SI NOU PA KANPE

 

Si nou pa chita sou menm bit

Nou pa ka wè laplèn menm jan

Si nou pa chita sou menm tèt mòn

Nou pa ka wè degenn lakansyèl sou menm kadans

Si nou pa p gade lorizon nan menm linèt

Nou pa ka wè tolalito lalin sou menm woulib

Si nou pa kanpe menm bò menm kote

Nou pa ka wè laviwonndede larenn solèy sou menm konpa

Si nou pa p gade nan menm miwa nan menm pozisyon

Nou pa ka wè menm imaj

Si nou pa p brase menm chodyè

Nou pa ka pran menm sant

Si nou pa p separe menm manje

Nou pa ka pran menm gou sou pwent lang nou

Si nou pa tande menm son menm kout tanbou menm mizik

Nou pa ka danse menm jan ni sou menm rit ni sou menm pye

Depi nou kontinye mache gaye ak vye jès depaman

Nan rapousuiv lonbray lafimen

K ap fè valeryann mi wo mi ba tribò babò

Nou pa pral okenn kote.

Tèks: Franketienne

Vwa: Billy Midy/Bili Midi ak Schneider Laurent/Chnaydè Loran

Kite yon repons