ads-img

Sèl se yon jounal ki te parèt chak mwa nan Nouyòk. Pè Ayisyen yo (Antoine Adrien, William Smarth, Jean-Yves Urfié, Emile Jacquot) te kòmanse pibliye jounal la nan ane 1970 yo. Okòmansman, yo te pibliye li an Franse, ak kèk atik an Kreyòl.  Annapre, jounal la te parèt an Kreyòl nèt.  Nan on premye tan, atik an Kreyòl yo te nan òtograf Preswa a.  Lè te vin gen òtograf ofisyèl an 1980, tout atik yo te pibliye nan jounal la te nan nouvo òtograf la. Yo te rele Sèl “jounal Ayisyen aletranje” men Pè Ayisyen yo te konnen sa k  pase ann Ayiti genyen gwo konsekans sou lavi Ayisyen toupatou nan lemonn. Se poutèt sa,  yo te goumen pou sitiyasyon Ayiti chanje pou Ayisyen kapab rete viv lakay yo. Jounal la te konn gen atik sou istwa, politik, kilti, edikasyon ak lòt sijè ki enterese tout Ayisyen.

 

Sèl

Sèl