Seksyon kominal Hatgranmon

BON NOUVÈL

23èm Ane - No. 244 - Avril 1989

Seksyon kominal Hatgranmon

Depi kèk tan jounal Bon Nouvèl ap chache fè fanatik li yo dekouvri seksyon kominal yo ak tout pwoblèm y ap kontre. Fwa sa a, se nan Hatgranmon nou te fè yon kout pye. Pran tan w pou fè yon bon lekti, epi reflechi sou ki kalite mizè k ap ravaje peyi a.

Hatgranmon se youn nan pakèt seksyon ko­minal pòv ki gen nan peyi a. Se anba lobedyans komin Machan Desalin li ye. Pou w antre nan seksyon sa a, fòk ou pase nan "Mache Lestè" si w soti nan direksyon Pòtoprens. Apre yon ti woule sou distans 2 kilomèt, w ap wè yon ti afich ki make: Machan Desalin, se la w ap vire sou bò dwat. Se nan yon wout kraze w ap vwayaje, pousyè ki gen sou wout la prèt pou toufe yon gwo towo bèf. Apre wout nasyonal la, se nan plenn mapou ou chavire. Nan plenn sa a, se koton ak pitimi peyizan yo plante. Dapre sa yon peyizan te montre nou, gen yon òganis ki te fouye plizyè pi-atezyen nan plenn sa a, men otorite yo te fè fèmen yo. Petèt se pou moun yo kab toujou kontinye plante koton, paske koton pa mande awozay epi fòk leta ta asepte mete kouran elektrik Dwèt la pou moun yo ponpe dlo.

Vwayaj la...

Apre 30 minit peripesi, machin nan ap debake w nan lokalite Hatgranmon. Nou asire w, si w ta vle vwayaje alèz, se pou pran yon machin prive obyen fè wout la apye. Gen 10 ti bis ak pikòp (ti machin dekouvri) ki fè wout la, pasaje yo pil sou pil, sa ki pi brave-danje yo asepte moute anlè, mal­gre tout machin yo pa pi anfòm pase sa. Si w bezwen chofè endisipline, al nan zòn sa yo.

Kisa ki gen nan Hatgranmon

Lè w soti nan direksyon wout nasyonal la, premye bagay enpòtan ou wè, se yon basen dlo. Dlo sa a soti anba yon ti bit mòn, li vin parèt nan yon ti bafon. Se sèl kote moun nan zòn nan ta jwenn posiblite pran yon dlo pwòp pou sèvis pèsonèl yo. Malerezman, se nan sous sa a, bèt bwè dlo, gason ak fanm benyen.

Dapre enfòmasyon nou te jwenn, sous sa a t a pral gen yon bèl enstalasyon ladan, sanble t ap gen douch pou moun benyen, paske nou wè ensta­lasyon yo. T a pral gen yon kote espesyal pou moun lave rad. Men tout sa se te pwojè, paske yon gwo tonton makout ki te rele Parenn te vòlò tout materyèl ki te la pou fè enstalasyon yo: ponp, tiyo, fè, eks.

Se depi lontan moun yo ap soufri nan sitiyasyon malokipe sa a, malgre te gen yon "depite" ki te pase prèske 25 lane nan zòn nan. Bank mondyal te dispoze yon bon mago pou bati yon ko­kennchenn lekòl. Erèzman anvan lajan sa yo te fè wout kwochi, zòn sa a gentan benefisye yon gwo kay lekòl menm si lekòl sa a pa mache jan abitan yo ta vle sa fèt...

Gen yon ti jaden-danfan (SINEK) nan lekòl sa a, gen yon seksyon primè ki soti nan premyè ane rive nan 6yèm ane. Men gen yon pwoblèm ki toujou ap ting-ting lespri moun yo se zafè timoun ki gen pou kite lekòl refòm nan pou pase nan klas segondè tradisyonèl.

Moun nan zòn nan pa renmen pwojè refòm nan, paske yo pa enfòme, yo pa jwenn motivasyon. Pou montre w kijan moun sa yo gen yon ti kras bòn volonte pou zafè lekòl, nan epòk dechoukaj 1985-1986 yo, pèsonn pa t leve men sou lekòl la. Si gen bagay ki disparèt, pa al chache lwen, moun yo pa reskonsab, al bay tchèk lòt kote... Sèl pwoblèm yo se enfòmasyon yo pa jwenn sou kozman refòm nan. Poutan, sou rejim Divalye yo, depite a ak lòt chèf konn voye gwo kamyon vin chache yo pou al nan miting pou ansyen prezidan avi Ayiti a.

Lè moun yo te wè bagay la dwòl, dapre sa yo rakonte nou, yo deside mete pitit yo nan ti lekòl potestan ki gen nan zòn nan. Lò timoun yo yon ti jan avanse, yo voye yo nan vil Gonayiv.

