Si ou bezwen wè longè manti machòkèt, founi l chabon.
Anpil fwa, nan pale ak on moun, on pwovèb konn tonbe, ou konprann sa l vle di, men ou pa rekonèt li ni an pent ni an penti. Ou rive konprann pwovèb la paske kontèks pawòl la ba ou sans li: sa k te di anvan kontre ak sa k vin di apre pèmèt ou wè klè ki sa moun lan vle di. Men sa pa vle di tèt ou pa kontinye ap travay sou pwovèb la.
“Si ou bezwen wè longè manti machòkèt, founi l chabon”, se youn nan pwovèb m mete nan kategori sa a. Li pa nan esperyans leve-jwenn mwen; se nan granmoun mwen m premye tande l. Kontèks la pa t twò konplike pou on natifnatal. Nan pale de Jan ki te dwe l on kòb, ki t ap vire l tounen l, di li gen Anri ki gen pou l fè on woulman avèk li, Pyè di li rankontre Anri ki di li woulman sa a fèt lontan deja… Kidonk Pyè vin konprann Jan t ap woule l. Sa l fè, li jwenn on mwayen li mennen Jan kay Anri… Epi, Jan tonbe ap depale… Se nan konsa Pyè lage pwovèb la: “Si ou bezwen wè longè manti machòkèt, founi l chabon.”
Pou nou rive nan sans global pwovèb la, an n kòmanse ak mo, ak rapò ant mo yo. Ki rapò ki genyen ant machòkèt ak chabon? Epi tou, ki sa on machòkèt ye? Pwovèb la konekte machòkèt ak bay manti: èske fò nou konprann on machòkèt se on kategori moun ki (konn) bay manti? Founi machòkèt la chabon an ta vin sèvi kòm on zouti pou mezire nivo bay manti li…
Malgre nou pa rankontre fòm “founi on moun on bagay” nan pratik lang lan, nou rive konprann sans lan se “bay on moun on bagay”… nan lide pou l vin gen ase, pou l vin gen anpil, tankou lè yo pale de on “tèt (ki) founi”, ki gen anpil cheve, pa egzanp, on timoun ki te fèt ak tèt li bòl, epi ak bon kou swen, bon pomad, bon men ki penyen tèt la, cheve yo vini, tèt la vin founi… Nou ka pran egzanp tou “fèt e founi”, byen prepare, ki gen tout afè l, tout founiti l ladan l.
Nou rankontre ak mo ‘machòkèt’ la nan on lòt pwovèb: “Si fè pa t koupe fè, machòkèt pa ta viv”. Èske se “menm” mo a toutbon vre? Nou konnen moun travay yo se ‘fè fè koupe fè’, moun ki pa t ap rive fè kòb manje yo si fè pa t kapab koupe fè, si pa t gen feray, se bòs ki fè fewónri, k ap voye kout biren (ki fèt an fè) pou yo koupe feray, bòs tankou recholye, fèblantye, bòs ki fè kouto, epitou bòs fòjon…
Anpil moun konekte machòkèt ak fòjon, konmkwa bòs machòkèt = bòs fòjon. Men sans sa a pa sanble li la toujou jounen jodi a. Bòs tayè, bòs ebenis, bòs mekanisyen, bòs kòdónye, pa egzanp, ka mete ekrito devan biznis yo ki di yo se tayè, ebenis, mekanisyen, kòdónye… On bòs fòjon pa p mete ekrito ki di li se machòkèt: l ap di se fòjon l ye. Se lòt moun k ap lonje dwèt sou bòs fòjon an di se “on bòs machòkèt” li ye. Pou rezon nou pa konnen, nan on moman nou pa ka idantifye tou, machòkèt vin gen sans “bòs ki pa konpetan nan sa y ap fè a” (Se on machòkèt ki fè baryè sa a, baryè miwomiba ki pa ka fèmen sa a!). Kidonk, machòkèt la, se ta tout bòs, nan nenpòt ki branch, ki pa ta maton ase pou yo renmèt kliyan an on travay kòrèk, on travay ki gen nen nan figi l… On bòs machòkèt pa ta on bòs toutbon, se ta on fo bòs. Nou ka konprann nan sans sa a, bòs machòkèt mache kase ponyèt moun pou yo pran lajan nan men yo; epi, apre sa, yo woule kliyan an anba manti. Ou menm kòm kliyan, pou ou ka wè longè manti machòkèt la, ou sètoblije ap founi l chabon! Ala chabon ou a gaspiye!
Pou nou tounen sou pwovèb ki mennen nou nan refleksyon jodi a, nou ka konprann “se Jan ki machòkèt la”, piske se li menm k ap bay manti a. Men nan ki sans pou n konprann “founi l chabon” an? Ki sa Pyè fè pou l founi Jan-machòkèt chabon? Li mennen Jan al fè on sis je kontre kay Anri: prezans Anri devan Jan se chabon ki kapab kwape manti Jan t ap bay la…