Rene Filoktèt, "Ou te pwezi, w ale an pwezi"

Libète

2 – 8 dawou 1995 * Ane 3 * No 149

Rene Filoktèt,

"Ou te pwezi,

w ale an pwezi"

P

ou yon vivan ki mouri, se pousyè ki retounen pousyè. Pou yon gason vanyan ki tonbe nan batay, se flè ki fè repozwa ba l pase. Men, lè se yon powèt ki fè lareverans bay lavi, se lodè pwezi ki mennen l ale nan lye verite l.

Mèkredi 26 jiyè, nan legliz Sakrekè nan Tijo, pwezi ak tout klète lapawòl te chante ofisyèlman lantèman powèt Rene Filoktèk. Lapawòl ak tout rad fèt li te selebre, tankou yon nich koukouy ki an rekreyasyon, dènye moman Ti Rene nan konpayi kretyen vivan.

An bon vivan, Rene Filoktèk fèmen zye l sou tout tan li te pran tan karese. Yon tan ki te pa l, li te meble, dekore ak jantiyès, ak sansibilite lapawòl. Ak tout vanyans li, powèt "Pèp tè mele yo" ale, san plim li pa janm change batay. Nan dènye randevou ak powèt la, pwezi te reponn plètil pou lanmò te ka fèt, fèt chanpèt, koudjay, konbit ak yon trèy lòt ankò. E, lè pwezi an kwasans pran chante lanmò, lanmò vin benezwèl, lanmò vin pa lanmò. Lanmò o! Kote zenpon? Powèt pa konn mouri.

Pwezi savalouwe Rene

"Rene Filoktèt pa mouri" se sa powèt konpayèl li, Frank Etyèn, te deklare nan sikonstans lan. Epi, pou kontinye, li ajoute: "Pou jouk kounye a toujou, l ap pale sou yon lapousiyè zetwal k ap jèmen nan mitan yon latriye tanbou solèy. Pou jouk kounye a toujou, l ap pale nou sou rèv ak lespwa nan tobout jès ki kase."

"L ap kontinye toujou pale ak nou magre ipokrizi aganman k ap degize lalin an fwomaj."

Apre lotè woman "Dezafi" a fin lave, sale lanmò byen sale, li deklrare lanmò se yon bagay ki "fo menm nand lèdte mastòk yon miwa mafwezi." Lè Frank Etyèn fin savalouwe valè powèt la ak tout zèv li, lajè yon laye li ouvri kè l pou l di Ti Rene: "Tande vye frè, nou se pakèmann, nou konnn leson mistè yo ak mizik powèt la pakè. Tout bon vre, se pou plizyè syèk ou pale konpè."

Kon sa, nou amezi pou konprann pi byen lè minis Lakilti a, Jan Klod Baje te deklare: "Pawòl Filoktèk la, bèl pawòl li a rebondi pi plis pou chante solèy k ap moute."

Yon pè powèt chante

lantèman ti Rene

Alòs, pou chante lantèman yon powèt tankou Ti Rene, yon pè pa dwe sèlman yon pè legliz, men yon powèt pè ou pè powèt ki konn rantre nan Sendèsen. Sa pran yon pè Maks Dominik ki konnen sekrè lapawòl lè li se pawòl Bondye ak lè li se pawòl yon powèt.

Pè Maks Dominik, an palan de zèv Rene yo fè konnen powèt la "rantre nan fen fon pèp li epi li transfòme doulè l yo an kontantman k ap jayi." Pou li, pawòl Rene "pran lari pou li ka viv rèl pèp la." Kon sa, "Rene Filoktèt se yon powèt lwanj, yon powèt fèt."

Tout Ayiti te la

Jou mèkredi maten sila a, yo tout te la, kòmkidire yon tchakala lafanmi, zanmi, ekriven, atis pent, moun teyat, sanba, pwofesè, elèv lekòl. Yo te plizyè santèn ki te vini ak yon solèy debafre pou yo te di lotè ki konn vanse sou chimen "Zile k ap mache yo", nou lonmen non w, nou pa detounen etènite koze w.

Wi, yo tout te la: Maga, Valeri, Alen, Richa, Rèn Mari... tout krèm fanmi an te la. Nou te jwenn Jan Koulanj, Nikòl Sen Viktò, Alen Lakonm, Frannz Biwo. Plizyè lòt ankò te prezan: Mirèy Jewòm, Jòj Kastra, Antoni Fèlps, Frank Etyèn... Menm lafrankofoni te vin rann li omaj, ak prezans anbasadè Lafrans lan, mesye Filip Sèlz.

An ble e wouj, peyi a te reponn plètil. Kòmkidire, yon jès afeksyon nasyonal ki te vlope sèkèy yon pitit kay. Yon pitit cheri ki te derefize kite l menm lè rèny bout di a t ap lonje kwòk dan l yo byen long. An palan de atachman yo pou peyi a, Frank Etyèn te deklare yon jou: "Si yo pa t kite peyi a, se pa paske yo te brav, men, se paske yo te fou nan yon peyi ki te nòmal twòp."

2 jou anvan, plizyè powèt, atis, mizisyen, zanmi te reyini lakay powèt la, nan yon vèy pwezi pou te savalouwe ak onè respè Rene Filoktèt ak tout zèv li yo ki anbrase prèske tout displin lekriti: pwezi, woman, teyat, nouvèl. Rene Filoktèt ale nan peyi san chapo lendi 17 jiyè, 18 jou apre lanmò Wolan Moriso, yon lòt manm "Ayiti Literè" ki te pati ale kite vivan yo, jedi 29 jen an. 2 lanmò kou sou kou sa yo mete pwezi ayisyen an an dèy. Yon dèy ki frape pi plis ekip "Ayiti Literè" a. N ap raple ankò, Rene Filoktèk ansanm ak Frank Etyèn te fòme mouvman literè "Espiralis" la.

Manno Ejèn

 

Kite yon repons