Sodo: yon sous richès vyèj!

BON NOUVÈL

No. 472 - Jiyè-Out 2010

Konnen peyi w

Sodo: yon sous richès vyèj!

Nan yon moman kote Pòtoprens ak zanviwon l yo af fè fas ak gwo difikilte katastwòf 12 janvye a kite dèyè l, melanje ak lamizè san bout, nan zantray peyi a, espesyalman nan Sodo, gen richès ki, si yo ta esplwate yo ta pèmèt moun rale yon souf nan vil la.

Vil Sodo sitiye nan depatman Plato Santral, nan yon distans 65 kilomèt parapò ak kapital la, Pòtoprens. Sodo gen bon non l "Vil Bonè". Se yon zòn kote katolik yo renmen fè pelerinaj anpil. Abitan yo rele l "Vil Bonè" paske selon sa popilasyon an kwè, Vyèj Mon Kamèl ki se yon sen katolik te desann nan zòn nan. Sa ki fè l resevwa anpil vizitè chak ane, plis pase yon milyon selon chif majistra komin nan, Loran Kenòl Dezè (Laurent Kénold Desert) fè konnen.

Men sa ki mete komin Sodo nan domèn lakilti, pran yon dimansyon siperyè konpare ak anpil lòt, se sitou tradisyon li ak tout mistè ki kache dèyè l. Pa egzanp anpil katolik kwè, So a k ap jayi yon dlo 24è sou 24 nan yon wotè 118 mèt, kapab geri anpil maladi. Se poutèt sa, fèt patwonal Sodo (Mon Kamèl), yo selebre chak 16 jiyè, gen de (2) aspè: youn relijye, lòt la mistik.

Chak ane, se plizyè milye moun ki soti toupatou nan peyi a, ak nan dyaspora a ki vin patisipe nan fèt patwonal la. Nan moman sa a, moun fè tout priyè: gen fidèl ki vini pou yon kay, yon viza, yon madanm, yon mari, yon pitit elatriye.

Men se pa tout. Anplis sous ki geri maladi ak dlo mistik, nou jwenn nan komin nan kaskad, yon gwòt, (Gwòt Doko), vestij kay Kont Desten (compte D'es­taing) yon ansyen fonksyonè fransè ki t ap dirije Sen Domeng nan tan lesklavaj. Nou konte antou 5 zòn pelerinaj: Sen Jan, Kaskad, Imakile, Kalvè, Pal.

Fich teknik vil la

Sodo fonde an 1848. Nan ane 1926, vil la vin gen grad komin. Li chita sou yon sipèfisi 178,83 kilomèt kare. Se antou 4800 kretyen k ap viv nan kwen tè sa a selon estimasyon majistra prensipal la, Kenòl Dezè. Nou jwenn 4 seksyon kominal: Rivyè Kano, Koup Madigra, La Sèl ak Montay Tèrib.

Se nan tèt seksyon kominal Montay Tèrib, chit dlo ki bay vil la non Sodo a chita. Pi gwo difikilte a rete wout yo ki an movèz eta. Komin nan gen yon simityè ki anndan vil la. Men chak seksyon kominal yo gen pa yo tou. Gen dlo an abondans nan komin Sodo. Fòk nou di tou vil la gen anpil pyebwa ki fè bèlte li ak frechè li.

Òganizasyon vil la

Tankou tout komin, gen yon konsèy administrasyon k ap di­rije Sodo. Anplis lameri, nou jwenn yon komisarya polis ki gen 5 polisye san ekipman, yon batiman ki gen ladan l yon tri­binal pou lapè, yon biwo etasivil kote moun al fè batistè, ak yon sant sante: yon sant ko­minotè Sodo ki prèske pa gen materyèl.

Nan Sodo, pa prèske gen lwazi. Sèlman de otèl: "Notre Dam" ak "Le Peleren" akeyi vizitè k al fè touris nan zòn nan. Gen tou 2 disko k ap bay animasyon mizik lèswa.

Gen yon sant sante kominotè, ak 4 kaptaj dlo ak 2 sous, men kòm pa gen netwayaj ki fèt, kaptaj yo vin kraze. Nan kèk lokalite nan Sodo, se flèv Latibonit ki awoze jaden peyizan yo.

Nan Sodo, pwodui agrikòl yo varye. Abitan yo rekòlte mayi, pitimi, diri, kann, pwa, patat, legim, pwa kongo ak anpil mango fransik. Pa prèske gen bon wout. Gen yon pwojè devlopman kominotè sosyete sivil la fèk lanse nan 3 komin nan depatman Sant la, pami yo Sodo. Majistra Kenòl Dezè espere jou devlopman louvri pou vil la.

Nan Sodo, gen yon konpayi telefòn mobil: digisèl ki kouvri sèlman 2 seksyon kominal, ak 2 koperativ: Fonkoze ak Esko Senntè. Men pa gen bank komèsyal ni prive, ni piblik. Yon sèl magazen pèmèt sitwayen yo achte sa yo bezwen.

Kilti ak lwazi

Plizyè lekòl primè ak segondè pèmèt pitit Sodo jwenn pen ledikasyon. Nan nivo primè, nou konte 2 lekòl leta nan komin nan: lekòl nasyonal pou gason ak lekòl Notredam "Mon Kamèl" ki se primè, ak Lise Benwa Batravil ki rive nan reto. 48 lòt lekòl ap founi ledikasyon timoun yo. Men n ap souliye pami tout sant eskolè sa yo, pa gen youn ki rive nan filo.

Apre reto, yon elèv Sodo gen dwa ale swa Mibalè, swa Pòtoprens pou al kontinye etid li. Nan majorite ka kote yon paran pa ka reponn ekzijans sa yo, lekòl tou fini pou timoun sa.

Youn nan pi gwo pwoblèm Sodo se wout yo ki pa fin yès. Nan peryòd lapli, abitan yo gen gwo difikilte pou deplase. Yon lòt kote, vil la ap fè fas ak gwo pwoblèm blakawout. Se sèlman 4 è kouran vil la genyen. Sa ki pa ede ti biznis yo devlope, tankou disko, restoran, klèb mizik elatriye. Sa pa anpeche nou jwenn 2 disko ki bay yon ti animasyon nan vil la ak yon gagè ki pèmèt batayè kòk al pran ti plezi yo.

Selon plizyè abitan, an jeneral, lavi a toujou kal nan komin Sodo. Se sèlman nan mwa jiyè ak dawout, lè gen aktivite fèt patwonal li anime. Se plizyè milye Ayisyen k ap viv nan peyi a ak nan dyaspora ki toujou debake nan vil la nan peryòd sa yo.

Nan komin Sodo gen 3 estasyon radyo: radyo Monkamèl, radyo Mag Orizon FM, ak radyo Transparans FM. Pa gen tele­vizyon, ni magazin oubyen jounal ekri.

Sodolè yo ki plase anpil lespwa sou pwojè devlopman sosyete sivil la inisye ak 3 komin nan depatman sant la, nan mitan mwa jiyè a, ap tann pou zotobre yo mete kouran elektrik nan zòn nan, konstui yon lise pou pitit vil la ka fini etid yo san yo pa deplase al lòt kote, epi mete sant pwofesyonèl...

Stop with solid fill

Ladensonn Flerival

 

Kite yon repons