SA NOU VLE AKONPLI

Objektif nou se devlope yon kwonik an kreyòl sou tout koze ki gen rapò ak finans nan yon fòm ki ka pèmèt nenpòt moun ki bezwen enfòmasyon nan domèn sa a rive jwenn li san poblèm.

N ap kòmanse ak on entwodiksyon tou kout k ap di pou ki rezon finans enpòtan ni pou devlopman chak moun ni pou devlopman on sosyete an jeneral.

N ap di nan ki moman yon moun ta dwe kòmanse mete lòd nan finans li.

N ap pale sou koze lajan ak enflasyon, pa egzanp enpòtans/wòl lajan genyen nan aktivite finans. N ap pale de kanè bank, kont an bank, diferan kalite kont ki genyen, diferan kalite bank, kredi, kat kredi…

N ap pale sou koze bidjè, enpòtans bidjè nan lavi on moun, on fanmi, on biznis, on asosyasyon…

N ap pale de envestisman, diferan fòm envestisman. Kijan pou nou sanble lajan/fè ekonomi pou envestisman? Ki kondisyon de baz moun dwe ranpli anvan yo ka kòmanse envesti?

N ap abòde kesyon asirans, enpòtans asirans nan tan n ap viv la a, diferan plan asirans ki egziste, tankou asirans pou swen longdire (Long Term Care Insurance).

N ap pale de byen/pwopriyete imobilye, achte kay, vann kay; enpòtans pwopriyete imobilye genyen nan fè byen, nan akimilasyon richès.

N ap abòde kesyon ipotèk/mògej, diferan kalite mògej ki egziste.

N ap pale de enpòtans tout kalite enpo ak taks genyen nan rasanble lajan pou depans travo piblik.

N ap pale de enpòtans kesyon etik nan diferan branch aktivite nou sot mansyone yo.

Kwonik: Finans pou tout moun

Entwodiksyon

Lè nou di finans, n ap pale de lajan ak tout lòt byen on moun posede. Poukisa sa enpòtan pou nou gen bon jan konesans nan koze finans?

Konesans nan finans se konesans tout moun bezwen pou yo ka pran desisyon sou baz enfòmasyon, pou yo ka pran desizyon ki fè sans nan nivo finans yo.

Poukisa sa enpòtan pou nou ouvè lespri nou nan koze finans?

Nan tan n ap viv la, li enpòtan pou nou gen konesans nan zafè finans, menm si se on konesans de baz. Gen 4 gwo rezon pami plizyè lòt ki esplike sa.

1) Jenerasyon anvan yo te konn plis sèvi ak lajan kach pou yo achte sa yo bezwen. Men, nan jounen jodi a, li ra anpil pou on moun, espesyalman on jèn moun mache avèk anpil kach sou li lè li pral achte. Ansuit, fason moun achte sa yo bezwen chanje anpil. Majorite moun konnye a prefere fè acha/chòping nan entènèt. Sa vin fè li pi fasil pou moun achte kredi, plonje tèt yo byen fon nan dèt nan on ti moman. Alòske, dapre rechèch, pifò moun pa konprann ni kijan kredi fonksyone ni ki enpak move jesyon dèt kapab genyen sou lavi yo. Nan yon tès FINRA (Financial Industry Regulatory Authority) prepare pou mezire konesans moun nan zafè finans, se sèlman 34 pou san moun ki pran tès la ki byen reponn kesyon yo.

2) Anpil gwo chanjman fèt nan kesyon travay.Te gen on tan, pa twò lontan, lè on konpayi anplwaye on moun, moun sa a te pral rete travay pou konpayi an pou tout rès vi l, kidonk fè karyè jiskaske li pran pansyon. Pou ankouraje moun nan rete lwayal,  majorite konpayi yo te konn mete anplas yon plan retrèt pou anplwaye li e se konpayi a ki te gen reskonsabilite administre plan sa a. Anplwaye a pa t gen pou l pran desizyon konsènan plan pansyon an, epi dèfwa yo pa t menm gen pou yo kontribye anyen nan fon pou pansyon an. Se sou kont konpayi a tout bagay te ye: ki kalite envestisman, ki kote lajan pral envesti… Depi kèk tan sistèm sa a kòmanse ap disparèt. Jodi a, plan pansyon kote konpayi ap kontribye lajan pou anplwaye ra anpil, espesyalman pou nouvo anplwaye. Koulye a, nan anpil konpayi se anplwaye a ki gen reskonsabilite pou li tabli epi jere pwòp plan retrèt li. Reskonsablite konpayi an se ankouraje anplwaye a patisipe nan on plan yo rele 401(k) kote se anplwaye a ki pou deside ki kantite lajan pou li mete nan plan an epi chwazi nan ki sa pou li envesti.

Sa klè, on demach konsa mande pou on moun genyen on minimòm konesans lan finans pou li ka fè chwa ki nan enterè li.

3) Fè ekonomi epi envesti lajan vin pi konplike nan jounen jodi a. Enstitisyon finans yo: labank, konpayi kredi, konpayi asirans, konpayi mògej … anvayi konsomatè yo ak on bann pwodui envestisman sofistike ki gen diferan to enterè ak dat echeyans. Yon sitiyasyon ki ka kreye anpil konfizyon pou moun ki pa gen konesans nan finans.

4) Move jesyon finans ka deranje vi on moun. Sa ka kraze bon relasyon fanmi, bon relasyon zanmi, bon relasyon biznis. Plis pase 60 pou san divòs se rezilta poblèm finans ki mal jere. Anpil konpayi fèmen pòt akòz move jesyon lajan. Menm gen moun ki rive touye tèt yo akòz fayit nan jesyon lajan.

Se vre gen bon jan konesans nan finans pa sifi pou pèmèt on moun pran bon jan desizyon, desizyon ki nan sans enterè li. Gen anpil lòt faktè ki ka enfliyanse desizyon on moun ap pran, tankou: santiman, renmen oubyen pa renmen pran ris…  Pa egzanp, gen moun ki gen tanperamen azaryen ki ka mize tout lajan yo sou on sèl pwodui finans. Alòske gen lòt ki renka, ki pa p janm pran okenn ris.

Men vle pa vle, bon jan konesans nan finans enpòtan anpil; se on konesans tout moun ta merite genyen kèlkelanswa nivo edikasyon yo: se konesans yo bezwen pou yo jere zafè lajan yo byen. San konesans sa a, pa gen okenn aksyon, okenn desizyon yo pran nan kesyon finans ki chita sou bon jan fondasyon djanm.

Joseph D. Chery/Jozèf D. Cheri

Kite yon repons