Sa Yo Rele Lit Klas Yo?

SÈL

Nimewo 14/mas 1974

Sa yo rele lit klas yo?

  • De jou an jou sou tè a, pwoblèm ant travayè ak patwon, ant piti ak gwo, ant sa k ap sibi ak pwofitè ap vin pi konplike. Ouvri ni radyo, ni televizyon, ni jounal, nanpwen yon jou sou latè ou pa tande koze sou pwoblèm sa yo. Grèv ouvriye nan izin Lip an Frans ak grèv ouvriye Firestone o Kanada, grèv travayè rezen Kalifòni ak grèv travayè min ann Angletè. Epi, men Palestinyen yo sot detounen yon lòt avyon, men kèk revolisyonè ann Ajantin fèk anlve yon lòt gwo patwon. Ou pa tande tou travayè etranje nan Shellcast o Kanada ap lite pou yo met yon sendika kanpe. Ann Ayiti menm menm, nou deja konnen koze a: ouvriye nan manifakti pa kontan menm, y ap mande ogman­tasyon ti kraze kòb bòs yo lonje ba yo a.

Se menm jan tou, malere ki pa kontan, anpil nèg razè ap jete kò yo aletranje, sa k nan avyon, sa k nan ti kannòt, sa k ak paspò, sa k san paspò, sa k ale Ozetazini ak Naso, sa k ale o Kanada ak Dominikani. Avèk tout pwoblèm sa yo, gan yon bagay ki kòmanse klè pou anpil moun, bagay sa a se sa yo rele lit klas yo. Tout koze nou fèk sot pale yo, pa gen ni 2, ni 3 non: se lit klas yo.

LIT KLAS YO SE REFIZE “BOURIK

TRAVAY POU CHWAL GALONNEN”.

  • Depi nan tan lontan, lit klas yo egziste nan lasosyete. Men, bagay la pa t janm parèt klè tankou jodi a. Se nan sosyete kapitalis la jwèt la kòmanse klè. Nan sosyete sa a gen moun, se patwon yo ye: yo gen lajan an, yo gen izin yo, bank yo se afè yo, tankou gwo magazen yo tou. Ni jounal, ni radyo, ni televizyon, se nan men yo sa rete. Menm Leta, jif, politisyen ak lame ap dodo nan pòch dèyè nèg sa yo. Pou mete yon ti degi sou li, gwo mesye nan legliz yo pa fè anyen san yo pa gade enterè moun sa yo, e yo pote Bondye ba yo san konfesyon.

Men, yon lòt bò, ou jwenn moun ki pa gan anyen pou yo, sòf fòs ponyèt yo, sòf fòs travay yo. Pou fòs travay sa a, patwon yo ba yo yon ti monnen. Moun sa yo se ouvriye yo ye, oubyen abitan. Yo travay tè, oubyen yo travay fè machandiz ki pèmèt patwon yo tounen milyonè. Men, yo menm ki fè danre a oubyen ki fè machandiz la, “lajan pa fè boul nan pòch malere” sa yo. Omwen, men sa nou kab di pou kounye a: nan sosyete kapitalis la, li vin klè kounye a gen 2 kalite moun, 2 klas moun ki pa gen ditou men enterè: youn se bourik travay”, lòt la se “chwal galonnen”.

ANBA TOUT GWO KABOUYA NAN SOSYETE A, SE LIT KLAS YO K AP GWONDE

  • Anvan sa, lè kabouya te konn pete, li te difisil pou moun yo te wè nan ki jemsetwouv yo te ye. Yo pa t kab desann nan nannan bagay la pou yo te wè se lit klas yo sa te ye. Pa egzanp yo wè blan ak kraze nèg, yo rele sa “lagè rasyal” sèlman. Se konsa, o Zetazini, anpil moun kwè nèg ak blan se lèt ak sitwon, e yo pa al pi lwen. Se konsa tou, ann Ayiti, de nèg save vle fè pèp la konprann se prejije koulè ki fè peyi a pa kab mache. Yon lòt lè, yo wè pwotestan ap goumen ak katolik, yo di se “lagè relijyon” sèlman. Apre sa, pwotestan ak katolik lage 2 gidon dèyè vodou, gen moun ki konprann bagay sa a se bagay lafwa ase.

