Yon ti koze a de ant Madam Fabyèn (MF) ak Konpè Zo (KZ).
(MF) rele (KZ) nan telefòn.
-- (MF): Alo! Se Madam Fabyèn, kouman ou ye Konpè Zo? Kouman fanmi an ap boule nan tan Kowona sa a?
-- (KZ): (Ton sipriz ak kontantman) O Madam Fabyèn! Kouman w ye, kouman fanmi an ye?
-- (MF): Nou la Konpè Zo, nou la… n ap kenbe.
-- (KZ): Bon, bò kote pa n; pa gen pi mal pa gen pi byen. Men m pa kache de di w, n ap fè tou sa n kapab pou Kowona pa kwaze avè n. Nou pa fè enpridans, nou rete nan tou n, nou pa mache flannen nan lari. Mwen menm menm menm, Madam Fabyèn lè m blije pran lari, m pa kwè gen moun non ki ka rekonèt mwen: m mete mas, m mete gan… m met chapo… anfen anfen, m byen pwoteje. Menm dèfen manman m, m pa kwè li ta rekonèt mwen si l ta kwaze avèk mwen nan lari.
-- (MF): Konpè Zo, ou pa p kite! Ou gen sou ou!
-- (KZ): Se pa blag m ap ba ou non, Madam Fabyèn. Men malgre tout prekosyon m pran pou Kowona pa fè on fen avè m, m santi Kowona vle kokobe m, konkonzi m, fè m fou….
-- (MF): Konsa menm Konpè Zo?
-- (KZ): Enben, ou konnen: dèfwa lè nèg konn sot travay, nou pase kay zanmi, bay de odyans anvan n antre lakay. Konnye a, nou pa ka fè wonn pòt.
-- (MF): Enben Konpè Zo, se konsa wi pou n kwape Kowona. Men rete konekte ak fanmi w, rete konekte ak zanmi kanmenm. Rele yo nan telefòn, fè on ti pale ak yo, bay de blag, pran nouvèl yo, ba yo nouvèl ou. L ap bon pou ou, l ap bon pou yo tou…. E tankou si w konnen ou gen on zanmi ki genyen vye maladi k ap boulvèse yo… tankou poblèm tansyon, poblèm poumon, sante l pa fin yès, sante l pa fin anfòm eben lò w nan lari a, alò si w nan lari a, pase on kote fè on ti pwovizyon pou moun sa a. Ou pa bezwen nan al wè avèk li non. W ap pote ti sache a, ou a depoze l devan pòt la… w a rele l nan telefòn ou di l ou kite on bagay pou li devan pòt la. W ap wè jan l ap apresye sa. Bon koze m di w la a!
-- (KZ): Sa se vre! Bon, fò m di w, m konprann koze rete konekte ak fanmi, zanmi nan telefòn lan. M ap fè efò sou sa. Men kanta bay blag la Madam Fabyèn, m pa ka pwomèt ou sa. Pa gen kè kontan. Se moun kè kontan ki bay blag. Chak jou ou leve ou fèmen anndan on kay. Ti ekonomi nou te fè a ap pase nan men n, m ta dwe di fin pase nan bouch. Sa rèd anpil wi Madam Fabyèn.
-- (MF): Oum… Ou mèt di li! Nou pran on kou siprann, on kou pa konprann. Nou pa t atann nou avèk bagay sa a ditou. Konpè Zo… ou konn sa k pase nan tèt mwen la a?
--- (KZ): Sa l ye Madam Fabyèn?
-- (MF): De ti pawòl ou renmen di…
--(KZ): Ti pawòl… ki pawòl Madam Fabyèn?
-- (MF): Ti koze ki toujou nan bouch ou, ou toujou ap di: “Nanpwen anyen ki cho ki pa frèt, nanpwen lapriyè ki pa gen amèn.” Zo ou genlè bliye se anba bouch ou m ranmase bèl ti pawòl sa yo? An n pran prekosyon. An n pran prekosyon. Men sitou, an n pran pasyans.
--(KZ): Ou konnen ou fè m ri Madam Fabyèn. Ou se bon elèv!
--(MF): Wi m sonje pawòl sa yo. M sonje yo. Konpè Zo, bagay yo pa fasil, men se pou n rele sou kò a. An n fè aktivite ki pèmèt nou distrè nou anndan kay la: Jwe domino, jwe kat, jwe twa sèt, tire kont menm jan n te konn fè lontan, gade fim ansanm ak fanmi w. Tande ti mizik konpa m renmen danse yo, gade fim ki enterese n. Epitou ou plen moun lakay ou jwe bezig, w a chen.
-- (KZ): Wi, wi se vre, se vre. Tou sa se bon lide Madam Fabyèn, m a travay sou sa ak moun yo. Alò alò moun sa yo tèlman rendong! Men babye yanm lan, babye tè a. Fò m di w tou on lòt bagay ki genyen: gen de lè, mwen menm, m santi m ta rete nan kabann nèt, m pa ta leve, konsa m pa ta oblije pale ni fè fas ak pèsonn moun!
-- (MF): Se pa ou menm senpman Konpè Zo, se pa ou menm senpman. Mwen menm gen de lè m pa anvi fè anyen ditou ditou ditou ditou… M pa sou sa, m ta pase jounen an nan kalbenday... Men m rele sou kò m. M bay dèyè m de tap. M pran fè mouvman ak kò m anndan kay la.
