Yo koupe tèt solèy, o!
Lang Kreyòl: Pou ki sa - Pou nou rive ki bò?
Nou abitye tande yo di “Chak moun gen gou yo”. Men, èske tout sa moun renmen, tout sa moun kwè ki bèl, sa yo kwè ki bon oswa pa bon soti toutan dapre pwòp rezònman pa yo?
Lè w ap etidye maketing, ou pral dekouvri ki jan gwo konpayi yo itilize sikològ pou travay langay ki nan piblisite, dekwa yo ka oryante sèvo moun pou yo renmen pwodui yo vle w achte. Se menm teknik lan gwonèg yo itilize lè y ap deside pou ou ki sa ou dwe renmen, ki sa ou dwe rayi, ki sa yo vle w adopte, ak sa yo vle w rejte.
Nan politik, yo chwazi mo ak ton pou yon pawòl soti, dapre jan yo vle moun k ap tande yo reyaji. Yo chwazi fè sa pou yo fè w gen sansiblite pou sa yo vle w sansib pou yo, pou yo fè w move kont sa yo vle w move kont yo, pou yo chofe w lè yo vle w anbrase kòz yo vle w sipòte a, eksetera. Paske, tout fòs koze a chita nan kapasite pou yo dirije panse moun, oryante panse moun. Lang, se youn nan gwo zouti yo itilize pou yo fè sa.
Bagay sa yo pa nouvo. Depi nan tan kolonizasyon, nou wè jan kolonizatè yo chwazi enpoze lang pa yo epi devalorize lang matènèl moun yo kolonize yo.
Nan yon atik li rele: “The Position of Language in Development of Colonization”, Wòl lang nan devlopman kolonizasyon), pofesè Mohammad Khosravi Shakib[1] (Shakib 2021) di nou: Paske kolon yo konprann enpòtans lang ak dominasyon kiltirèl, nan peryòd kolonizasyon an, kolon yo itilize lang kòm zouti kiltirèl, pou eseye plante lide pa yo, kwayans pa yo, ak koutim pa yo, yon fason byen sibtil nan tèt moun yo kolonize yo. Yo itilize mwayen sa a pou yo ka fin tabli, kore, anrasinen epi bay kolonizasyon yo a jarèt. Kòm rezilta, lang ak kilti sosyete yo kolonize a vin an feblès. Konsa, moun yo kolonize yo soumèt yo anba pouvwa souvren kolon yo; epi tanzantan, yo kontinye aksepte tout aspè dominasyon kiltirèl ak langay kolon an. (Mohammad Shakib se pofesè nan INIVÈSITE LORESTAN an IRAN) –
Erezman, gen nan nou ki ap reziste pou nou pa pèdi baton pa nou an, pou nou pa pèdi lang pa nou an; gen nan nou ki ap lite toutbon pou liberasyon an. Se pou sa m ap envite nou reflechi sou kesyon sa:
Lang Kreyòl: Pou ki sa - Pou nou rive ki bò?
Lè nou konnen kouman lang gen enfliyans sou jan moun panse[2]. Lè nou konnen kijan: Lang se tankou on dra bwode ki kouvri on bagay ki pi enpòtan[3], ki pi fon pase sa ki parèt la, lè nou konnen kouman kolon yo toujou asire yo, yo kanpe dèyè lang pa yo, e yo kraze lang lòt pèp yo vle toupizi yo, nou pa ka rete gade san nou pa fouye pi fon, pou nou konprann pou ki sa, ki enterè yo gen nan sa.
Nan fouye zo nan kalalou, founi zòrèy koute sa lòt moun di, nou jwenn yo di: lang nou pale enfliyanse jan nou panse, jan nou wè mond lan, ak jan nou viv lavi nou (O.Yu. Mykhailyuk, H.Ya. Pohlod, 2015)[4]. Nou jwenn tou on nonm tankou Doktè Sen Fò (Hugues Saint-Fort) ki di nou: “lang se ideyoloji” [5]. Kolon yo konn sa. Se sa ki fè yo toujou asire yo, yo kanpe dèyè lang pa yo kòm zouti dominasyon ak enfliyans ideyolojik.