Ou kab pran lòt egzanp toujou. Yo wè Ayiti ak Dominikani toujou nan chire pit, men, yo pa kon­prann se gran nèg ayisyen ak gran nèg dominiken ki nan tire kouto ansanm sou do pèp la. Yo tande patwon ak politisyen gwo vant di kominis se pwazon pou lafwa ak pou libète, men, yo tout poko wè se enterè ak privilèj gwo zouzoun sa yo k ap pale franse pou twonpe pèp la. Non, bagay la poko fin klè nèt, bagay la maske toujou, menm si pou anpil moun nanpwen chèche zo nan kalalou ankò. Pou moun sa yo, kanaval manti sou koze lit klas yo fini: lè lamayòt wete mas li, yo pa rele l madigra ankò, tout moun wè sa li ye. Se sa k ap pase kounye a nan lasosyete.

An nou voye je n sou nenpòt ki pwoblèm, Ayisyen k ap pati aletranje pa egzanp. Anpil moun kwè se yon kesyon k trè senp: yo di: “Ayisyen pati, paske yo vle al fè kòb aletranje”. Men, lè n fouye byen, nou wè se yon kesyon ki gen dan. Nou wè se yon pwoblèm politik, se yon pwoblèm klas sosyal li ye. Lè n dekouvri l, nou tande yon koze lit klas yo k ap bouyi anba l.

DÈYÈ AYISYEN K AP PATI ALETRANJE,

NOU JWENN KOZE LIT KLAS YO

  • Alèkile, ann Ayiti, nan peyi nou, sa k anwo ap toupizi piti yo, men, pèsonn pa gan dwa di kwik.

“Sa k pa kontan anbake!”

“Sa k pa kontan anba tè!”

Pou mouri, moun mouri vre! Tou sa k pa kontan pou gwo nèg yo toufounen piti yo, tou sa k pa kontan pou divalyeris yo fin vann peyi a bay etranje, tou sa k pa kontan pou gwo zouzoun prije ouvriye nan manifakti, tou sa k pa kontan pou zotobre vòlè tè malere, bon, tou sa k pa kontan pou bourik travay, chwal galonnen, se fè chimen w: anpil ladan yo anba tè, osnon lòt bò dlo.

Se konsa mesye makout yo likide Latòti bay blan meriken: 15.000 abitan ki t ap viv sou tè sa yo, yo pa kab kontan, mezanmi! Men, zafè yo, si yo pa vle kraze rak tousuit!... Men, kouzen di: “Pye, sa m te manje m pa t ba ou!!” Jounen jodi a, anpil landan yo ap manje mizè nan yon kwen peyi a, oubyen yo an Dominikani osnon Naso. Se konsa tou, ti abitan depite vòlè tè yo, ouvriye patwon peye yon ti kraze kòb nan izin Dèlma, etidyan k fini ki pa kab jwenn dyòb, pwofesè ki pa touche, ti travayè k ap rele pou lavi twò chè, anpil, anpil moun sa yo sètoblije chèche chemen peyi etranje. Pou pati, se pa ti kras pati moun pati! Ganyen menm ki bije jete kò yo nan lanmè sou ti kannòt ki toujou prèt pou chavire. Pou yo pa ale anba tè, yo kouri anbake aletranje, nan sa yo jwenn.

Sa k genyen dèyè pil pati sa yo? Enben, nou wè gen yon pwoblèm politik. Pa manke moun ki pa kontan jan bagay la ap mache Ayiti. Men, makout divalyeris yo deside pa gan ni 2, ni 3 bagay pou chwazi pou moun ki pa kontan: osnon yo kraze rak, osnon makout kraze yo anba makak.

Ki moun sitou ki pa kontan? Lè w gade byen, sa w wè: ti abitan san tè ap vide Dominikani ak Naso. Ouvriye, bòn, ti anplwaye ap jete kò yo o Zetazini ak o Kanada, san konte etidyan ak tout kalite pwofesyonèl ki pa kab jwenn travay ann Ayiti. Kifè la a, nou kapab di se sitou moun nan pèp la ki pa kontan jan kat la bat ann Ayiti. Pou pèp la, fò kat la rebat nètalkole.

Lè nou gade byen, nou wè bagay sila a ankò: moun bòdmè pa janm kite peyi a: yo jouke sou byen peyi a tankou branch gi sou mapou. Menm jan tou, gwo moun nan bouk yo ki grandon, depite, chèf makout, kolonèl ak kapitèn, jij, notè, monsenyè, gwo kire ak gwo pastè, tout moun sa yo pa oblije pati, sòf lè yo gan kont ant yo menm, osnon lè yo gan kont ak Divalye, ak Kanbwonn. Men, gan kont ak makout pa vle di ou pa kontan sitiyasyon peyi a: tankou nou konnen, tout gouvènman makout la se chen manje chen. Se pa paske yon pil chen ap goumen pou yon zo pou ta konprann yo pa renmen zo a. Pou gwo mesye ann Ayiti yo, yo tout twouve kat la byen bat, menm si sèten ladan yo twouve gen maldòn nan file kat la.

