Pwovèb Nan Dyaspora: Ki Wòl Yo?
Rozvel Jean-Baptiste (Wozvèl Janbatis)
On moun ki kite peyi l, al viv on lòt kote, menm si li ta debake kote sa a ak rad sou kò l sèlman, gen on bagay ki enpòtan dimil fwa pase tout byen li te ka posede li pote avèk li: bagay sa a, se memwa li. Se memwa on moun ki tout vi li. Si on moun pa ta gen memwa, nou ta gendwa konsidere li pa egziste. On pati nan memwa chak moun se souvni pèsonèl li: se memwa fanmi ak zanmi, se memwa katye ak vil, se memwa tout eksperyans pèsonèl. On lòt pati nan memwa nou, se on memwa eritaj, kidonk memwa leve-jwenn nou, memwa tout on gwoup moun: se memwa abitid ak koutim (abitid manje, abitid abiye, abitid bon lizay, koutim jwèt, koutim fèt, koutim renmen...), se memwa tou lang gwoup la pale. Anvan m antre pi fon nan koze a, kite m esplike lide leve-jwenn lan: M sèvi ak lide sa a nan sans tout bagay nèt nou jwenn ki egziste nan sosyete depi nou gen konesans: tankou lang, prensip, abitid, koutim... Men leve-jwenn lan, se pa on bagay ki rete kachte nan on bwat: li la nan lavi nou, nou sèvi avèk li, kidonk li chanje, li adapte, li devlope menm jan avèk nou. Konsa chak timoun ki fèt nan on sosyete vin eritye leve-jwenn lan nan on pwen nan devlopman leve-jwenn lan.
Lè on gwoup moun ki gen menm memwa leve-jwenn vin twouve yo nan on menm peyi, se memwa leve-jwenn yo ki kenbe yo ansanm, se li menm ki pèmèt lòt gwoup moun, ki gen memwa eritaj pa yo, rekonèt yo kòm on gwoup. Pati ki pi enpòtan nan memwa leve-jwenn lan, se lang tout gwoup la pale a: se lang lan ki sèvi kòm siman leve-jwenn lan. Se li menm tou ki pèmèt gwoup la transmèt tout pati enpòtan nan leve-jwenn lan bay timoun k ap fèt nan gwoup la. Kidonk, pou gwoup la reyisi nan travay sa a, li enpòtan pou l konprann plas lang lan: fòk tout gwoup la sèvi ak lang lan, fòk li pale l, fòk li ba l valè, fòk li pa lage l, fòk li pa voye l jete.
Gen 2 gwo fòs k ap fè presyon sou tout gwoup k ap fè efò pou yo konsève epi transmèt lang yo ak leve-jwenn yo nan dyaspora: premyèman, nesesite pou gwoup la aprann lang ak leve-jwenn sosyete kote li tabli a, pou li kapab rive jwenn plas li nan sosyete sa a: kòm gwoup la pa ka reaji an blòk devan presyon sa a, gen tandans pou gen moun nan gwoup la ki meprize oswa lage lang lan ak tout leve-jwenn lan; dezyèmman, timoun ki fèt nan gwoup la, gen plis chans pou se lang ak leve-jwenn sosyete kote yo fèt la ki sèvi kòm memwa eritaj pa yo—kidonk lang ak leve-jwenn grandèt yo rete sèlman kòm on memwa pèsonèl pou yo.
Chema m prezante la a, se fason nòmal sitiyasyon an parèt pou nenpòt ki gwoup ki tabli nan dyaspora. Men plis on gwoup gen pwoblèm pou l aksepte lang li ak leve-jwenn li, montre li fyè de yo, se plis li gen pwoblèm pou l kenbe yo nan dyaspora. Gwoup pa nou an soufri jan de maladi sa a. Nan on sitiyasyon konsa, li enpòtan pou tout moun k ap reflechi sou lavi kominote a chache idantifye epi konprann mwayen kòdyòm gwoup la kapab sèvi pou ede l kenbe lang li ak leve-jwenn li.