--(KZ): Mouvman anndan kay la? Espas la piti anpil wi Madam Fabyèn. Nou anpile youn sou lòt nan apatman an.
-- (MF): Menm si pa gen twòp espas, gen mouvman nou kapab fè kanmenm. Sitou… tande sa m ap di w la Konpè Zo. Sa a trè enpòtan… Pa rete kouche nan kabann lan tout lajounen. Mwen menm m pwofite ranje pandri, ranje plaka, m fè ti chanjman anndan kay la, bay kò m aktivite. Ou konprann?
- -(KZ) Se on bon konsèy ou ban m la a! Gen kèk ti reparasyon vre m kapab fè, gen kèk ti lòd m ka mete, tankou ranje papye enpòtan, mete on ti frechè tou. Paske lè kouri monte kouri desann lan rekòmanse, m pa p gen tan vre. M ap met tout moun nan travay – fò m di, si yo vle!
-- (MF) Bon! Ankouraje yo, ankouraje yo! L ap bon pou yo….
-- (KZ): Madam Fabyèn, tann mwen on ti moman. M wè makomè m ap rele m, te m di l m ap tounen sou li on lòt kadè.
-- (MF): Dakò Konpè Zo, m ap ret tann ou.
--(KZ): (nan telefòn). Non, non… m panko wè dènyè mesaj ou a, non. M te okipe la a. He… he… hey! Tande zen! Tande tèt chaje, moun sa yo… wouch! Enben, Madan Manno, m ap rele w on lòt kadè.
-- (KZ): He… he… hey! Eskize m wi Madam Fabyèn
-- (MF): Pa gen poblèm Konpè Zo
-- (KZ): Makòmè m di m li voye tout dènye enfòmasyon yo sou maladi a pou mwen nan WhatsApp… Pati de remèd, de vaksen… se pa de koze…
.-- (MF): Se pa tout enfòmasyon k ap sikile deyò a ki kòdyòm non, Konpè Zo. Evite konsantre tout lajounen sou sa k ap di toupatou sou kowonaviris. Sa chaje tèt moun, fè moun viv sou plis tansyon toujou.
-- (KZ): Woy! Afè tansyon sa a, se on maladi ki trèt wi Madam Fabyèn. Mwen menm, m te toujou konnen tansyon m se tankou tansyon on tibebe. Epi, lafwa pase m al wè doktè, lè doktè a fin konsilte m, li di m fò m pran prekosyon paske li wè tansyon an fè on ti monte. Mezanmi depi m fin tande pawòl sa a, Madam Fabyèn, m lage m nan tout ti te grann mwen te konn fè yo. E nan tan kowona sa a, m ta konseye tout moun fè menm bagay la. Mwen menm m fè ti te kowosol mwen, ti te mant, te sitwonèl, te asowosi, atiyayo, te bazilik litlit. M ap suiv pou m wè sa doktè a ap di lè m tounen lakay li….
-- (MF): Konpè Zo ou di on bon pawòl: Mwen menm fò m fè ti te pa m pi souvan tou… Epitou Konpè Zo, evite pran twòp sèl, pran twòp sik, twòp grès tou. Manje ti pòm ou pou ou ka kontwole tansyon an. Bwè anpil dlo…
-- (KZ): Wi, wi se vre dlo. E e mèsi Madam Fabyèn. O! O! Rete! M te gen on pwa m sou dife a, te m wè si l kreve… Ban m on ti tan.
-- (MF): Oke…
-- (KZ): M tounen. Li panko fin kreve. Lè m fè manje Madam Fabyèn se koupe dwèt wi…
-- (MF): E kanta sa Konpe Zo, kanta sa! Bon, m pral kite w la a wi tou. M a rele w, on lòt lè. Konsa tou fò ou rele m tou.
-- (KZ): O wi, o wi wi! Mèsi anpil Madam Fabyèn pou tout enfòmasyon yo. M te kontan ti pale a. Madam Fabyèn, le m pale ave w, m pran fòs. Lè m pale avè w, se on sewòm!
-- (MF): Mwen menm tou Kpnpè Zo. Pa gen poblèm Konpè Zo. Epitou, pa bliye: se mèt kò ki veye kò! Pran swen tèt ou.
-- (KZ): Mèsi!
-- (MF): Jan m ap gade bagay sa a, Kowonaviris la gendwa la pou kèk tan.
-- (KZ): Yo di sa
-- (MF): Fè tou sa ou kapab pou w pwoteje sante ou ak sante fanmi ou. M ale. N a pale ankò.
-- (KZ): Madam Fabyèn, mèsi ankò. N a pale. M pwomèt ou m ap fè tou sa m kapab pou n pwoteje tèt nou ak fanmi an. Mèsi
-- (MF): Pa gen pwoblèm Konpè Zo. Pa gen pwoblèm. M kontan pale avè w.
-- (KZ): M kontan pale avè w tou. E m pwomèt ou m ap rele w ankò..
-- (MF): A m ap kenbe sa wi. Oke, babay.
-- (KZ): Mèsi, babay
-- (MF): Babay
Aktè: Maryse Crevecoeur (Madam Fabyèn); Amidor Almonord (Konpè Zo)
Anrejistreman: Gédéon Jean
Pwodiksyon: Espas Kreyòl