DEPI NAN TAN LONTAN

LIT KLAS YO EGZISTE

  • Rive la, nou kab konprann pi fasilman sa k te konn pase nan tan lontan. Ann louvri liv istwa nou. Sa nou wè? Depi paj A, ane zero anvan Jezi-Kri, nou wè yon sèl bagay: depi lèzòm k ap viv an sosyete vin divize klas pa klas, sa vle di depi vin ganyen gwo anlè ak piti anba, depi lè sa a, se batay gwo kont piti, piti kont gwo: esklav kont mèt, plebeyen kont patrisyen nan tan lontan a Wòm, sèf kont bawon nan mwayennaj, demwatye kont grandon ann Ayiti, ouvriye kont patwon lajounen jodi a…

Istwa tout sosyete sa yo se istwa lit klas yo, sa vle di batay youn ou plizyè klas sosyal ki mete ansanm pou yo reziste anba yon lòt, ou plizyè lòt klas sosyal l ap kraze yo. Depi nan tan lontan, jis jodi a, se batay sa a ki fè sosyete yo fè yon pa douvan, kòmkidire lit klas yo nan sosyete a se ta tankou motè nan yon machin. Istwa lèzòm, se istwa tout travayè k ap tonbe leve anba gwo zouzoun pou kesyon “bourik travay chwal galonnen” an fini yon jou. Nanpwen ni wete, ni mete, se kesyon sa a, lit klas yo, ki nannan pwoblèm politik la.

KLAS SOSYAL SOTI NAN DIVIZYON

MOUN GANYEN AK MOUN PA GANYEN

 

  • Kounye a, li ta bon pou nou di sa yo rele yon klas sosyal, anvan nou pouse pi lwen nan afè lit klas yo. Nan tout sosyete ki ganyen sou tè a, fò moun travay pou yo viv, fò yo pwodui sa yo bezwen pou lavi. Travay pou jwenn dekwa pou bezwen sa yo, nou rele l pwodiksyon. Men, pou yon nonm travay, pou l fè pwodiksyon, fò l gan mwayen. Alòske, sa k vin pase nan lasosyete, twouve se yon ti gwoup moun ki monte kanpe sout tout byen ak mwayen ki ganyen, epitou yo di: “Sa se jeretyen m, se “pwopriyete prive m”, sa rele m chèmèt, chèmètrès: m gan dwa fè sa m pito avè l”. Konsa, yo gen yon pakèt byen, alòske yo pa kapab travay ak tout.

Nan kont mal taye sa a, pifò moun vin pa gen anyen pou kont yo. Pou yo viv, yo bije al travay pou moun ki ganyen. Se premye divizyon nan lasosyete: moun ganyen ki pa travay, ak moun pa ganyen ki bije travay sou kontra: se sa ki nan rasin koze klas sosyal la. Delaetan vin gen lòt divizyon nan lasosyete, men se sou premye divizyon sa a “moun ganyen ak moun pa ganyen” pwoblèm klas sosyal la ak zafè lit klas yo vin chita.

Yon klas sosyal, nan yon menm sosyete se tout moun ki kenbe menm wòl nan pwodiksyon, ki gan menm pozisyon parapòt a dòt moun. Natirèlman, tout moun pa gan menm wòl nan pwodiksyon an. Nan yon izin pa egzanp, gan moun ki patwon, se yo ki mèt izin lan. Yo chita nan biwo yo ap fè kout plim, y ap kalkile benefis yo. Gan lòt moun yo rele ouvriye, yo menm y ap voye kout mato isit, y ap tounen machin laba, sa ap plen bwat, lòt ap chaje pyès twal, depi 8 è jis 5 è, soti lendi rive vandredi. Epi, nan fen semenn lan, yo touche yon ti kòb pou fòs travay yo. Nan menm izin sa a, ou kab jwenn yon fòmann k ap veye ouvriye yo. Li menm tou, li pa travay, li se tyoul patwon an. Nan yon sosyete tout patwon yo gan menm wòl nan pwodiksyon an, kòmkidire yo fè yon sèl klas sosyal yo rele boujwazi kapitalis. Menm jan an tou, tout ouvriye yo gan menm wòl nan pwodikskyon an, kifè la, yo fè yon menm klas sosyal yo rele klas ouvriye. Parapòt a klas ouvriye a, boujwazi kapitalis la gan yon menm pozisyon: kapital la, sa vle di lajan k ap woule nan afè pwodikson an, rele boujwazi a chè mèt, chè mètrès. Sa vle di: li achte fòs travay ouvriye yo pou yon ti monnen, epi li revann ak anpil benefis machandiz ouvriye a pwodui. Pou sa gan machandiz ki vann tèt nèg nan mache, patwon an fè ouvriye a tounen machandiz bon mache.

