Pwoblèm lasante ann Ayiti

BON NOUVÈL
Pwoblèm lasante ann Ayiti

Pèp ayisyen se yon ti pèp ki fè pitit tankou chini. Apre endepandans nou, an 1804, peyi a te genyen anviwon yon demi milyon moun (500.000). An 1950, li te deja gen plis pase 3 milyon moun. An 1975, popilasyon an depase 5 milyon.

Pou chak mil moun k ap viv, ap genyen 36 moun ki fèt, epi 15 moun ki mouri chak ane. Sa fè popilasyon an ap ogmante chak ane de 21 moun pou mil.

Nan ane 1970 la, yo te kalkile genyen 172,800 ti kreyten vivan ki fèt, e 72.000 moun ki pati pou peyi san chapo. Konsa, genyen 100.800 moun an plis chak ane nan peyi a.

Genyen 196 lopital avèk 3.378 kabann. Lopital sa yo, nou konnen, se nan lavil yo ye, epi pi plis nan yo pa fèt pou pòv malere. Menm si yo ta pou tout moun, genyen yon sèl kabann pou 1.500 moun anviwon.

Genyen yon doktè pou 50.000 moun nan zonn andeyò. Lavil se youn pou prèske 20.000 moun. Genyen yon enfimyè pou 12.000 abitan anviwon.

Prèske tout moun sa yo, pou nou pa di tout, se nan lopital, nan dispansè yo rete chita ap bay kout sond, kout sereng, prèskripsyon adwat agòch. Yo tèlman travay, yo tèlman fatige, yo pa gen kouray pou resevwa moun ankò. Moun ap soufri, yo pa kab okipe yo. Pafwa se ak dis pli nan figi yo yo resevwa malad yo. Moun yo pè ale kote yo.

Yo pa gen tan pou yon bon ti koze ak yon malad, ba yo plis esplikasyon sou maladi yo. Jan malad yo ta kontan sa!

Genyen ki, malgre fatig, toujou genyen yon ti pasyans, yon ti souri pou malad yo. Konbyen yo ye mezanmi? Antouka, kout chapo pou yo.

Kilè n ap genyen doktè ki kite lopital yo pou ale andeyò ale fè yon ti reyinyon, fè ti koze ak gwoupman kominotè yo...

Lopital, dispansè, doktè, enfimyè, ta met ogmante 3 fwa, 4 fwa plis, pwoblèm lasante popilasyon an p ap janm vin pi bon depi bagay sa yo rete lwen, lwen pèp la. Fòk genyen sèvis lasante ki pi pre moun yo, ki chita nan bitasyon andeyò yo, k ap fè edikasyon pèp la san pran souf.

Toutotan nou pa konbat rasin maladi yo, se lave men souye atè, se taye gazon. Edikasyon yon pèp, se tankou pi bon renmèd ki atake sous maladi yo menm. Moun yo ap chache rezoud pwoblèm yo lakay bòkò. Poukisa? Sèke bòkò yo pi pre yo, yo ba yo plis esplikasyon. Depi dat legliz ap konbat sipèstisyon, ap preche kont lwa, bòkò! Legliz mèt sote ponpe, si edikasyon moun yo pa fèt, tout kout prèch p ap rezoud pwoblèm yo.

Anpil maladi, k ap fè ravaj nan mitan pèp la, se iyorans ki lakòz yo: iyorans nan afè lizay, iyorans nan afè byen manje. Se iyorans sa yo ki rasin sipèstisyon. Se yo tou ki rasin maladi yo. Denpi pa gen yon edikasyon ki fè moun yo pran konsyans piti piti, sipèstisyon p ap janm kaba, maladi ap toujou fè ravaj. Moun yo ap toujou kwè nan lwa, lenmò, bòkò.

Konsa tou, gaspiyaj pap janm fini, divizyon ak rankin p ap janm fini. Kote ki gen divizyon tout efò devlopman ap toujou bwè luil.

Dapre yon rapò Sektè mediko-sosyal, Karitas dyosèz

Ench, 1977

 

Kite yon repons