Poukisa Ayisyen Kite Lakay Yo?

SÈL

Nimewo 9

Poukisa Ayisyen kite Lakay yo?

Se kounye a kozman de kite Ayiti a ap pale. Pòtoprens, nan anbasad Etazini, ak anbasad Kanada gen plizyè milye non moun k ap tann “yo rele yo”. Gen Ayisyen menm ki dezespere: yo jete kò yo nan lanmè, abò ti vwalye, yo pati pou Naso oubyen pou Miyami.

Paske n ap sibi anba bann makout asasen yo depi 16 ane, nou bliye gade poukisa gen tout Ayisyen sa yo deyò. Jodi a, nou ta vle chèche konnen kisa ki esplike gen si tèlman Ayisyen aletranje. N ap chèche konprann tou ki wòl gouvènman makout la genyen nan zafè pati sa a.

PWOBLÈM TÈ A MAL REGLE ANN AYITI

Se pa pou bon plezi yo, moun kouri kite peyi natif natal yo. Lè sa rive, fò w kwè lavi a rèd vre, fò w kwè lavi moun sa yo an danje.

Gade byen! Ann Ayiti, anvan tout bagay, se tè ki fè moun viv. Sou chak 100 Ayisyen, gen 85 k ap viv andeyò. Sou chak 100 Ayisyen, gen 92 se travay tè ki fè yo viv.

Men, nan men ki moun tè chita ann Ayiti. Se grandon yo, se gwo abitan ak Leta ki gen tè. Sa mennen gaspiyay ak gwo enjistis. Se konsa, anpil tè sa yo kouvri ak raje: pèsonn pa travay yo, pandan tan sa a, abitan pa gen yon ti moso pou l plante patat. Se konsa sa ap pase depi Ayiti Ayiti. Yo rakonte kouman vè ane 1880, 3/4 plenn Kil de Sak te rete la ap gaspiye. Se menm bagay ki t ap pase nan Nò ak nan Sid. Mete sou li kanal dlo yo ki te kraze, wout ki te defonse, n a konprann kouman afè abitan pa te bon.

Lè se gwo abitan, grandon ak Leta ki gen tè nan men yo, anpil bagay pa kab mache. Konsa, gen yon pakèt gwo jenn gason ki pa gen yon ti kal tè pou yo plante, se flannen y ap flannen. Abitan ki jeran jaden, osnon kèk bitasyon, se asosye yo ye: se lamwatye rekòt la sèlman ki pou yo. Abitan ki eritye tè fanmi, se yon ka osnon yon sèzyèm kawo yo genyen: nanpwen mwayen viv ak sa!

Se pa lajounen jodi a ti abitan ap lite pou tè a rele yo chèmèt, chèmètrès. Depi blan franse pati, ane 1804, se nan batay sa a yo ye. Yo deja pa gen anyen, men se pa ni youn ni de fwa, devoran yo vle lage yo 2 men vid nèt. Se pa ni youn ni 2 fwa tou, yo file manchèt yo pou yo defann dwa yo. Men malgre tout batay, sitiyasyon yo pa vin miyò.

Vè ane 1870, peyi a tonbe nan boulvès: nanpwen lajan, kès Leta vid. Gen yon gwoup gwo komèsan Ayisyen ki ta vle dirije pwoblèm ekonomik peyi a. Yo lage kò yo nan politik tou. Men lagè sivil fini avèk yo. Abitan yo bouke: yo pran lè zam: Kako nan Nò, Pikèt nan Sid. Konpayi etranje pral kòmanse antre nan peyi a. Lè sa a, sitiyasyon abitan pa t bon menm! Se mizè yo t ap manje! Fò nou konnen, soti 1804 rive 1864, te gen 3 fwa plis moun nan peyi a. Ane 1804 te gen 400.000 Ayisyen konsa, ane 1864, nou te gen tan rive 1.100.000. Nan kout kat sa a, pou chak ti pòsyon tè vin gen pi plis eritye: chak moun soti ak pi piti. Lèfini, se chak jou rekòt la ap vin pi pa bon. Sa k rive? Enben, se mizè ki vin pi grav.

Abitan soti ap peye abi gwo zotobre yo ap fè yo sibi. Yo pa wè ni devan, ni dèyè. Yon sèl bagay y ap kalkile: se mete deyò, pati pou Sen Domeng, oubyen pou Kiba. Lè y a rive, y a wè sa pa regle pwoblèm nan! Ane 1884, te gen 500 Ayisyen deja Sen Domeng. Ane 1920, te gen pase 63.000 Ayisyen ak Jamayiken ki te antre Kiba. Menm ane 1920 sa a, nou aprann te gen an tou 70.000 Ayisyen konsa Kiba.