Sou fontyè lang ak leve-jwenn nou kontre ak pwovèb yo. Kite m bay on ti presizyon la a tou. Mo «fontyè» a pa vrèman montre rapò ki genyen ant 'lang' ak 'leve-jwenn' paske se pa on rapò ki senp: 1) Lang lan se on pati nan leve-jwenn lan, menmsi se youn nan pyès ki pi enpòtan nan leve-jwenn lan; 2) Lang lan pèmèt nou pale de leve-jwenn lan, de tout pati leve-jwenn lan, menm de lang lan tou li menm—dènye koze sa a se on fonksyon ki enpòtan anpil pou moun k ap travay sou lang; 3) Lang ak leve-jwenn gen on rapò ale-vini: youn aji sou lòt, tout tan, san rete.
Lè nou pran tout pwovèb yo ansanm, se tankou on ja ki chaje ak bon pawòl. Se on richès pou tout moun ki manm leve-jwenn lan. Chak pawòl kachte nan on ti anvlòp; lè ou dekachte, ou jwenn on ti ranmase eksperyans lavi nou kòm pèp, on leson: sa pou nou fè, sa pou nou pa fè; sa k dwe fèt, sa k pa dwe fèt; jan sa fèt pou fèt, jan sa pa dwe fèt. Pa egzanp, lè nou di: “Chen di gade pa twòp!”, leson nou vle fè chonje se eksperyans lè on chen kanpe ap gade, gen espwa, depi moun l ap gade a poko fin manje, li ka jwenn on grabday. Se sa leve-jwenn nou ban nou, e se sa lè n ap grandi nou kwè. Se sa k fè yo konsidere chak pwovèb tankou on pawòl granmoun: on pawòl eksperyans, on pawòl sajès, on pawòl ki gen on ti limyè laverite. Pa bliye tou: “Bouch granmoun santi, men pawòl nan bouch li pa santi.”
Sèvi ak pwovèb nou yo se youn nan fason nou kapab rive kenbe kontak ak lang nou ansanm ak leve-jwenn nou nan dyaspora. Pwovèb yo kapab pèmèt jenerasyon ki prale ak jenerasyon k ap vini kenbe men youn ak lòt pou pèmèt lang nou ak leve-jwenn nou rete djanm. Pwovèb yo ban nou prensip ak moral ki ka sèvi bousòl pou gide kominote a. Gen pwovèb pou tout sikonstans. On pwovèb kapab di plis pase on pakèt pawòl anpil, men tou sa kapab sèvi on mwayen pou granmoun tanmen on koze ak timoun sou kesyon ki enpòtan pou lavi yo. On jan pou m kapab montre fason nou ka sèvi ak pwovèb nan dyaspora, m pral reflechi avèk nou sou on pwovèb m twouve ki gen on kokenn chenn enpòtans pou lavi gwoup nou an: «Di bonjou montre chemen.»
Gen 2 istwa Maurice Sixto ki montre klè enpòtans pou nou aprann timoun nou yo di bonjou. Sanba mèt-a-pawòl la koumanse Ti Sentaniz konsa: "Bonjou madanm pi bon pase konn lawout. Pou w al wè koze sa a byen, se bò Chapèl Sen Wòk. Moun Bò Chapèl, depi w gen on bonjou nan bouch ou, y ap monte jous mòn Tayfè, jous mòn Malanga pou y al montre w nenpòt ki kay."
Nou wè klè la a, nan esplikasyon Sixto a, demonstrasyon pwovèb "Di bonjou montre chemen" an. Lè w sou wout, on kout "Bonjou Matant!", osnon "Bonjou Tonton!", osnon "Bonjou Ti Matmwazèl!" ap montre w ki wout pou w fè. Konsa tou, si w pa ta konn wout tou epi ou pa ta konn di bonjou, ou bannann. Se sa menm Sixto montre nou nan Monkonpè Teyofil. Etan Sixto ap pale ak Teyofil, on nèg parèt, "san l pa menm salye Teyofil, li di Teyofil konsa: «Koute non, èske w kapab di mwen kote bòs Absalon rete bò isi a?» Teyofil voye msye al mache; nan pwòp mo pa Teyofil, li voye msye a al rekonèt li (kidonk li voye l al mete bon sans li, bon lizay li sou li), pou nou pa di li voye l al kay Madan Bonjou.
