paske tout eleman ki parèt nan kont nou yo
ekziste nan divès rejyon Lewòp oubyen nan peyi Lazi yo. Sepandan, depi nou di kont, nan sans tire kont, pou noumenm ki la a epi ki gen 50 an an montan yo, gen yon latriye imaj ki pase nan tèt
nou. Genyen menm vizyon kote nou te konn chita, ak ki moun nou te konn ye, kisa nou konn ap fè eksetera... eksetera. Kont yo gen yon aspè inivèsèl nan lavi divès pèp, espesyalman nan yon
epòk, kote televizyon pa te ko rantre nan konpetisyon ak abitid tire kont lan. Sa nou genyen ki patikilye nan kont nou genyen Ayiti yo, sèke yo se premye etap nan prensip rakontea nan lavi nou.
Se yon baz enpòtan nan devlopman mantal nou, ki relye nou ak zansèt nou yo depi sou bitasyon kote yo ta pe travay kòm esklav la pou yo rive nan espas, kote yo vin viv tankou moun lib.
Espas sa yo rele lakou, vilaj, vil eksetera a.
Kont yo se yon eleman sikosyal esansyèl nan devlopman moun 50 an an montan yo, paske yo mache ak anpil prensip moral pou pèmèt nou rete nan ladwati. Se poutèt sa, nan travay rechèch
literè nou anndan Sosyete Koukouy Kanada, nou jije li nesesè pou tabli non divès fòm tèks rakonte yo apati mo fondamantal kou kont epi istwa. Konsa, olye pou nou di le «récit», nou pito
di istwa. Olye pou nou di «La Nouvelle», nou pito istwakout. Olye pou nou di «fable», «histoire fantastique» nou pito di istwakont. Tout pwopozisyon « mo» nou fè pou kategori literè sa yo
chita sou eritay zansèt yo kite pou nou. Kit ou se mounn lavil oubyen moun andeyò, non nou chwazi pou divès kategori kreyasyon sa yo pa kab parèt biza pou ou, paske yo soti nan rasin ou,
ak nan fon nannan ekzistans ou. Si gen moun ki deside fè lafrans nan chwazi mo pou nonmen kategori tèks literè yo sa a se youn lòt koze. Se chwa yo epi nou respekte sa.
Se akoz eritay zansèt yo kite pou nou tou, ki lakòz pwofesè Maximilien Laroche kwè li ta pi natirèl pou nou sèvi ak mo lodyans nan plas mo woman an, ni pou istwa nou ap ekri an franse,
ni pou istwa nou ap ekri nan lang kreyòl la.
Alaverite, kontrèman ak sa Fequière Vilsaint ekri nan Who is Who in Haitian Diaspora, premye teyori ki parèt sou lodyans se Justin Lhérisson ki parèt avèk li. Men nan fè Lafrans nou pa
kontinye ale nan menm direksyon an. Kidonk, George Anglade vin rapousuiv ak teyori Justin Lhérisson an. Lè nan ane 1905 Justin Lhérisson te kreye istwa li yo, li te bay yo non Lodyans,
paske bivize li, se te lavi Ayisyen natifnatal nan sosyete Ayiti a. Nan lide pa mwen, si li te aji konsa, se te pou evite enfliyans antikite Grèk oubyen antikite women, ki te ap pase nan istwa
yo rele woman yo ; Konsa, li te vin pote yon nouvote sou fason ekriven nou yo te rakonte istwa anndan liv yo. La a tou, nou jwenn yon eritay ki soti nan men zansèt yo apre peryòd kolonyal la,
epi ki ap kontinye jounen jodi a sou sidi Moris Siksto, Koralen, Charlot Lucien, eksetera.
Nou konsidere lodyans tankou yon eritay ki parèt apre lakoloni, paske kondisyon pou bay lodyans yo pa te fouti posib nan youn sosyete eklavajis.
Yo tire kont lannuit epi yo bay lodyans lajounen, men koze tire kont lannuit senpman an, se yon reyalite peyi Lewòp tou daprè Dr. Jean Price-Mars. Sa ki pou nou nan aspè tire kont lan ki ap
kontinye toujou kòm eritay, se lè moun ki ap tande kont yo mande mèt kont lan konbyen kou epi pou li reponn youn oubyen twa kou depandan kantite kont li vle tire a. Dezyèm aspè ki
Ayisyen ankò nan tire kont, epi zansèt yo kite pou nou, se lè kont lan fini epi tirèd kont lan di :Se pase mwen ta pe pase, yo ban mwen yon ti koutpye, mwen vin tonbe la a.
