Siklòn se gwo tanpèt ki leve nan lanmè tou pre ekwatè. Sezon siklòn tonbe ant mwa jen ak mwa novanm. Se apeprè sis tanpèt sèlman ki tounen siklòn chak ane. Pou gen siklòn, fòk tanperati dlo lanmè a cho (27° C omwens). Dlo cho sa a evapore epi vapè a monte anlè byen vit. Lè li refwadi, li lakoz gwo van k ap vire tankou toubiyon ak anpil lapli. Van sa yo vire tankou egwi yon mont k ap vire alanvè.

Se nan sant siklòn lan je siklòn nan ye. Se yon zòn kote presyon atmosferik la ba (li ant 900 miliba ak 950 miliba), pa gen gwo van, gen dwa menm gen solèy. Tanperati a kapab genyen ant 8° C ak 10° C anplis nan je siklòn lan pase nan rès kò li. Gen yen yon gwo kouch nyaj toutotou je siklòn nan. Se la van an soufle pi fò e se la tou lapli tonbe pi dri. Van sa yo ki kapab genyen yon vitès ant 112 kilomèt ak 320 kilomèt a lè brase lanmè a ak anpil fòs. Lè kon sa, lanm lanmè yo monte men wotè.

Yo klase siklòn an senk kategori selon fòs yo, dimansyon yo ak vitès van an. Se siklòn premye kategori yo ki pi fèb. Yo lakòz mwens dega. Lè y ap pase yon kote, vitès van an gendwa ant 117 kilomèt ak 153 kilomèt a lè. Siklòn senkyem kategori yo menm se tèt chaje. Se yo ki fè plis ravaj. Lè yon siklòn senkyèm kategori ap pase, vitès van an depase 249 kilomèt a lè. Siklòn Andwou ki te pase Florid jou ki te 24 out 1992 te yon siklòn senkyèm kategori. Lè yo te mezire vitès van ki t ap vante pandan siklòn lan, yo te wè li depase 300 kilomèt a lè. Se youn nan pi gwo siklòn ki te pase oz Etazini.

Men ki jan lari Okay te ye apre siklòn Matye, yon siklòn kategori 4 ki te pase nan Sid peyi d Ayiti, 4 Oktòb 2016.

Lè siklòn rive atè, yo lakoz lanm lanmè monte disèt wotè. Fenomèn sa a mete ak gwo lapli  konn bay  inondasyon. Siklòn konn fè gwo dega.  Van an rache anpil pyebwa, dlo desann.  Tèt kay vole ale, kay kraze, pon tonbe, larivyè pote jaden ak bèt ale. Moun mouri. Yon siklòn kapab kouvri plizyè santèn milye kilomèt kare. Anpil fwa tou, se nan fè ravaj siklòn pèdi fòs. Lè yo kontre kay,  pyebwa, mòn sou wout yo yo pèdi fòs.

Yo bay siklòn menm non ak non moun. Lontan, se non fi sèlman yo te konn bay siklòn. Se an 1979 yo kòmanse bay siklòn non ni fi ni gason. Youn nan siklòn ki te fè plis ravaj ann Ayiti se te siklòn Flora an 1963. Li te touye 5,000 moun.  Plis pase 100,000 moun te pèdi kay yo nan siklòn lan. Lòt siklòn ki te fè anpil dega ann Ayiti se siklòn Azèl (1954), siklòn Inès (1966), siklòn Alenn (1980), siklòn Gòdonn (1995). Siklòn se youn nan fenomèn natirèl ki fè anpil destriksyon.