Si nou gade ann Ayiti n ap wè, ni Lafrans, ni Etazini, ni Espay, ni Almay, eksetera, gen enstiti lang pa yo nan peyi a. Paske lang lan charye on bagay pi fon pase “dra bwode” nou wè a. E, se Borosky[6] ki pral fè nou konnen: Lang charye yon bagay ki pa vizib, men ki fò kòm zouti oryantasyon panse. Kidonk: Lang ka sèvi kòm zouti dominasyon kiltirèl; tankou, li ka sèvi kòm zouti liberasyon. Kolon yo sèvi ak lang pa yo pou yo fè dominasyon kiltirèl. Dèyè dominasyon kiltirèl sa a, gen enterè ekonomik yo ki la.
Kidonk, lè nou konnen enpòtans ideyolojik lang, tout fòs kache li charye dèyè l; lè nou konnen enpòtans on zouti, on machin kiltirèl ki kontwole jan moun panse, jan moun gade valè yon bagay parapò ak lòt; lè nou kalkile sou rapò klasifikasyon sosyal yo; tout enterè politik, enterè ekonomik ki dèyè on lang, nou pa ka neglije fòs sa a. Sitou: nou pa ka inyore fòs lang pa nou an pou nou al mache anba fòs lang lòt pèp, fòs lang lòt nasyon.
Gen moun ki ka pa janm mande pou ki sa peyi Lafrans envesti lajan nan sa li rele “frankofoni” an. Gen moun ki ka panse, se on senp afè lang pou lang. M ta renmen fè nou konprann: peyi sa yo pa mete lajan deyò pou ganmesi. Kolon yo pa janm kwè nan depanse. Yo kwè nan pwofi! - Lajan!. Koupe Klouwe ta di: “Siy yo se lajan”[7]. Lafrans gen enterè ekonomik li l ap defann nan frankofoni an.
Lè on moun aprann on lang etranje, sa fè ou benyen nan kilti etranje sa a. Etan w ap benyen nan kilti a, ou vin devlope gou pou pwodui peyi etranje sa a. Konsa, omwen oumenm ak moun ozalantou w yo vin tounen kliyan potansyèl, konsomatè pwodui peyi etranje sa a. Nan kèk ka, menm lè moun sa a pa maton vre nan lang lan, li ka sèvi kòm ajan pwomosyon pou pwodui kiltirèl, pwodui entelektyèl ak pwodui endistriyèl peyi etranje sa a. Kidonk, etan peyi sa yo ap fè pwomosyon lang pa yo ak enstiti lang yo a, se kreye y ap kreye mache, kreye kliyan pou pwodui lakay yo. Se enterè ekonomik yo y ap defann.
E noumenm, kote enterè pa nou? Ki plas lang Kreyòl la nan defans enterè sa a?
Pou mwen, si nou vle defann enterè nou vre, - enterè nou kòm pèp, nou pa ka gade koze kreyòl la tankou on senp koze lang pou lang. Paske, jan nou wè a, lang charye yon valè bagay dèyè l. Lang lan makònen ak divès lòt bagay. Li fè pati yon ansanm. Jan pwovèb la di: “Plizyè ti pakèt fè pil”. Yon peyi, se yon pil e yon ansanm. Kidonk, koze lang Kreyòl la dwe rantre nan tout yon pwogram, tout yon vizyon pwogrè nasyonal.
Dapre Walter Rodney (Rodney 1983) « yon sosyete devlope tèt li lè manb sosyete sa a ogmante kapasite yo ansanm pou yo fè fas ak anviwònman yo ».[8] Kesyon an se: kouman moun nan yon sosyete ka ogmante kapasite yo ansanm pou yo fè fas ak anviwònman yo ansanm, si yo pa p sèvi ak menm zouti kominikasyon, menm zouti refleksyon an ?