Di bonjou, se pa sèlman chemen, wout, adrès on kote ou vle ale li montre w, sa l ka montre w tou se on chemen esplikasyon, on chemen debouche. On moun ou abitye di bonjou, on moun ou abitye salye l, si w bezwen on esplikasyon l ap ba ou l, osnon l ap chache l pou ou; menm jan tou, si w ap chache on travay, on relasyon bonjou kapab kreye on debouche pou ou.
Nou ka al pi lwen toujou: lè on timoun konn di moun bonjou, tout moun konsidere l, tout moun apresye l; yo di li se on timoun ki byennelve; si on malè pral rive l, tout moun dispoze pou espadonnen l; yo fè granmoun li konpliman, paske tout moun konnen se paske yo ba l bon prensip lakay li ki fè l byennelve. (Nou ka imajine tout konsekans sa ka genyen lè on kominote konsidere on timoun maledve.)
On timoun ki aprann di moun li rankontre bonjou, sa pèmèt li vin gen sans respè pou moun: se nan devlope respè pou moun, l ap aprann vin gen respè pou pwòp tèt pa l. Nan respè pou tèt pa l, l ap vin gen respè pou kominote l ak pou leve-jwenn li.
Koze a te ka bout la a, men gen on degi.
Nan pale ak moun sou pwovèb, m konn tande tout kalite prejije. Gen moun ki kwè pwovèb pa konsène tout moun: dapre yo, sa konsène kèk grenn moun sèlman (tankou moun k ap reflechi sou pwovèb, moun k ap ekri, moun k ap chante); gen lòt moun ki kwè pwovèb se koze moun andeyò: moun sa yo fè m chonje minis Edikasyon Nasyonal la nan ‘Lea Kokoye’ : lè lakontantman anvayi kè Derilis poutèt on 10 goud minis la lage nan men l, epi Derilis ap neye sèvo minis la anba pwovèb, minis la di: «Ah, ces proverbes des gens du peuple!»; gen lòt moun ankò ki kwè pwovèb se bagay tan lontan (se jan granmoun lontan pale, sa pa alamòd jodi a).
Nan chache materyo pou m eseye konprann pozisyon diferan moun sa yo, m al tonbe sou on liv ki rele Le dictionnaire des proverbes et dictons de France. Se yon liv Jean-Yves Dournon ekri, ki parèt nan mezon Hachette, nan koleksyon ‘Livre de Poche’, an 1986. Sa k enterese m nan liv la pou koze n ap fè jodi a, se prefas la, ki parèt anba plim Msye Jean Dutourd, manm Akademi franse. Akademisyen an esplike ki jan lè l te timoun li te konn pran pwovèb yo fè rizib, pran on pati nan youn, twoke l ak on pati nan on lòt. Men laj vin fè l konprann pwovèb yo se on gwo kou filozofi pou malere ak malerèz yo, se sa k ba yo sipò anba siyad lavi. Nan fen prefas la, akademisyen an di: dapre li menm se lè tout kretyen vivan ta bliye tout pwovèb nèt tankou premye kazak manman yo te mete sou yo, osnon lè on save ta lage on pwovèb, epi tout moun ta konsidere sa tankou on pawòl antik, se lè sa a sèlman n a kapab pale de pwogrè toutbon vre. Msye di: moman sa a po ko prèt pou rive!
M dakò ak koze sa a. M pa konn pou nou. Pwovèb pa p janm ni kanni tankou kasav, ni pouri tankou fig yo bliye nan gadmanje. Pwovèb ap toujou rete fre tankou ze ki fenk soti byen cho nan vant poul!
Mezanmi, pwovèb la di: « Pawòl anpil, machwè gonfle! » Mèsi pou pasyans nou!