Depi lè nou te konn pibliye Bilten Koukouy nan fen ane 1980 yo pou vin debouche sou kòmansman ane 1990 yo, nou te konn ap ensiste pou istwa Ayisyen ekri anba kategori woman yo, te pote
non kont, men li te deja twò ta pou nou, paske mo woman an te deja fin enstale nan reyalite lang kreyòl la epi nan abitid pale ayisyen lavil yo.
Kòm nou vle rete kole ak reyalite kiltirèl, ki konekte nou ak reyalite lavi zansèt-yo, Lè nou ap ekri istwakont nou kole de mo-yo, nou fè menm jan-an tou pou mo istwakout-la, nou kole li.
Rezon ki fè nou kole de mo sa yo, se paske nou vle ba yo youn lòt sans nan lanng kreyòl Ayiti-a.Nan liv li-a, ki rele Prensip Marasa (2004) (p.34), Pwofesè Maximilien limenm di kont-istwa epi
li kole de mo yo ak youn tirè. Eske gen vrèman youn youn diferans ant istwakont ak kont- istwa? Nou kontinye ap reflechi sou sa toujou, men nou konsyan nan lide Pwofesè Maximilien
Laroche, kont-istwa se kont ki pa gen ni chante, ni devinèt ladan yo. Nan lespri pa nou,istwakont, se tout istwa ki ekri nan liv, men ki pa pe janm kab tounen reyalite. Nan sans sa a nou
pa twò lwen apwòch Georges Sylvain an ki te deja rele «Fables Lafontaine-yo» kont. Nou kwè tou, se save Ayisyen yo ki kreye mo kou kont chante ak kont devinèt. Anfèt, nan grandi mwen,
depi nou di nou pral tire kont, te gen tout posiblite nou fenk site la yo. Pa te vrèman gen yon mo pou detèmine ki kalite kont nou pral tire. Men plis ane yo ap avanse, se plis moun ki ap ekri
sou kont yo vin wè nesesite pou diferansye kont yo apati mo kou devinèt (kont devinèt) epi chante (kont chante) epi Maximilien limenm pwopoze kont istwa, pou li presize, kont li
mansyone a se pa yon kont devinèt oubyen yon kont chante. Konsa, depi istwa a kab rantre nan chan aksyon ki posib, nou chwazi rele l istwakout. Epi lè istwa a rantre nan kategori
aksyon ki pa pe janm vin reyèl, nou rele li istwakont. Poudayè, Kiki Wainright deja ekri de liv li batize ak non de nouvo kategori sa yo.
Kont ak pwezi pa menm. Poutan, kont nou yo gen enfliyans yo sou pwezi nou yo. Tanto nou jwenn pwezi ki prete kadans kont yo, tanto yo prete kouplè nan kont yo, oubyen ankò yo imite
kouplè ki nan kèk kont ki trè popilè. Ekip sanba Sosyete Koukouy yo anndan Òganizasyon Mouvman kreyòl te deja kòmanse yon premye apwòch estetik nan travay pwezi yo ak kadans
kont chante nou yo. Nou ap jwenn modèl tèks sa yo nan youn liv ki rele Rechèch (1979)
Nan ane 1987 Serge Madhère vin suiv menm prensip la anndan tèks kou : Al limen zetwal yo (p.33) epi Lanmè Karayib (p.78)
Kounye a Chante nou te konn rele ti pyezoranj lan vin tounen L’oranger Magique anba plim Marie-Célie Agnant. Nou konn sa sa vle di? Sa vle di leson sajès nouyo travèse dlo, yo ap
anrichi literati ki ekri an franse nan peyi etranje, epi yo ap fè pitit mounn lòt peyi reve. Èske yo sèvi ak liv Marie-Célie Agnant an nan lekòl Ayiti ? Mwen pa konnen si yo sèvi ak liv sa a
Ayiti. Men madanm mwen sèvi ak liv sa a nan klas li.
Nan Rete Kote Lamèsi!! yon woman ak Jozafa Large, otè a prezante istwa a yon fason ki mete moun ki ap li istwa a nan yon anbyans kont. Nou dwe di tou, menm jan ak Marie-Célie
Agnant nan Tipye Zoranj, istwa Jozafa rete Lamèsi a se yon kont li transfòme epi fè li tounen yon woman.