Agrikilti

Nan Hatgranmon, moun yo gen 2 chans, se oubyen yo moute gwo mòn do kale a pou al plante mayi, pitimi, pwa nèg, oubyen y al plante gonbo, diri nan lagon. Men malerezman: "Bondye pini chen li ba l vè nan mitan tèt". Mòn yo fin debwaze, zo do yo fin dekale. Ti fachin bwa ki te rete yo fin koupe pou fè chabon. Lapli pa tonbe souvan, posiblite pou moun yo fè jaden an bay randman an difisil. Moun yo pa jwenn èd nan men depatman lagrikilti, ni yo pa jwenn kòb prete nan BCA. Peyizan yo lage pou kont yo. Nan lagon an si w plante diri epi w gen posiblite mete bon kouch angrè, bagay yo kab mache, men se pa tout. Konn gen gwo sechrès, lagon konn pa gen dlo epi, lè lapli tonbe anpil, rivyè Lestè konn pote rekòt la anba dlo. Fòk nou di w, pi bon tè ki nan lagon yo se pou gwo zouzoun nan bouk ak chèf katye, epi chèf relijye yo (bòkò).

Nan Hatgranmon, moun ki gen posiblite yo fè elvaj bèf, se sa ki fè ou kab jwenn timoun ap rele chak maten lè sa bon: "Men lèt, men lèt!" Boutèy la vann yon goud-edmi. Pi souvan, se nan Lestè y al vann lèt la. Nan Hatgranmon, w ap wè anpil timoun kwenkwen, gen anpil granmoun ki an malmakak tèlman mizè a make nan je yo. Lèt la tou pre yo a, men yo pa kab bwè li paske yo pa gen kòb pou achte l. Menm si ta gen kòb, gen lòt bagay pou yo regle ak li: achte diri, mayi, farin, sèl ak epis. Si w pase nan mache "Fèzè", w ap konstate sa.

Sante

Si anpil ti zòn nan peyi a tanmen gen yon ti dispansè, moun nan Hatgranmon gen lè nan kont ak minis sante piblik yo. Si yon moun gen yon pwoblèm sante nan Hatgranmon se oubyen yo kouri kay doktè Jan nan Senmak (yon lopital prive) oubyen y al nan Machan-Desalin, oubyen yo kouri kay oungan. Tout moun konnen ki solisyon yo pral jwenn nan ka sa a.

Nan Hatgranmon se tout tan timoun yo ap mouri ak dyare, grip, enfeksyon tout kalite, epi ak maladi chabon ki soti pou touye moun yo. Men gen lontan moun yo ap plenyen, pa janm gen moun ki lonje men ba yo.

Relijyon

Nan zòn lòt bò a, moun yo se veritab ayisyen natif natal, yo al legliz katolik nan Machan, men yo pa gen yon chapèl etabli, sa pa anpeche moun yo fè ti reyinyon priyè pou rele gras Granmèt la. Gen 2 legliz potestan. Nan Hatgranmaon, gen plizyè ounfò. Sanble moun yo pa fin twò renmen sa, paske yo pè pou bann sanpwèl pa pran yo. Depi li setè tout moun chache wout kabann yo. Yo pè pou "Ti mèlèt" pa pran yo. Zafè ti mèlèt la se yon pawòl blag gouvènman makout la te mete deyò chak finisman ane pou fè pèp la sispann plenyen. Yo te fè moun yo kwè gen blan k ap mache voye dlo sou moun pou bwote yo. Tankou tout Ayisyen nan peyi a, moun nan zòn sa a kwè nan nenpòt tonton nwèl, depi yo santi yo jwenn yon sekirite ladan. Ala traka papa!

Vizaj kominote a

Mezanmi, lè w gade machwè Hatgranmon, nanpwen anyen ki di w se la Desalin te konn gade prèske tout bèt li yo, si se pa yon moun ki di w sa. Rezon ki fè nou di w sa, se paske depi ou kite mapou pou antre nan Hatgranmon, jis ou rive nan Pasa-wòch, se pousyè, dan wòch, lèch, bri towo lagon, krapo bonga ki sèl dekorasyon pou ti kominote sa a. Nan Hatgranmon gen bèl moun, jennjan, demwazèl, petèt pi bèl pase nan tout kwen peyi a, men se pa tout sa.

Hatgranmon pa mande anpil, paske li pa abitye ak anpil bagay, men si moun ki chita Pòtoprens yo te sispann fè magouy tout kalite, petèt figi ti zòn sa a ta chanje. Men repons la, tout moun konnen l deja. Moris Siksto te di l: moun k ap pale franse yo pa wè pwoblèm ti Sentaniz nan gwo liv y ap li chak jou a, ki mele yo ak Hatgranmon.

Pou ane 1989 la ki fèk kòmanse a, nou swete kozman eleksyon fo mamit p ap vin bouche je tout moun. Nou espere gwo mesye yo p ap jwenn pretèks pou di se dezòd ak enstabilite ki fè nou pa gentan fè sesi sela...

Wipip! Ala kote moun mantò

Ansèlm Desten

 

Kite yon repons