Kifè la, se paske pwoblèm tè a mal regle ann Ayiti, ki fè Ayisyen te kouri kite peyi a. Se paske sa ki gen tè te kenbe yo pou kont pa yo, se paske pifò abitan pa t gen tè, se paske jeran yo t ap sibi enjistis, se paske ti kal tè abitan yo te genyen an te vin pi piti chak jou, se akòz tout bagay sa yo Ayisyen te met deyò, ale chèche lavi yon lòt kote. Gen 2 lòt rezon ki vin mete sou sa, ki fè n konprann poukisa Ayisyen ap kouri vin aletranje konsa. Premye a, se gwo konpayi etranje ki fè dappiyanp sou tè peyi d Ayiti. Dezyèm nan, se briganday makout Divalye vin lage nan peyi a, andeyò tankou lavil.

ETRANJE FOURE PYE YO

NAN JANM KANSON AYITI

Tout moun konnen, Ayiti fè komès ak gwo peyi etranje. Peyi sa yo mete lajan deyò. Men yo ranje kò yo pou yo piye piti yo, pou lajan an rapòte yo pakèt benefis. Ayiti bon pou peyi sa yo nèt. L ap achte nan men yo bagay li pa fè lakay li (machin, zouti, twal, etsetera)… L ap vann ba yo sa tè l pwodui, ak metal li gen anba tè l. Boukantay sa a pase mal, paske lè gwo peyi yo achte, se yon betiz kòb yo bay Ayiti. Nou menm, se ma lajan nou oblije peye bagay ki sot aletranje. Konsa, nanpwen monte pou abitan. Men grandon yo ak Leta jwenn kont avantaj yo: tout pwofite sou do abitan an. Konsa, Leta ak moun ki gen anpil tè, pa soti pou sitiyasyon an chanje menm. Pa bliye tou konpayi etranje yo pa gen enterè pou n travay tè a ak bon jan zouti, yo pa vle non plis pou gen anpil izin nan peyi a, paske sa mache byen pou yo jan l ye a, e yo pa soti pou yo mete lajan deyò pou fè bagay yo avanse. Sa ou vle abitan fè? Kou li jwenn mwayen, li vire do l ba peyi a.

Sou tan blan ameriken (1915-1934), mizè abitan vin pi rèd, se pi rèd tou yo pati. Ameriken te touye anpil abitan ki t ap goumen bò kote Chalmay Peralt ak Benwa Batravil (1916-1920). Leta te wete tè nan men abitan pou l te bay gwo konpayi etranje (Asco, Konpayi tren Mak Donal, Konpayi bèlj, e pi ta va gen Plantasyon Dofen ak Chada). Marin kò te touye anpil moun, nan Nò ak nan Sid sitou. Tout malè sa yo mete ansanm, fè Ayisyen pran wout Kiba ak Sen Domeng kou pa posib. Ane 1920, te gen 28.258 Ayisyen Sen Domeng; ane 1925, te gen tan gen 100.000. Ant 1915 ak 1930, te gen 300.000 a 400.000 Ayisyen ki pati pou Kiba. Pifò ladan yo te rete nan batey Santiago yo. Se nan koupe kann yo anplwaye Ayisyen yo. Se pou sa mèt izin yo te bezwen yo. Pifò izin sa yo se te pou Ameriken. Mesye sa yo te monte yon gwo konmès ak koze abitan ayisyen an. Yo te ouvri biwo plizyè kote ann Ayiti pou yo te ranmase abitan pou Kiba. Depi abitan yo fin bay non yo, blan an kòmanse fè lajan sou tèt li, jouk li rive Kiba kote li pral travay la, e menm la toujou, yo konn kontinye…

Vè ane 1960, gwo peyi yo te bezwen moun pou travay pou yo ankò. Sa pral ankouraje Ayisyen pati. Men fwa sa a, se pa p abitan sèlman ki pral pati, men anpil moun lavil, anpil moun gwo metye pral kite peyi a. Gwo vil tankou Nouyòk ak Monreyal ap redi Ayisyen vini. An menm tan, Baamas ak Sen Do-meng bezwen bra Ayisyen pou fè travay blan an mache.

