Gen yon pawòl ki pale kòmkidire kreyòl pa ka monte tab lasyans. Se pa vre. Se manti. Kreyòl pa gen limit. Se nou ki gen limit. Se nou ki bay kreyòl limit. Nan seksyon sa a, n ap prezante tout kalite tèks lasyans an kreyòl. N ap ba ou bon jan enfòmasyon baze sou lasyans pou ede w konprann sèten fenomèn natirèl epi pou ou pran bon jan desizyon ki afekte lavi w, lavi kominote w, lavi peyi w, lavi planèt la.
-
Pou nou konprann ki sa ki fè latè tranble, fò nou konprann ki jan latè fèt. Si nou gade anndan glòb terès la n ap wè gen 3 kouch prensipal: ...
-
Siklòn se gwo tanpèt ki leve nan lanmè tou pre ekwatè. Sezon siklòn tonbe ant mwa jen ak mwa novanm. Se apeprè sis tanpèt sèlman ki tounen siklòn chak ane. ...