Gen kèk lòt ekonomis ki kwè: pou moun fè devlopman fò yo nan yon anviwònman kote youn ka gen bon relasyon ak lòt, pou youn konplete lòt. (Alkire 2002) [9]. Kouman moun ka gen bon relasyon youn ak lòt pou youn konplete lòt si yo pa ap pale menm lang pou yo klè youn ak lòt?
Dapre Kalecki: Chak sosyete, chak sistèm sosyal gen yon teyori devlopman ki kadre ak li[10]. Chak peyi dwe gade pwogram devlopman li dapre sitiyasyon li, dapre kilti li, dapre sa li ganyen, dapre sa li bezwen fè, dapre priyorite li, dapre plan pwogrѐ li fikse tѐt li. Sa vle di: yon peyi, yon pèp pa ka ap fòse tèt li mache dapre pwogram, dapre kilti, dapre lang lòt pèp.
Yon peyi pa ka fè pwogrè ak afè lòt pèp, sa ki pa anba kontwòl li. Peyi Ayiti pa ka devlope anba dominasyon kiltirèl, lengwistik, ak oryantasyon ideyolojik lòt peyi.
Menm jan kò on moun fèt ak divès ògàn, divès eleman natirèl ki pèmèt li devlope, konsa tou, on pèp, (ki se rasanblemen moun ki aksepte viv ansanm sou menm teritwa), pou li devlope, se ak ògàn natirèl li, kilti li, lang li, ak tout eleman natirèl nan lavi li, pou pèp sa a itilize kapasite natirèl li, kapasite panse natirèl, tout sa li ka jwenn, pou li transfòme yo, transfòme teritwa li, anviwònman li, pou li devlope peyi li. Lang Kreyòl la se youn nan eleman natirèl sa yo.
Kote nou gad ak lang ki ta dwe simante nou ansanm lan
Nan yon konferans sou Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl, nan NY, Doktè Saint-Fort te deklare “Lang se idantite nou tout” [11]. Mwen kwè fò nou ta ajoute: menm jan kò moun gen divès ògàn, divès pyès ki pèmèt li fonksyone nòmal, lang se yon ògàn ki pèmèt on pèp fonksyone nòmal, ki pèmèt li viv nòmal. Si li pèdi pyès sa a (lang li), l ap vin andikape. Kidonk, nou gen obligasyon pou nou pran swen lang nou kòm pèp, menm jan nou gen obligasyon pou nou pran swen ògàn kò nou kòm moun. Yon pèp ki neglije lang li se yon pèp k ap travay pou yon andikap nasyonal.
Kote nou soti – kote nou rive: Yon Esperyans Tonbe Leve.
M ap prete yon tablo Pofesè Yves Raymond, te fè nan on atik li rele: “Yon apèsi sou istwa lang kreyòl nou an” (atik ki nan sit Espaskreyol.org.):
1804: Jou Endepandans lan: Diskou Dessalines: “Ann sèmante pou nou batay jiskaske n rann dènye souf nou pou endepandans peyi nou an”.
1807- 1818: Gerin (Jeren), minis sou Petion, te mande pou fè lekòl an kreyòl sitou pou ti klas yo. (- men sa pa te fèt.)
1884: Oswald Durand ekri “Choucoune” (Choukoun)
1901: Georges Sylvain mete kèk fab Lafontaine an Kreyòl. (Le loup et l’Agneau”) = Lou ak Mouton.
*1922 – Monseyè Kènizan fè premye liv katechis an kreyòl (dapre Iv Dejan)[12]
1940: McConnell – Ormonde H. McConnell, pwopoze yon sistèm òtograf kreyòl. (pastè Ameriken)
*1951- Monseyè Pòl Wobè fè premye Liv Misèl kreyòl – (dapre Iv Dejan pj.221)
1953: Premye tèks Morisseau Leroy an kreyòl – Diacout
1980: Premye Òtograf Ofisyèl Kreyòl ann Ayiti
1982: Refòm Minis Joseph C Bernard nan edikasyon pou mande pwofesè lekòl pou yo aprann timoun lekòl an Kreyòl
1987: Konstitisyon – Kreyòl Lang Ofisyèl. (– Atik 5 di: Sèl lang ki simante Ayisyen)
2014: Akademi Kreyòl Ayisyen (Desanm 2014).