Gwo peyi yo ranje kò yo byen ranje pou yo foure pye yo tout jan nan janm kanson Ayiti. Lakay nou, yo ranmase travayè pou izin yo. Lakay nou tou, yo jwenn moun pou vin travay nan biwo yo, ak nan biznis yo. Yo ouvri baryè a, oubyen yo fèmen l, selon jan yo bezwen Ayisyen pou regle zafè yo. Yo pa ta renmen piyay sa a fini. Ositou, yo soti pou yo soutni gouvènman “restavèk” Ayiti yo: yo ba yo lajan, yo ba yo zam. Nan koze sa a, se pèp la ki kontinye soufri anba diktatè yo.

GOUVÈNMAN TONTON MAKOUT YO:

TÈT CHAJE EKONOMIK,

KRIM, PWOBLÈM LEKÒL

Nou te esplike deja kouman kozman tè ann Ayiti te pase mal vè ane 1880. Gwo konpayi yo gen pakèt pwopriete: se piti yo ki pèdi pa yo. Grandon yo san pitye pou moun k ap travay sou tè yo. Leta menm ap pete fyèl abitan anba taks. Espekilatè ap plede vòlè yo. Jwèt la kontinye konsa. Zafè ap bese chak jou, men sèlman, peyi a vin gen pi plis moun. Nan resansman ane 1950, yo te jwenn pase yon milyon abitan ki pa gen tè ditou. Vè ane 1956, Ameriken te kwè yo te regle pwoblèm pa gen lajan an ann Ayiti. Men, menm ane sa a, deblozay pete. Kounye a, pa gen travay, abitan ap kite andeyò pou yo viv lavil, nou vann pou mwens kòb ba peyi etranje yo, kès Leta an defisi. Jwèt gate. Moun k ap sibi kòmanse reklame dwa yo. Sitiyasyon sa a pral fè Ayisyen mete deyò.

Se nan jwèt gate sa a Divalye pwofite monte o pouvwa, gras a konkou Ameriken pote l. Tout kalite moun ki t ap sibi enjistis, fin wè mò pou yo defann enterè yo: sendika travayè, sendika plizyè kalite metye, pati politik, tou sa an mouvman. Ayisyen pral kòmanse pati. Sou Franswa Divalye, politik mete bouch nan koze a: Kifèla, se pa rezon eko-nomik ase ki lakòz Ayisyen ap kite peyi a. Fwa sa a tou, anpil moun lavil antre ladan. Avoka, pwofesè, agwonòm, enjenyè, kontab, doktè, en­fimyè, komi magazen, travayè, chomè lavil, tout kalite moun sa yo ap mete deyò, vwayaj sou vwayaj. Gen sa ki pati pou Etazini, Kanada, Kongo, gen sa k sige Baamas, gen sa k kontinye vide Sen Domeng.

Sou Divalye, sitiyasyon politik la pou anpil nan fè Ayisyen kite peyi a. Sonje krim ak abi tonton ma­kout yo ap fè nan tout peyi a. Sonje tou mati yo fè moun sibi nan prizon. Lèfini, gen pakèt moun k ap chèche regle kont ak lòt. Divalyeris ap vòlè lavil tankou andeyò. Pitit fi moun, madanm moun pa gen okenn pwoteksyon avèk makout yo. Anpil moun degoute peyi a. Aprè grèv etidyan yo, ane 1960, apre grèv entèsendikal la, ane 1963, yon pakèt Ayisyen oblije kite peyi a. Se konsa tou, chak fwa fin gen yon konplo, osnon yon envazyon, se pa santèn Ayisyen pati ann egzil.

Sou Divalye, gen yon lòt kalite moun ki pati anpil: se elèv lekòl ak inivèsitè. Gen sa ki pati ann egzil ak paran yo. Gen sa ki pati, paske yo dekouraje chèche yon twou kote pou yo aprann yon bagay, lè yo fin fè retorik oubyen filozofi yo. Anpil pa vle antre inivèsite ann Ayiti, paske yo mande yo pou yo tounen makout. Epitou, gen sa ki wè pwofesè yo si tèlman ap betize ann Ayiti, yo pa gen okenn anvi al pèdi tan yo sou ban lekòl lakay. Fò w di tou, pou anpil moun, al etidye aletranje se yon mòd: yo deklare se kay blan sèlman ou kab aprann bon bagay, yo san respè pou bon bagay ki egziste nan peyi a. Nan kozman sa a, anpil paran, anpil pè, frè, mè etranje, anpil pwofesè tou ankouraje ti Ayisyen kite peyi a. Se konsa gen plizyè milye ti Ayisyen, fi kou gason, ki pati al etidye Etazini, Kanada, ann Ewòp, o Meksik.

