RESPÈ NAN LANG NOU / RESPÈ POU DEMOKRASI

RESPÈ NAN LANG NOU / RESPÈ POU DEMOKRASI (Twazyèm Pati) Rozevel Jean-Baptiste/Wozvèl Janbatis

E si biznis nou yo te pale lapawoli respè?

Pi gwo senbòl pouvwa, se lajan: li pèmèt ou achte nenpòt ki lòt senbòl pouvwa.

De premye pati yo te fè nou wè mo kle nan kesyon respè pou nou menm Ayisyen se pouvwa —pouvwa ansanm ak tout senbòl li yo: pouvwa chèf ki gen kòm senbòl de bagay tankou zam, inifòm, plak machin ofisyèl;  pouvwa otorite legliz ak senbòl monpè osnon mabònmè ki gen gwo kwa nan kou, rad espesyal tankou soutàn, osnon pastè ak bib nan men; pouvwa lajan ak kèk senbòl tankou gwo kay, bèl machin, rad ak bijou chè, depanse granjanman... Nou te wè tou piske se senbòl ki fè konnen gen pouvwa, nenpòt ki moun ki rive mete men l sou on senbòl, la pou la, li gen pouvwa—li se otorite.

Pi gwo pouvwa a se lajan. Lajan pèmèt nou achte nenpòt lòt senbòl pouvwa. Sen­bòl lajan se seza a, se fèy dola a, se lajan nan pòch. Nou gen plizyè egzanp ki moutre pouvwa lajan.

    1. Nou di “Lajan rele pe djòl.” On nèg ki gen lajan antre nan on kay al pran on ti demwazèl, paran fèmen bouch piske se lajan k ap pale. On nonm ki gen lajan, ki fè on bagay ki pa sa, ak kout lajan, ka fèmen bouch otorite ki ta gen dwa pou deklare l koupab.

    2. Nou di “Devan grinbak, pa gen fè bak.” Kidonk avèk fèy dola nou, nou kapab fè moun avanse ansanm avèk nou nan nenpòt ki vye pwojè. Nou ka fè moun mache jan nou vle.

    3. Soti depi nan tan liberal/nasyonal, te gen on koze “Nèg rich se milat, milat pòv se nèg.” Konmkwadire, se pa koulè ki ta pale, se ta mouche lajan.

    4. On chantè twoubadou nèg Okay yo te rele Ti Koyo chante on chante ki pati konsa: “Moun ki te kreye lajan, li te fè plis mal ke byen: si se pa t poblèm lajan lèzòm ta ka pi ere. Lè w gen lajan, yo di w se demon, lè w pa gen lajan, ou se vakabon.”

Lajan gen on gwo wòl nan leve-jwenn nou, nan rapò nou youn ak lòt, nan fason jan nou gade moun. Lajan ouvè anpil pòt: l achte viza ak lòt papye enpòtan, l achte silans lòt moun, l achte pozisyon, l achte vòt nan eleksyon, li menm achte respè tou.

Men pou nou tout ki grandi Ayiti, gen on gwo kesyon k ap fè ping-pong nan tèt nou: si lajan gen tout enpòtans sa a, pou ki sa moun k ap fè komès sanble yo pa renmen lajan? An n eseye pi klè: anpil fwa, nou parèt devan on machann, nan on boutik osnon nan on magazen, ak lajan nou nan men nou pou nou achte, epi nou santi yo pa dispoze vann nou. Se pa sèlman on enpresyon: se on reyalite.

Li enpòtan pou nou chache konprann sa k fè sa. Nan Gwo Moso ak nan Depès, Maurice Sixto moutre nou depi gen on deblozay ki pete, depi on eskonbrit pati, tout komès la kanpe. Pa gen aktivite k ap mache paske tout moun nan derimen zen. Machann pistach la pati ak on bò ti gason an k ap vin mande 5 kòb pistach: “Ti gason, w on jan anmègdan, ou wè sa k ap pase la a...”

Egzanp sa a pa egzajere ditou. Nou gen plizyè lòt egzanp nou ta ka bay pou n moutre menm sitiyasyon an, men n ap pran 3 sèlman.

    1. Lè gen on match foutbòl y ap bay nan televizyon, on moun pa pran chans al deranje on mèt boutik ki chita dèyè kontwa l ap gade match. Li pa p menm wè si w la, e si w pèsiste ap di ou vin achte, l ap di w kèlkeswa sa w bezwen an li pa genyen l.

    2. Si w ta rive tou, ou jwenn moun lan ap pale nan telefòn osnon li ta kage nan dodin li, epi li ta on ti jan lou pou l leve vin vann ou, l ap fè w konnen si w prese ou mèt ale, paske li menm li pa prese.

    3. Si w ta sot achte on bagay, epi ou pase nan on boutik pou w achte on lòt bagay ou te bezwen, moun k ap vann nan boutik la ap mande w si kote ou soti a ou pa t jwenn li—on jan pou l fè w konprann li pa kontan paske ou te al achte on lòt kote anvan ou te vin achte nan boutik li a. Li gendwa menm refize vann ou!

Kote konpòtman sa a soti? Sa sa vle di? Èske n ap travay kont pwòp tèt nou, kont pwòp enterè nou?

