Dènye pòtre w m gen nan memwa m, cheri
se sèt koulè dantèl jipon talatàn ou.
Mwen chèche w toupatou.
Tout kote mwen mande, yo mande m si mwen fou.
Dènye pòtre w m gen nan memwa m
se 18 me ou t ap fete.
Yo di drapo w te konn monte byen wo.
Tout lòt kote te respekte w.
Dènye pòtre w m gen nan memwa m
se jou premye Janvye.
Tout moun te deside bwè soup premye janvye.
Lavi w te fè mizè kaba
Kote w ale?
Dènye pòtre w m gen nan memwa m, cheri,
yo di Desalin t ap ba Petyon lanmen
pou eseye tabli renmen. …
Renmen, renmen, sa pati kou yon bon rèv!
Dènye ane w voye nouvèl
Ou te sou bisantnè.
Estime t ap eseye pyese moso asyèt yo ki kraze …
se sa moun kwè.
Depi lè sa a m ap espere w.
Mwen chèche w toupatou.
Mwen fè tout fent pou m ka jwenn ou.
Mwen mèm swete mwen ta reve w!
Rèv, rèv!
Rèv nan nwit, rèv je klè;
Tout rèv se rèv.
M reve nou kase ren tout divizyon pou nou reba lavi valè!
Di m don kote w ale!
Dènye gout dlo frechè ou te ban mwen
se van lespwa ki t ap soufle
pou n te tabli demokrasi 7 Fevriye;
poutan, anvan li jou, konvre zobop pase.
Cheri, dènye ti gou renmen w met nan memwa m
ven tan sèlman mwen te genyen.
Ou t ap montre m renmen.
Renmen, lanmou, sa efase nan fon memwa m.
Dènye pòtre w m gen nan memwa m
Se nan sous dlo Ka Sis nou te kontre.
Koulye a, sous la prèt pou seche.
Kote w ale?
De (2) dènye fwa mwen te reve w, peyi mwen
Mwen t ap swete ou retounen
sa ou te ye: “Peyi Mwen”
rèv zansèt yo, kot lawouze tounen dyaman nan dan solèy
Dènye pòtre w m gen nan memwa m, cheri
Ou t ap wouze fèy sitwonèl, pou nou fè te.
Dan ou te blan kou dan zonbi;
Dlo larivyè w t ap koule fre.
Depi lontan w pati, cheri,
nou pa ka wè w.
Nannuit bare chimen n gwo lanjelis sou wout lavi.
Ki sa n ap fè?
Ki sa n ap fè pou nou reprann tèt nou?
Ki sa n ap fè pou n detere nanm nou
ki antòtye nan kòd pikan malvèsite? …
Cheri, ki lè n ap wè w tounen sa ou te ye!
Zobop manje Kristòf sou pon wout devlopman
menm plas kav li nou pa ka jwenn nan Sitadèl!
Memwa Lanprè ale; rèv nou ap disparèt.
Ki sa n ap fè?
Ki sa n ap fè pou nou reba w lavi!
Cheri, dènye gout souf m ape rele
Se pou ou
Se pou li
Se pou nou;
Nou tout ki t ap reve, swete
Nou tout ki t ap chèche pou nou kontre ak sous lavi;
Nou tout zwazo mangay
Pitit lakay:
Rèv nou pa dwe seche!
(Paul Tulcé; Liv: Konfesyon (2012)