PREMYE REZOLISYON
SOU ÒTOGRAF LANG KREYÒL AYISYEN
I- KONTÈKS
Nan mwa jen 2015, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) tanmen yon demach patenarya ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) sou baz misyon de enstitisyon yo ki kwaze sou kesyon politik lang, espesyalman nan sistèm edikatif ayisyen an. Konsa, nan dat 7 jiyè
2015, MENFP ak AKA fòmalize demach la avèk siyati yon Pwotokòl Akò ki tabli baz pou yo kolabore.
Depi nan refòm Minis Joseph C. Bernard (Refòm Bèna), enpòtans lang kreyòl la toujou prezan nan kèlkeswa refleksyon k ap fèt sou edikasyon nan peyi a. Se ak lespri refòm sa a MENFP ak AKA pran angajman pou yo travay men nan men pou yo amelyore kalite ansèyman nan peyi a.
Apre siyati Pwotokòl Akò a ant de enstitisyon yo, premye aksyon Akademi an antreprann se lansman estandadizasyon òtograf kreyòl la. Sa fè plis pase trannsenk (35) lane depi òtograf 1979 la ki te nan esperimantasyon pou 4 lane, ap tann rezilta.
Akademi Kreyòl Ayisyen an, nan tèt kole ak MENFP ak kolaborasyon Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) òganize sèt (7) jounen atelye ak reprezantan divès sektè nan popilasyon an ki ap travay sou lang kreyòl tankou: teknisyen nan MENFP, teknisyen nan Sekreteri Leta Alfabetizasyon, Pwofesè nan FLA, teknisyen nan Jounal Bon Nouvèl, ekriven, pwofesè ak direktè lekòl, pwofesè nan inivèsite a, pwofesè kreyòl, konseptè liv kreyòl, lengwis, tradiktè, editè, eksetera. Objektif atelye sa yo se te fè envantè difikilte nan itilizasyon sistèm nan, ranmase refleksyon sou yo epi analize yo
sou baz teyorik syantifik. Soti desanm 2015 rive me 2016, komisyon syantifik Akademi an te evalye pwopozisyon ki te soti nan atelye yo. Se nan Asanble Jeneral Akademi an, nan dat 3-5 jen 2016 la, Akademisyen yo te adopte dispozisyon sa yo.
II- KONSIDERASYON LEGAL
Dapre atik 35 Konstitisyon 1957 la ;
Dapre atik 35 Konstitisyon 1964 la ;
Dapre atik 35, atik 184 Konstitisyon 1971 amande a ;
Dapre atik 62 Konstitisyon 1983 a ;
Dapre atik 5, atik 24-3a, 40, 213, 215 ak atik 216 Konstitisyon 1987 la 26, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, AyitiTelefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0817-18 ; Imel: enfomasyon@akademikreyol.net
Paske gen Lwa 18 septanm 1979 la ki entwodui Kreyòl Ayisyen an kòm lang ansèyman epi kòm matyè nan ansèyman ;
Paske atik 3 menm Lwa 18 septanm 1979 la bay Depatman Edikayon Nayonal misyon pou li esperimante grafi ofisyèl la pandan kat (4) lane anvan adopsyon li si rezilta esperimantasyon an pozitif ;
Paske gen yon lèt sikilè Depatman Edikasyon Nasyonal mete deyò nan dat 31 janvye 1980 sou fason pou yo ekri Kreyòl Ayisyen an ;
Paske gen Lwa 7 avril 2014 ki kreye Akademi Kreyòl Ayisyen an epi atik 4, 5 ak atik 12b menm lwa sa a fikse misyon Akademi an ak travay li ;
Paske gen yon Pwotokòl Akò Akademi Kreyòl Ayisyen an siyen avèk Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl nan dat 8 jiyè 2015 ;
Pou tout rezon sa yo, Akademi Kreyòl Ayisyen antreprann etid ak analiz sistèm òtograf 1979-1980 k ap aplike nan peyia. Apre divès konsiltasyon ak diskisyon, Akademi an nan tèt kole ak Ministè Edikasyon Nasyonal
ak Fòmasyon Pwofesyonèl ak kolaborasyon Fakilte Lengwiatik Aplike pran nouvo dispozisyon sa yo ki nan dokiman sa a:
III- DISPOZISYON
Dispozisyon # 1 : Alfabè kreyòl la Akademi an rekondui alfabè 1979 la ki rekonèt lang kreyòl ayisyen an genyen trannde (32) son
(syans lengwistik rele son yo « fonèm »). Alfabè a reprezante son sa yo avèk 32 senbòl kote chak
senbòl reprezante yon fonèm (syans lengwistik rele senbòl sa yo « grafèm »). Pami 32 grafèm sa
yo, genyen ki fèt ak yon (1) grenn lèt 1 oubyen yon (1) graf, genyen ki fèt ak de (2) lèt (lengwis yo
rele grafèm sa yo « digraf ») epi gen youn ki fèt ak twa (3) lèt (lengwis yo rele li « trigraf »).