Lè on moun al achte on kote, epi yo trete w nan jan sa a, ou tou pran dispozisyon w pou ou pa retounen al achte kote sa a ankò—sòf si sa w bezwen an ou konnen ou pa p jwenn li okenn lòt kote.  Ou pa dispoze pou ou annafè ak moun maledve, moun frekan konsa, moun ki pa konn ki jan pou yo trete on kliyan.  Ou pa dispoze pou w kite lajan w kale w.

Se vre nan ka sa a, moun ki gen pou vann lan pa moutre li respekte moun ki vin achte a. Men èske l vle moutre li pa respekte l? Nou pa kwè sa. Nou pa kwè ma­chann lan gen volonte pou l derespekte kliyan an. Gen on bagay ki pi konplike la a. Pou machann lan, gen on biznis, se on pouvwa, kit biznis lan se te on bak, on ti bou­tik, osnon on gwo magazen. Li rive. Li pa bezwen al pi lwen. Li te bezwen gen on komès, li gen on komès. Pi gwo regleman komès la mande a, tabli bon rapò ak kli­yan yo, bay tout moun bon jan, simen pawòl rale mennen vini, se pa bagay konsa ki nan tèt li.

Se 2 pouvwa k ap kontre kòn yo: pouvwa machann lan, ki gen kòm senbòl biznis lan, ak pouvwa kliyan an, ki gen kòm senbòl lajan ki nan pòch li a. Si n ap gade rapò 2 pouvwa sa yo sou baz respè/mank dega, n ap rive konprann pouvwa ma­chann lan, se on pouvwa k ap fè pwòp tèt li mal, on pouvwa ki pa respekte tèt li, on pouvwa ki mal sele, k ap gen pou l foule. Machann lan pa gen volonte pou l de­res­pekte kliyan an, men nan pa suiv pi gwo prensip ki genyen nan fè komès—bay kliyan an tout respè ou te kapab, trete l byen—, machann lan ap travay pou l pèdi pouvwa a. Konmkwa depi ou kite pouvwa, kèlkelanswa pouvwa a, moute nan tèt ou, anvayi bonnanj ou, w ap pèdi tout bagay.

Jan mèt biznis la fonksyone a fè sans nan reyalite Ayiti a, on reyalite ki baze sou ki moun ou ye, ki sa w vo. Tankou nou te wè l nan dezyèm pati a, se on reyalite ki devlope on sistèm ki di: si on moun gade w, li wè ou pa gen valè, dapre senbòl pouvwa nou rekonèt nan sosyete nou an, li gendwa chwazi pou li manke w dega.

Kidonk pou mèt biznis lan, se on bagay ki enpòtan pou l moutre se li menm ki chèf, se li menm ki bòs, li fè sa l vle. Li trete kliyan an jan l vle, on fason pou l ka moutre kliyan an li pa bezwen on moun ki pou vin tabli valè l pou li, paske li deja gen valè l, e l ap aji on jan pou l moutre tout moun li gen valè. Nan fason sa a, kliyan an pa p gen tandans (si se on bagay ki t ap pase nan tèt li) pou l vin manke l dega—paske li pa bezwen kliyan an pou tabli ki moun li ye. Kit ou vin achte, kit ou pa vin achte, sa pa ka fè m anyen.

Kidonk si biznis la ta vin kraze demen paske l pa gen kliyan, se pa on poblèm. Sa k konte, se jodi a.  Demen pa pou nou, demen se “demen si Dye vle”. Tout bagay fèt pou regle jodi a.

Biznis ayisyen ki tabli nan Nouyòk sanble soufri menm maladi ak biznis ki tabli Ayiti. 

    1. Moun plenyen, an jeneral, restoran pa bay sèvis: yo mal resevwa kliyan yo, yo kite yo fè lontan chita san yo pa menm mete on vè dlo sou tab la, gen on pakèt pale anpil, epi yo pi chè pase tout kote.

    2. Lè w al nan kwafè, chaje moun ki chita ap bay odyans, nan plas kote pou kliyan k ap tann ta chita. Kwafè a, pandan li nan tèt kliyan an, nan tout kalite odyans, li konn menm kite tèt la pou l al pale ak moun ki vin kote l osnon al pale nan telefòn.

    3. On biwo ki make li ouvè a tèl lè pa janm ouvè a lè yo di a; lè w fè yo remake sa, pa gen anyen ki fèt.

    4. On gwoup moun k ap fè on reyinyon biznis envite tout moun pou 7 è, men a 8 è reyinyon poko koumanse, ni yo pa mande eskiz pou sa.

    5. Lè w bay machin ou nan garaj, si w bezwen l ranje, fò w rete la: depi w deplase, yo sispann travay ladan.

Kidonk biznis ayisyen nan Nouyòk fonksyone nan jan ayisyen, nan lè ayisyen. Èske lè n chanje milye, nou vin sou on teren kote règ jwèt la sanble l pa menm, nou pa ta dwe chanje fason nou te konn fè biznis?

Kliyan Ayisyen nan peyi isit pa oblije rete prizónye on mèt biznis ki pa vle konsi­dere enpòtans kliyan nan devlopman biznis li. Kliyan an kapab al chache sèvis li bezwen an on lòt kote, nan on lòt bizinis.

Si biznis nou yo pa pale lapawoli respè, pa p gen lavi pou yo. Fò rapò pouvwa a chanje sans, on jan pou se kliyan an ki konte, kidonk pou se pouvwa lajan kliyan an ki sanble l pi enpòtan nan devlopman biznis lan. Kliyan an sèl mèt.

Kite yon repons