Anfèt nan tout kilti gen yon relasyon ant chante ak pwezi epitou sa pa diferan nan literati Ayisyen ki ekri an kreyòl la. Nan sans sa a, Manno Ejèn sèvi nou agranlijèn nan Ekziltik. Daprè
pwofesè Maximilien Laroche nan Sémiologie des apparences, Manno Ejèn sèvi ak repetisyon tankou sa fèt nan chante yo. Kouplè pwezi li yo parèt menm jan ak kouplè chante. Maximilien
kontinye toujou pou li di : anndan tèks Manno Ejèn yo nou jwenn repetisyon son menm jan ak nan chante nou yo. Anfèt, nou gen lontan depi nan travay teyorik nou anndan Sosyete Koukouy
Kanada nou ap ankouraje powèt yo bati liypwezi yo suivan kantite silab nou jwenn nan chante popilè nou yo.
Sou menm woulib chante a nou jwenn anndan travay Sosyete Koukouy yon teknik ekri pwezi Jan Mapou rele fantezi. Nan teknik sa a se mo ki ap fè alevini, tankou nan yon chante Dòdòf
Legwo te konn chante : Ki bwa Bwa gayak Ki gayak gayak kòk Ki kòk chante. Moun ki metrize teknik fantezi a pi byen nan sosyete Koukouy se Kiki Wainrighe an n koute:
Bò kote pa li, Pwofesè Maximilien Laroche sèvi ak chante nou yo pou li eseye analize konpòtman Ayisyen. Li te chwazi Twa fèy Twa rasin epi de lòt ankò, Latibonit ak Ti Zandò, nan
liv li a ki rele Prensip Marasa (2004). Li pa te sèvi ak chante yo pou li chèche ritm ak kadans nan tèks pwezi non, li t ap eseye analize konpòtman noumenm Ayisyen apati chante sa yo epi li
te pwofite voye yon mesaj rezistans bay lektè a.
Pou nou kontinye ak chante yo toujou, nou kab di koneksyon ant pwezi ak chante a tanmen depi dyab te kaporal, epitou sa te toujou pase menm jan an nan mitan tout lòt pèp sou latè. Men
nan branch kreyòl literati Ayiti a, genyen yon kalite pwezi ki rele wongòl, kote otè a ka konbine plizyè grap pwezi ak chante ki nan lide li. Nan ane 1965, 1966 mesye òganizasyon
Mouvman kreyòl yo, ki te kreye Sosyete Koukouy te konn sèvi ak chante ki rele wongòl la. Men se pwent ekriven sa yo konn ap voye pwent bay leta. Nou va jwenn ekzanp ak definisyon pou
pwezi wongòl la anndan Istwa Pwezi kreyòl Ayiti (2000).
Genyen pwen ak pwent. Yo parèt nan ekspresyon kou chante pwen epi voye pwent. Pou mwen menm, si gen yon diferans ant pwen ak pwent se senpman youn parèt sou fòm chante (chante
pwen) epi lòt la pwent, parèt nan langay kouran kou : Voye pwent. Mwen di pa vrèman gen diferans, paske lè youn mounn voye yon pwent bay youn lòt mounn, lòt mounn ki alantou konn
reponn pou yo di : mèt pwen an ranmase pwen an. Anpil fwa mounn ki ap voye pwent lan, konn di ak elangans, mwen voye dlo, mwen pa mouye moun, men si ou santi ou mouye se avèk ou
m ap pale. Nan chante pwen yo tou se menmman parèyman. Sou Divalye radyo pa te fouti jwe yon chante ki te rele Machann chabon souple fè tibourik la bouke ranni. Men se menm jan an
tou, gouvènman an te genyen chante pwen pa li: Mwen te piti, men mwen sonje, depi papa mwen tande nan radyo : «Dife nan Kay-la» li di manman-m, Efemi, sa cho wi. Mwen dwe
ajoute ekip Divalye a te fò nan itilize chan kiltirèl natifnatal la pou yo fè politik. Yo te soti pou yo vòlè mo kou poto mitan, fiyètlalo eksetera. (Potomitan se fòs peristil la epi fiyètlalo se te
youn chante pou timounn.)
nan tradisyon pase mesaj nan yon anviwonnman kote lapawòl pa kab sikile libelibè. Lè nou sonje baboukèt kolon konn mete sou bouch zansèt nou yo pou youn pa kominike ak lòt, nou kab
konprann chante pwen ak voye pwent ta kab sèvi kòm youn fòm mawonaj pou soulaje soufrans epi pase mesaj rezistans.
Pwovèb:
Lòt eleman ankò zansèt-yo kite pou nou kòm eritay se pwovèb yo.
