Remèd natirèl ki kapab ede nou goumen kont maladi kolera

BON NOUVÈL

No. 475 - Novanm 2010

Remèd natirèl ki kapab ede nou goumen kont maladi kolera

Peyi nou frape ak yon maladi nou pa t ko konnen bò isit la yo rele kolera. Se yon maladi ki kontajye anpil e se yon mikwòb ki bay li. Li fè w pèdi anpi dlo nan kò w e sa ka pote w ale si ou pa fè anyen pou repare sa. Ministè sante piblik bay yon latriye konsèy sou sa pou moun fè. Fòk nou suiv tout rekòmandasyon yo: lave men nou byen, byen lave legim ak fwi yo, byen kuit manje yo, mete jif nan dlo n ap bwè, bwè sewòm oral. Si nou kòmanse gen premye siy maladi a ki se dyare dlo, twalèt souvan, kolik, vomisman, lafyèv, lè nou santi premye siy maladi a tou, fòk nou ale tousuit nan sant sante ki pi pre nou an.

Men kèk remèd fèy ki ka sèvi pou nou fè prevansyon maladi a epi nou ka genyen lakay nou pou prepare te pou nou pa pèdi twòp dlo nan wout si nou gen pou n al kay doktè.

Gwayav - Tout moun konnen gwayav se yon bon remèd pou dyare. Men rechèch yo fèk montre gen plizyè jan gwayav kapab ede nan maladi kolera a:

  • Li fè w ale mwens nan twalèt
  • Li pèmèt ou pèdi mwens dlo
  • Li atake mikwòb ki bay kolera a epi li fè mikwòb la pèdi fòs sou ou
  • Li pèmèt ou refè pi vit

Pou ka pwofite aksyon l, si w santi premye siy maladi a, bwè sewòm oral epi fè yon te ak 5 oswa 6 fèy gwayav ak yon ti ponyen diri blan nan 3 tas dlo, ou kite l bouyi yon 10 minit konsa epi bwè yon tas ladann. Lè w fin fè sa, pran wout pou w al nan dispansè oubyen sant sante. Tout moun ki viv nan menm kay avè w e ki pa pran maladi a ta ka bwè te sa tou pou pwoteje tèt yo.

Jiwòf - Klou jiwòf gen yon bon aksyon sou mikwòb ki bay kolera a. Ou ka fè yon te ak 6 oubyen 8 klou nan yon demi tas dlo, ou kite l bouyi yon moman, ou bwè l. Mete anpil jiwòf tou nan manje nou pou fè prevansyon.

Lay - Se yon bon dezenfektan pou andedan kò nou. Nou ka fè yon te ak 2 dan lay byen rache pou nou bwè. Mete anpil lay nan manje nou tou pou fè prevansyon.

Grenad - Gen rechèch ki montre po grenad la atake mikwòb ki bay kolera a. Se yon fwi nou pa wè fasil nan peyi a ankò, men moun ki gen chans jwenn li ka fè yon te ak moso nan po fwi a nan dlo, kite l bouyi yon 5 minit konsa epi bwè l.

Nim - Fèy pye bwa sa a gen yon bon aksyon sou mikwòb ki bay kolera a. Yo wè lè w fè yon preparasyon ak alkòl, fèy yo gen pi plis aksyon pase lè w bouyi l nan dlo. Ou kapab rache kèk fèy byen fen, ou mete yo nan yon bokal, ou kouvri fèy yo ak alkòl, likè, ou souke bokal la epi ou kite l poze pandan kèk jou. Si w santi premye siy maladi a, bwè yon gwo kiyè preparasyon sa a nan enpe dlo.

Jenjanm - Gen rechèch ki montre jenjanm gen aksyon sou mikwòb ki bay maladi a. Jenjanm lan ap ede w tou si w gen kè vire ak vomisman. Ou ka fè yon te ak 3 oswa 4 wondèl jenjanm nan yon tas dlo. Kite l bouyi yon 5 mini konsa epi bwè l. Mete anpil jenjanm tou nan labouyi ak lòt manje.

Nou tout nou gen enterè gen kèk nan plant sa yo anba men nou pou nou ka fè preparasyon epi tou pou nou sèvi si nou gen yon ijans lannwit kou lajounen.

Mariliz Wouzye (Marilise Rouzier)

 

Kite yon repons