Divalye nan tèt jwèt li nan fè Ayisyen kite peyi a. Konsa, li fè kè mèt ke l kontan: li ba yo travayè ki touche pi piti pou chan kann yo, osnon pou travay pou touris, osnon ankò pou faktori. Li jwenn repo ak moun ki t ap ba l traka nan politik la, sitou ak etidyan, pwofesè, manm sendika, piske li fout yo deyò. Ayisyen deyò yo regle zafè Divalye tou, paske yo voye anpil lajan ann Ayiti. Sot ane 1967, rive ane 1969, Ayisyen k ap viv Ozetazini te voye 25 milyon dola ann Ayiti. Sot ane 69, rive ane 1971, yo te voye pase 33 milyon dola lakay yo. Nan kout kat sa a, anpil etranje, anpil boujwa Pòtoprens fè gwo lajan ak Ayisyen k ap vwayaje yo (ajans vwayaj, konpayi avyon...) Leta li menm òganize l tou pou l fè kòb sou do Ayisyen k ap pati yo. Li ouvè yon trafik ak koze “non monte, non desann lan”. Li pete fyèl moun ak yon paspò ki koute pi chè pase nan tout peyi. Li monte pri viza. Li oblije tout moun k ap kite Ayiti pran yon asirans vwayaj.

YON DÈNYE PAWÒL

Se jan peyi a bati pou pèmèt yon gwoup moun viv sou do lòt ki premye esplike poukisa Ayisyen kite peyi a konsa. Sou Divalye, politik mete bouch ladan: ou jwenn tout kalite moun ap pati. Elèv ak etidyan antre ladan tou.

Se peyi etranje yo ki premye pwofite nan pati pakèt Ayisyen sa yo. Se Ameriken sitou sa sèvi, paske se pou yo Ayisyen al travay nan batey kann, oubyen nan faktori, oubyen ankò nan ti dyòb Naso pou fè gwo blan yo fè gwo benefis ak touris. Se gwo peyi yo ki jwenn avantaj nan pakèt doktè, avoka, en­fimyè, enjenyè ki pa koute yo anyen, alòske pèp ayisyen depanse pakèt lajan pou moun sa yo rive la. Se gwo komèsan peyi a ki pral wete kòb la nan men Ayisyen ki resevwa lajan ki sot aletranje a. Se gou-vènman makout la ki kontan lajan antre pou l kab regle zafè l. Ayiti menm, se pèdi li pèdi travay bra ak entelijans pitit li yo ki te dwe ede l fè travay tè rapòte. Ayiti pèdi tout pakèt nèg sèvo, pakèt bon bòs ki konn metye yo. Sitiyasyon politik peyi a bese, paske pakèt moun ki te kab ede pèp la delivre tèt li anba volè yo, anba asasen yo, twouve yo ann egzil.

Lè n ap plenyen paske gen anpil Ayisyen deyò, se pa di: “Po dyab, mwen pa kapab ankò ak fredi bò isit, osnon ak sobwe Nouyòk.” Se pa annik fè je w swe non plis, paske ou sonje vye fanmi w yo. Koze a al pi lwen pase sa! Se pou n eseye konprann kouman peyi a mal bati. Lè sa a, n a wè poukisa Ayisyen oblije met deyò konsa. Si n konprann sa, n a deside chèche toutbon sa pou n fè pou Ayisyen k ap soufri aletranje yo. Se konsa, si yon moun vle ede pakèt Ayisyen Naso lapolis ap chèche pou l anbake ann Ayiti yo, enben, l a travay ak tout mwayen li genyen pou l fini ak tout kalite vye gouvènman k ap betize ak peyi a. L a travay an menm tan tou pou l fini ak koze etranje k ap dechèpiye peyi sa. L a travay tou pou abitan jwenn tè ki rele l chèmèt chèmètrès. L a chèche wè kouman pou n fè travay tè ann Ayiti rapòte pi plis, pou n mete bon kalite izin tou, pou peyi a kab mache. Se menm jan an tou pou n boule si n vle fè kichòy pou pakèt Ayisyen y ap meprize, y ap pèsekite Sen Domeng, oubyen pou kolonn Ayisyen Nouyòk ak Kanada y ap piye nan faktori, e y ap chèche mete deyò. Si yon Ayisyen kalkile tout-bon vre sitiyasyon Ayisyen ki aletranje, nanpwen jou pou li pa konprann se lè n ranje peyi n lan, se lè sa a ase mizè va fini pou nou.

Yon pwofesè Ayisyen

Kite yon repons