| Libète
1er – 7 novanm 1995 * Ane 4 * No 162 |
Yon rale sou Pwentarakèt (Lagonav)
Pwentarakèt chita sou kote sid zile Lagonav. Si yon moun pran batiman Monwi, w ap pase ant inè ak 2 èd tan, w ap soti sou kote nò Lagonav, ki se Ansagalè. Moun Pwentarakèt plis pase Miragwàn men, lè kon sa, yo pase 3 zè d tan sou lanmè. Zile Lagonav gen 2 komin, Ansagalè ak Pwentarakèt. Chak 2 komin sa yo, gen 11 seksyon kominal. Chak komin ak tout seksyon kominal yo ap monte yon masuife, tèlman yo gen anpil pwoblèm.
Pwentarakèt gen prèske 100 mil moun k ap viv ladan. Chif sa a la depi ane 1986. Kidonk, jounen jodi a, chif la ogmante. Genyen yon dispansè ki anba men misyon wesleyèn k ap sèvi popilasyon an. Lè gen yon gwo ka tankou koze operasyon, se Pòtoprens pou yo kouri ak malad la. Si gen move tan, si lanmè a move, malad la ka gen tan mouri. Komisarya polis Pwentarakèt la gen sèlman 7 polisye enterimè. Chak polisye sa yo gen nan men yo, yon revòlvè Kòlt 38 pou defann tèt yo. Komisarya polis la pa gen kabann, se sou yon ti matla eponj polisye yo dòmi. Si yon jou polisye sa yo pran nan nich, yo pa gen mwayen kominikasyon pou yo ta rele komisarya polis Ansagalè a, pou vin pote yo sekou.
Menm jan ak Ansagalè, Pwentarakèt pa gen kouran men, li gen yon Teleko ki sèvi tout popilasyon an, sitou pou sa ki gen moun nan peyi lòt bò dlo. Gen defwa, lè Teleko Ansagalè a an pàn, moun yo konn mache 45 kilomèt apye, al jis Pwentakakèt nan telefòn. Se òganizasyon ki pa sou kont gouvènman yo (ONG), nan Ansagalè yo, k ap sèvi dezyèm seksyon kominal la. Abitan nan Pwentarakèt viv ak lapèch. Chabon yo fè al vann nan Miragwàn. Genyen yon lise ak yon lekòl nasyonal ki nan yon move eta. Depi w tande lekòl louvri, chak jou Bondye mete, plizyè santèn timoun mache 45 kilomèt sou 2 pye yo, pou al lekòl Ansagalè. Rezon ki lakòz kalamite sa a, se wout ki pa genyen. Kòm pa gen wout, machin pa fè trafik ant 2 komin yo.
Yon piti yo biye
Si plizyè kote anndan peyi a gen yon ti amelyorasyon nan kèk tribinal, nan Pwentarakèt bagay la pa chanje. Okontrè, sa vin pi mal. Tribinal la pa gen materyèl pou jij ak grefye travay. Kamit Senvil, grefye tribinal la di nou: "Nou kontinye travay nan tribinal la, paske nou pa vle kite popilasyon an kon sa, tribinal la malad nan tout kò l. Mwen menm antan grefye, mwen pa menm gen yon kaye pou fè achiv." Li te kontinye pou l di: "Otorite konsène nan Pòtoprens pa janm fè yon ti efò pou amelyore sitiyasyon tribinal la." Jij sipleyan tribinal la, Patris Brino, deklare: "Tribinal Pwentarakèt la gen gwo pwoblèm. Nou pa gen sekirite, lè nou voye manda bay yon moun, ou pa jwenn polisye. Sa konn lakòz manda pa janm rive." Pou sa k konsène koze dezame atache yo, Patris Brino di: "Pa gen dezameman ki fèt isit la. Se tout lajounen kèk manm FRAPH ak makout ap kraponnen moun, fè entimidasyon sou moun." Li te ajoute: "Se tande nou tande gen militè Nasyonzini sou zile a. Se Ansagalè sèlman yo chita, se lè yo sou flann, yo fè yon rive Pwentarakèt."
Moun Pwentarakèt gen menm revandikasyon ak moun Ansagalè konsènan vis delege Lagonav la, Silven Chanèl. Era Wozye, prezidan Asosyasyon Patriyòt Zile Lagonav di: "Se yon erè grav gouvènman an fè, lè li chwazi Silven Chanèl kòm vis delege zile a. Nou kapab konte sou dwèt nou konbyen fwa vis delege a vini nan Pwentarakèt." Li te ajoute: "Popilasyon an gen anpil pwoblèm. Chanèl pa menm mete yon biwo nan youn nan 2 komin yo, pou popilasyon an voye doleyans li bay gouvènman an. Sa k pi rèd la, 30 septanm ki sot pase a, vis delege a pa òganize okenn manifestasyon, pou te make dat la jan prezidan Aristid te mande l la."
Pawòl verite bay kè sote
Majorite moun nan 2 komin zile Lagonav kritike vis delege a anpil, paske li pa angaje l vreman nan travay pou devlopman zòn nan. Popilasyon an akize vis delege a nan koze eleksyon depite ki gate nan Ansagalè. Li kritike l tou poutèt li plis travay ak yon ti gwoup moun.
Nan yon sitiyasyon kote tout yon popilasyon ap soufri, reprezantan Leta a pa janm fè yon rapò sou sitiyasyon moun k ap viv sou zile a. Li ta bon pou otorite konsène yo ta pran yon desizyon pou wè kòman yo kapab satisfè nan revandikasyon popilasyon an. Moun zile Lagonav ap tann yon repons byen klè nan men otorite yo.
Kòlsonn Dòme






