Men grafèm ki reprezante son yo :
a , an , b , ch , d , e , è , en , f , g , h , i , j , k , l , m , n , ng , o , ò , on , ou , oun , p , r ,
s , t , ui , v , w , y , z.
Trannde (32) grafèm yo divize an 3 kategori: vwayèl, konsòn, demi vwayèl
1 Sou non lèt yo, Akademi an ap tann esperimantasyon divès pwopozisyon ki fèt, anvan pou li fikse pozisyon li.
3
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0817-18 ; Imel: enfomasyon@akademikreyol.net
1.1. Kategori vwayèl :
1.1.1. Vwayèl oral (son sa yo sòti nan bouch sèlman)
a : ale, naje, matla
e: elèv, plezi, melanje
è : èd, malèt, oslè
i : imite, limit, peyi
o : ochan, solèy, rido
ò : ògàn, pòt, gadò
ou : ouvriye, goud, kalalou
ui : (Vwayèl espesyal) uit, kuit, pwodui
1.1.2. Vwayèl nazal (son sa yo pase nan bouch ak nan nen)
an : anvayi, manje, ban
en : enfimyè, pentad, lapen
on : onz, ponp, pantalon
oun : oungan, mazounbèl, kanndjanhoun
1.2. Kategori konsòn :
1.2.1. Konsòn oral:
b : bak, anbake, kapab
ch: chat, rache, wòch
d : dodin, radote, pèd
f : fèmen, lafanmi, chèf
g : gato, ragou, bag
h : hap, hihan, enhen
j : jako, aji, garaj
k : kaye, rekòlte, kòk
l : limyè, aliyen, pil
p : pale, rapòte, tap
r : rakonte, arete, sèr (nan Nò)
s : sak, resi, rès
t : tas, retay, dèt
v : valiz, revòlte, rèv
z : zanmi, razwa, wòz
4
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0817-18 ; Imel: enfomasyon@akademikreyol.net
1.2.2. Konsòn nazal:
m : matla, remèd, lam
n : nap, analiz, pàn
ng : ling, touhing, hinghang
1.3. Kategori demi vwayèl/demi konsòn :
w : wa, wowoli, kaw
y : yanm, ayewopò, kay
Dispozisyon #2 : Fòm long ak fòm kout
i) Gen mo nan lang nan ki gen 2 fòm, yo ka parèt swa sou yon fòm long, swa sou yon fòm
kout.
Egzanp:
- Nan pwonon ak detèminan:
(1) (Mwen ak M) : mwen vini / m vini.
(2) (Ou ak W) : ou annik monte eskalye a/ w annik monte eskalye a.
(3) (Li ak L) : li antre / l antre.
(4) (Nou ak N) : nou ap travay / N ap travay.
(5) (Yo ak Y) : yo ap travay di / y ap travay di.
(6) (Ki ak K) : moun ki ap pale a / moun k ap pale.
- Nan kèk vèb :
(7) (Konnen ak Konn) : li konnen leson an / li konn leson an.
(8) (Vini ak Vin) : li vini ak tout founiti / li vin ak tout founiti.
(9) (Ale ak al) : (li ale Jakmèl / li al Jakmèl)
(10) Gen lòt vèb ankò tankou: genyen, gade, soti, eksetera.
ii) Mo « w » (fòm kout) toujou mande pou li gen yon vwayèl nan vwazinaj li (swa devan, swa
dèyè), kit se nan kòmansman yon bout fraz, kit se nan mitan 2 mo. Depi kondisyon sa yo pa
reyini, se fòm long nan « ou » ki sèvi.
Egzanp :
(11) Chemiz ou pran an.
(12) Ou manje manje a.
(13) Pitit ou fè dèt sou tèt ou.
5
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0817-18 ; Imel: enfomasyon@akademikreyol.net
iii) Gen kote « w » pa kapab ranplase « ou » paske yo pa remèt menm sans, yo p ap jwe menm
fonksyon.
Egzanp :
(14) Se pa w (ki vle di : se pou ou).
(15) Se pa ou (ki vle di : se pa ou menm).
Dispozisyon #3: Apostwòf - tirè
3.1. Apostwòf:
Li pa nesesè pou nou sèvi ni ak apostwòf ni ak tirè pou nou kole yon mo ak yon lòt mo.
Lè mo tankou « mwen, ou, li, nou, yo » parèt sou fòm kout (m, w, l, n, y), nou pa dwe kole yo ni ak
mo ki vini anvan yo a, ni ak mo ki vini apre yo a. Annik kite yon espas pou nou separe yo ak lòt mo.
Egzanp :
(16) M ap vini.
(17) N ap dòmi.
(18) Y ap pran l.
(19) Se rad pa m
(20) Al pran liv pa w.
(21) Anita frape pye l.
(22) Bra n pran nan moulen.
N.B. Se menm konsiderasyon an pou tout fòm kout ki nan sitiyasyon sa a.