2016: Jen 2016, AKA. pibliye premye rezolisyon sou òtograf Kreyòl
Depi nan lwa 28 Septanm 1979 la, leta bay lekòl dwa pou yo sèvi ak kreyòl nan lekòl. Men, ou pa ka di yo ko aksepte fè lekòl an kreyòl vre. Toujou gen rezistans.
Ki Kote Rezisans Yo Soti ?
- Rezistans Paran nan lekòl moun anwo yo
- Rezistans lòt moun tou ki pè pou se pa on fason pou kenbe pitit yo dèyè pòt
- Rezistans moun ki gen enterè pèsonèl nan relasyon yo ak Lafrans
- Rezistans moun ki vle kenbe sistèm neyo-kolonnyal la pou yo ka kontinye fè chèlbè, pou yo ka fè tèt yo pase pou moun “siperyè” parapò ak lòt moun.
Eskiz Moun Bay
Gen on ti gwoup moun ki kontinye di “kreyòl pa lang”. Yo pa anpil. Ou ka di, moun sa yo divize an 2 ti gwoup: Yon ti gwoup ki anreta nèt, ki pa enfòme ditou, ak yon lòt ti gwoup rechiya ki fèmen je yo pou yo defann enterè pèsonèl, enterè egoyis. Ou kapab klase yo pami moun anti Ayisyen yo. Sa ki anreta yo, nou gen enterè kontinye travay pou yo ka konprann pi byen.
Gen on dezyèm gwoup ki kontinye kwè kreyòl pa ka louvri pòt nan peyi etranje. Pou moun sa yo, se edikasyon nan lang franse jan sa abitye fèt la ki ka pèmèt peyi a prepare lavni timoun nou yo. Gen 3 gwo kesyon moun sa yo ta dwe reponn:
- Konbyen Ayisyen ki rive fè avni yo vre nan peyi etranje ak lang franse? – ki pousantaj Ayisyen ki al travay nan peyi ki pale franse, konpare ak lòt peyi kote yo pa pale franse?
- Èske objektif yon peyi se prepare sitwayen li pou lè yo al nan peyi etranje? Si se sa, pou ki sa pou nou ta kwè li se yon peyi?
- Èske yon moun nòmal dwe wè pitit li kòm moun ki dwe al travay avèk lòt moun, nan peyi aletranje? …!
Gen moun ki kwè pa gen ase liv, pa gen ase materyèl travay entelektyèl an kreyòl. Tout moun dwe rekonèt verite sa a. Sa montre nan ki nivo peyi a anreta.
Pou moun ki vle itilize sa kòm pretèks pou yo kenbe edikasyon an franse yo, èske, onètman, yo ka montre kantite materyèl an franse Ayisyen pwodui pou edikasyon ann Ayiti? Verite a klè. Rezon yo klè tou. Anpil, oswa pifò materyèl an franse yo sèvi ann Ayiti yo, se materyèl peyi etranje tankou Canada oubyen La France. Èske nou vle toujou rete depann de moun?
Edikasyon nan on peyi fè pati sekirite ak dwa granmoun peyi a. On peyi ki pa gen kontwòl materyèl edikasyon li, yon peyi ki pa gen kontwòl sa ki pral nan tèt sitwayen li se on peyi ki pa ko gade tèt li kòm peyi lib. Kidonk, afè rete ap sèvi ak materyèl edikasyon lòt peyi prepare a, se livre tèt nou bay lòt peyi kontwole nou! Ayiti bezwen kòmanse yon edikasyon nasyonal toutbon! Pa gen mwayen fè sa a san pwòp materyèl peyi a prepare limenm dapre vizyon li, dapre jan li vle pare avni li. Ki lang ki pi fasil pou nou fè sa? Ki lang ki pi pratik pou nou fè sa? Ki mwayen ki pi pedagojik pou nou fè sa?