Pwovèb se konbinezon obsèvasyon makònen ak refleksyon ki vin tounen leson. Depandande ki moun ki ap obsève epi reflechi a nou pral jwenn divès kalite mesaj: mesaj seksis, mesaj dyanm,
mesaj tètansanm eksetera. Lè nou rantre nan pwovèb yo an pwofondè nou wè se chapant sosyete kote pwovèb yo soti a ki ap pase anndan yo. Dr Jean-Price Mars gen rezon di: Pwovèb se
moul ki gen pouvwa fòme karaktè yon pèp. Lè nou rantre anndan pwovèb yo ak lide travay bèbèl nan tèt nou, nou remake yo se yon sous natirèl kote ekriven yo ka branche lespri yo pou yo
dekore travay yo. Apwòch itilizasyon pwovèb yo anndan pwezi kreyòl la kòmanse depi nan ane 1960 yo ak ekriven Sosyete Koukouy yo toujou. Lè sa a mouvaman an te anndan Ayiti sèlgrenn.
Anfèt, nou remake, nou pa prèske jwenn pwovèb nan pwezi Moriso-Lewa, men rive nan ane 1960 yo, ane 1970 yo pou jouk jounen jodi a nou jwenn pwovèb agogo, ni nan pwezi, ni nan
woman kreyòl yo. Gen yon epòk pwovèb yo te konn pase tou kri, sa vle ekriven an pa te fè okenn travay sou pwovèb yo, men avèk Franketienne nou vin remake anndan Dezafi, anpil fraz
kote otè a transfòme pwovèb yo. Oubyen nou remake fraz ki bati sou fòm pwovèb. Pi pre nou la a nou genyen Nounous ki sèvi ak menm teknik lan nan youn seksyon nan liv lia, Pawoli
(2003). Li rele seksyon sa a : Pawoli (2), soti nan paj 36 rive nan paj 39. Genyen tou Eddy Garnier nan liv li ki rele (Ginen m an Chalkalis 1998) Pauris Jean-Baptiste sèvi nou pwovèb ak
gran lijèn nan woman kou Sogo nan kwazman granchemen (1979) ansanm ak nan lonbray inosans (1985), ki genyen pri Henri Deschamps nan ane a. Se menm jan an tou, nou swete
moun ki nan branch filozofi ka toujou sonde pwovèb yo pou triye verite inivèsèl ki kab nouri travay yo.
Gen otè Ayisyen ki gen abitid al chèche bèl fraz anba bouch ekriven Lewòp pou yo louvri chapit nan liv yo, nou rete kwè si yo chèche ak anpil antansyon, yo kab jwenn tout pwofondè panse yo
bezwen pou atire atansyon lektè yo anndan liv yo. Pami ekriven mwen konnen ki sèvi ak pwovèb kreyòl pou louvri chapit nan liv yo, mwen kab site Eddy Garnier, epi Michel-Ange Hyppolite nan
liv li a ki rele Zile Nou (1995).
RELIJYON VODOU AN
Depi nou ap pale sou eritay zansèt yo gen yon eleman kle nan kilti lakay la ki sèvi kòm baz. Se relijyon vodou an. Dans nou yo, tablo atis nou yo, ekriven nou yo, yo tout foure men
ki sèvi ak vodou an tout bon nan travay yo se moun ki ap ekri woman yo. Lè vodou an pa rantre dirèk-dirèk nan istwa a, ou jwenn aktè nan istwa a ki gen konesans fèy epi ki sèvi ak fèy
nan divès sikonstans nan lavi yo. Jeneralman moun ki vrèman konnen fason pou yo sèvi ak fèy nan milye Ayiti a se houngan ak manbo epi moun ki gen don pou geri moun. Nan woman
kreyòl ki ekri anvan ane 2000 yo, vodou an pase swa kòm eleman pou yo denigre, koupe voye jete (Sa se travay Carié Paultre), swa kòm yon fòs pou respekte. Men li pa sèvi kòm eleman
estetik. Sa vle di eleman pou mete bèbèl nan tèks yo. Sepandan, nan pwezi, anndan Sosyete Koukouy Kanada, nou itilize kèk aspè nan langay vodoun-an pou nou mete bèlte nan tèks-nou.
Epitou, genyen lòt ekriven menmlè yo pa koukouy ki sèvi ak apwòch estetik sa a tou. Tèm vodou yo vin sèvi yon teknik pou dekore tèks nou.
An n koute Kaptenn Koukourouj :
Ou kanpe lespri nou
Ou monte lespri nou
Ou nouri lespri nou (Zile Nou 1995)
An n koute Henri Robert Durrandisse :
Mwen anvi prepare youn beny avèk fèy twazòm fò. Badijonnen tout papòt lavni ak fèy atiyayo, fèy bazilik pou pwoteje devni nou kont tout medizans ak malfezans.