3.2. Tirè :
Nou kapab sèvi ak tirè pou nou separe yon mo nan finisman yon liy, epi lè n ap separe pawòl diferan
pèsonaj nan yon dyalòg. Nou kapab itilize li pou nou make yon dire, yon entèval oubyen pou nou
òdone yon lis.
Egzanp:
(23) 9è – 10è ;
(24) 2010 – 2015 ;
(25) paj 22 – 26.
(26) 1-a, 1-an, 1-b, eksetera
Dispozisyon #4 : Òtograf non moun
Non moun yo fèt pou yo ekri yo jan yo ye nan dokiman legal ak dokiman administratif yo. Pou
fasilite pwononsyasyon non yo, y ap ekri yo ant parantèz, nan òtograf kreyòl la.
(27) Paul Magloire (Pòl Maglwa) se yon ansyen prezidan Ayiti.
Dispozisyon #5 : Non pwòp vil yo ak non ri yo
Yo dwe ekri non vil ayisyen yo nan 2 lang ofisyèl peyi a (kreyòl ak franse), annatandan yon
amenajman lengwistik. Si non vil, non lokalite ak non ri yo poko egziste an kreyòl, n ap ekri yo nan
òtograf orijinal yo epi nou mete òtograf kreyòl la ant parantèz.
Egzanp :
6
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0817-18 ; Imel: enfomasyon@akademikreyol.net
(28) Avni John Brown (Djonn Brawonn
Dispozisyon #6: Jan pou nou itilize grafèm ‘‘r’’ oubyen ‘‘w’’
6.1. Devan vwayèl won
Devan vwayèl won (o, ò, on, ou) nan yon mo, se « w » pou nou itilize, « r » pa parèt.
Egzanp :
(29) Wobè, wobo, wòch, wòwòt, pewon, wont, wout.
6.2. ‘‘r’’ ak ‘‘w’’
‘‘r’’ ak ‘‘w’’ pa janm mache kole nan yon mo.
Dispozisyon #7: Aksan
7.1. Aksan grav
Sistèm òtograf kreyòl ayisyen an sèvi ak yon sèl aksan, aksan grav. Yo konn rele li aksan fòs. Aksan
grav la gen 2 fonksyon :
i) Li sèvi pou li fè diferans ant 2 grafèm : e ak è ; o ak ò
Egzanp:
(30) « e » epi « è » : ou pe bouch ou, ou pè pale;
(31) « o » epi « ò » : Wozita achte yon lo mango, Ànya achte yon chenn lò
ii) Li anpeche yo konfonn grafèm “a” devan “n” ak grafèm “an”. Sa vle di li anpeche nou
pwononse ‘‘an’’ [ã] nan plas “a-n” [an] ki reprezante 2 grafèm.
Egzanp:
(32) « an » epi « àn » : Pan mi an tonbe, oto a an pàn ;
7.2. Aksan sou majiskil
Toujou mete aksan sou lèt majiskil, lè son an mande l.
Egzanp:
(33) Àn Katrin, KREYÒL,
7
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0817-18 ; Imel: enfomasyon@akademikreyol.net
Dispozisyon # 8:
Lang kreyòl la itilize tout senbòl entènasyonal ansanm ak tout lèt ki sòti nan lòt sistèm alfabetik ki
sèvi nan domèn syantifik. Egzanp : δ (dèlta), λ (lanmda), C, Q, U, X, eks.
Dispozisyon #9 : Non diferan siy ponktyasyon
. = > pwen
: = > 2 pwen
, = > vigil
; = > pwen vigil
? = > pwen entèwogasyon
! = > pwen esklamasyon
« » = > gimè
( ) = > parantèz
… => pwen sispansyon
Akademi an ap genyen pou li prezante yon dokiman detaye sou non yon seri siy espesyal ak fason
pou yo itilize yo nan diferan domèn.
N.B : Akademi an ap genyen pou li pibliye lòt rezolisyon sou òtograf ki makonnen ak gramè lang
kreyòl la.
Pòtoprens, 1 e jen 2017
........................................................ ........................................................ .......................................
Jean Pauris JEAN-BAPTISTE Marie Rodny Laurent ESTEUS Adeline M. CHANCY
Prezidan Konsèy Administrasyon Vis Prezidan Konsèy Administrasyon Manm Konsèy Administrasyon
Akademi Kreyòl Ayisyen Akademi Kreyòl Ayisyen Akademi Kreyòl Ayisyen
................................................... ..................................................... ...........................................
Gérard Marie TARDIEU Gegory CALIXTE Jocelyne TROUILLOT LEVY
Manm Konsèy Administrasyon Komisyon Kominikasyon Komisyon Edikasyon
............................................. ............................................. .............................................
Marky JEAN-PIERRE Clotaire SAINT-NATUS Michel Frantz GRANDOIT
Komisyon Syantifik Komisyon Kominikasyon Komisyon Kominikasyon