LIT KLAS YO SOTI NAN MACHE MOUN GANYEN MACHE SOU TÈT MOUN PA GANYEN

  • Nan yon izin, ouvriye yo ap travay pete fyèl, alòske patwon an chita ap vire pous li. Men, lè travay la fin fèt, gwo kòb la antre nan pòch patwon an, ouvriye soti sèlman avèk yon ti kraze. Epitou, ouvriye yo ki fè tout travay la, tout pwodiksyon an, pa gen okenn kontwòl sou sa k ap pase nan travay la. Men, yo gan yon fòmann k ap chofe dife nan dèyè yo pou yo travay pi vit, pi vit toujou… Ayayay, frenk, tonnè!! Yo pa menm ap travay nan bon kondisyon: machin ap koupe dwèt yo, pousyè ak gaz machin ap fini ak poumon yo, anpil mouri nan aksidan travay. Epitou, pou yon ti krik, yon ti krak, yo revoke yo. Lajan yo touche jis ase pou yo viv jodi a, san yo pa kab pare demen. Li klè, bagay sa a pa bon konsa. Men, lè ouvriye yo kanpe, patwon yo mande anraje, yo sonnen lapolis pou l vin “fout vakabon yo nan wòl yo”. Se konsa patwon trete ouvriye. Se konsa tout lit klas yo gan pou l vanse, jouk sa va kaba, lè tout moun k ap sibi yo va mete yon pwen final nan zafè bourik travay chwal galonnen an. Lè sa a pa gan ni mèt, ni esklav ankò, ni pwofitè, ni sa k ap sibi nonplis, ni patwon ak pwoletè, ni grandon ak restavèk.

SEKRÈ LIT KLAS YO,

SE PRAN POUVWA A

  • Jounen jodi a, tout moun vin wè pi klè nan afè esplwatasyon an, sa vle di nan afè gwo k ap prije piti. Toupatou, moun ap leve kanpe pou sa fini. Anpil moun menm kòmanse konprann kouman pou lèzòm ta fè yon fen ak briganday sa a. Se kesyon sa a k ap diskite tout kote nan tout peyi: nesesite pou tout moun y ap kraze ak tout moun ki vle jistis sou tè a antre nan batay pou sa, men, pou yo antre nan bon pòt la. Batay sa a, se lit klas yo, se yon lit politik. Se pa ni bon kè k ap ganyen batay la, ni 2, 3 bon papa k ap vin fè l mache. Tout lit klas yo ki reyisi, se toujou yon batay mas yo, sa vle di pèp la li menm menm. Ann Ayiti, sa vle di abitan ak ouvriye, tankou lagè esklav yo nan tan lakoloni.

Lè nou desann nan nannan kesyon an, sa vle di lè pwoblèm lan pa rete ni nan divizyon blan ak nwa, ni nan divizyon milat ak nèg, ni nan divizyon moun lespri ak moun sòt, ni nan divizyon moun ki kwè nan Bondye ak moun ki pa kwè, ni nan divizyon kominis ak kretyen, ni nan divizyon katolik, oubyen pwotestan ak vodou, se lè sa a nou kab konprann kouman batay la ye. Tout pwoblèm lan, se divizyon moun ganyen, pwofitè ak patizan yo yon bò, ak moun pa ganyen, moun k ap sibi, plis patizan yo yon lòt bò. Rantre nan bon pòt batay la, se mete n bò kot piti yo, bò kot sa k ap sibi yo, kèlkeswa koulè yo, relijyon yo oubyen konesans yo. Se menm jan an tou, nou dwe lite kont tout gwo zouzoun, tout moun k ap toufounen piti yo, kit yo se blan, kit yo se nwa, kit yo se monsenyè, pastè, kit yo se bòkò, kit yo se moun legliz, kit yo pa kwè. Fò nou foure sa byen nan tèt nou: nan politik, sa k konte se pa koulè moun lan, ni relijyon l, men se konnen ak ki klas sosyal l ap mache.

 J. Franklen Midi

 

Kite yon repons