(Langay lanmou 2008)
Pi devan nou kab tande Keslè Brezo ki ap di nou :
Oumenm fanm
Bèlte lalin klè lan dekou minui
Zekla vèdilèn lakansyèl soule nan tèt sous
Deplòyman lonbray ou rale lòlòy lan vinèg (Parantèz,1988)
An n koute Manno Ejèn :
Nan bitasyon bawon
Nou selebre pawoli
Pwezi nou se lwa ginen
Lalwa masyal anvigè
Pawòl nou se gad pou nou pote
Koukourouj ...
Nan non lanmò
Nan non lèsen
N ap tann yo
Ayibobo
( Vwa Zandò 2007)
nan noumenm, nou dekouvri tou yon pwezi ki koule tankou mizik rasin lan. Henri-Robert Durandisse pwopoze pou nou ta rele kalite pwezi sa yo Pwezi Rasin. Nan chèche anndan tèks
pwezi kreyòl yo, nou jwenn plizyè atisplim ki ale nan sans pase mesaj pandan yo ap sèvi vodou an. Youn nan ekriven sa yo se Gérard Montès.
Konklizyon:
Lè nou fin tande relasyon ki ekziste ant travay ekriven nou yo ak divès branch nan oralti nou an tankou: Kont tout kalite, chante nou yo, pwovèb nou yo, relijon vodou an, nou kab di
transfè a fèt. Eritay zansèt nou yo pa pèdi. Yo rete prezan tèktègèdèk anndan liv ekriven nou yo. Kounye a vrè defi a, se renouvle eritay zansèt yo, remanbre l youn fason pou li rete vivan nan
mitannou vitam-etènam. Pou nou kenbe nivo estetik ki mache ak eritay zansèt yo nan travay nou, nou kab fè rankont travay, boukante zèv nou youn ak lòt, pataje eksperyans nou ak jenn
ekriven yo, oubyen moun ki pa ekri liv atizay-bèbèl, men ki ap fè rechèch ak eksperyans nan chan kiltirèl la. Nou vle di: mizisyen, istoryen, etnològ elatriye. Nou dwe fè alevini ant
eksperyans ki ap fèt Ayiti epi nan dyaspora a. Pataje kalite rechèch sa yo nan radyo, televizyon, jounal, sibè-espas, eksetera. Efò tout kalite sa yo, se manda ekriven Sosyete Koukouy yo bay
tèt yo. Anpil fwa gen mounn ki di nou yo pa tande bri Sosyete Koukouy sou teren an, nou toujou reponn yo nou plis konsantre sou yon travay rechèch. Prezantasyon jodi a se rezilta
travay nou pou nou kreye yon pwezi Ayisyen. Yon pwezi ki rete kole ak reyalite nou. Nou site non Sosyete Koukouy, men responsablite a se pa responsablite Koukouy yo sèl grenn. Se
responsablite ekip kreyòl Sant N A Rive a tou, se responsablite tout lòt gwoup ki nan domèn lakilti epi ki ap fè onè esans Ayisyen nou.
Nan vizyon nou anndan Sosyete Koukouy Kanada, se pa aktè kiltirèl senpman ki konsènen. Se tout manman ak papa pitit Ayisyen. Yo tout gen enterè transmèt eritay kiltirèl nou
bay pitit yo, pitit-pitit yo nan li istwa Ayisyen ekri an kreyòl pou yo. Genyen. Si nou chèche yo nou va jwenn liv ki ap rakonte istwa pou pou timoun anba plim Mod Heurtelou nan Educa
Vision. Nou va jwenn yo tou anba plim Jocelyne Trouillot nan Edisyon Inivèsite Karayib, genyen tou yon seri ki gen plis pase 30 istwa pou timounn nan SIDIKA.
Kounye a, depi nou rive fè yon bon travay nan pase eritay kiltirèl nou yo bay pitit nou, yomenm, ki fèt sou tè etranje, pral melanje tout sa nou resevwa yo ak sa yo aprann sou tè kote
yo fèt la, nou vle di Kanada, Etazini, Lafrans, peyi Afrik yo eksetera, pou yo ban nou youn lòt sentèz ki va toujou rete Ayisyen, men ki va ale pi lwen toujou pasefondas nou ap bay yo jounen
jodi a.
Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)
Otawa Kanada
Atik sa a te pibliye tou nan paj Ti Gout Pa Ti Gout jounal « Haiti en Marche » Vol. XXV
mwa septanm 2011