Anreta pa vle di pa kapab. Anreta vle di: nou dwe fè plis efò pou nou rive.
Malgre tout monte desann, tout rezistans, lè nou konsidere kote nou soti ak kote nou ye jodi a, an 2022, nou ka di: Gen pwogrè.
Sa ki enpòtan se: Kontinye travay – Kontinye pwodui – Kontinye batay. paske, se pa on senp batay lang pou lang. Se yon batay pou dwa tout pèp Ayisyen - yon batay pou pwogrè Ayiti.
Jan nou di a, koze lang Kreyòl la dwe rantre nan tout yon pwogram, tout yon vizyon pwogrè nasyonal. Nan sans sa a, mwen ta vle pwopoze pou nou gade travay la nan 2 Nivo:
- Batay Liberasyon: Se yon batay ki kòmanse deja. Batay la dwe kontinye nan liy defans dwa lengwistik pèp la. Men tou, nou dwe gade li kòm batay pou dwa granmoun peyi a. Lang on pèp fè pati dwa granmoun li, e lang lan charye tout nanm, tout fason panse, tout fòs kapasite pèp la pou li òganize l pou li devlope tèt li. Nou bezwen plis fòs nan travay sa a.
- Travay Devlopman: Nou bezwen plis moun ki ap pwodui nan lang lan (nan tout domèn) - Kit se 2, 3 moun oswa gwoup moun ki mete ansanm pou yo ekri, pwodui, epi pibliye nan lang lan. Nou bezwen fè sa tounen youn nan travay nou, pou nou ankouraje lòt moun, kit se zanmi, fanmi, tout kalite pwofesyonèl, pou yo pwodui epi pibliye nan lang lan. Travay sa a dwe mache ansanm ak travay pou pwodiksyon ak valorizasyon pwodui nasyonal nou yo.
Pou fini, m ap separe ak nou on Temwayaj Jean Marie Théodat te fè entan m ap envite nou reflechi sou li. Nan temwayaj la, Théodat[13] di:
“yon jou, pandan mwen ap fè yon kou sou sa yo rele « tectonique des plaques » la, mwen te gen difikilte pou te fè etidyan yo konprann sa mwen vle di a. Lè mwen pale an franse yo pran nòt, men se pa tout bagay yo konprann nan sa mwen ap di a. Lè mwen vire an kreyòl, yo konprann pi byen, men pèsonn pa pran nòt: yo pa fò nan ekri kreyòl.
Lè mwen mande yo nan ki lang yo vle kou a fèt, gen youn ki di mwen: “pwofesè, si ou te ka fè kou a an kreyòl epi tou ou ban nou yon rezime an franse pou nou al aprann li pakè, se t ap sa nèt ». Théodat kontinye pou li di:
–“ Kisa nou ye la a, mwen mande li, francophones ou bien créolophones ?
– Nous sommes des pokophones, professeur. Nou poko ka pale franse a byen, nou poko ka ekri kreyòl la kòmsadwa, kidonk nou poko tout jan.”
Kesyon pou nou poze tèt nou: ki lè n ap ko? - Ki lè n ap pare pou nou fè devlopman? Ki lè n ap yon pèp nòmal, ki ka fonksyone ak lang pa nou, nòmal tankou tout pèp, pou nou gen yon peyi nòmal?
Nan sans sa a, mwen kwè, nou gen obligasyon pou nou kontinye lite; pa pou on kesyon lang pou lang, men pou lang lan kòm pyès enpòtan ki fè pati tout yon pake; yon pake zouti refleksyon, zouti amonizasyon/amonizay/Tèt ansanm, yon zouti edikasyon nasyonal ki ka debouche sou sa Amartya Sen rele: Kapasite moun genyen pou yo aji, pou yo transfòme, pou yo devlope (“capability expansion”) [14] . e se kapasite sa a pou sitwayen nou yo ganyen pou yo devlope Ayiti.
An n kontinye travay pou sa! – Pou liberasyon an – pou devlopman kapasite sitwayen nou yo – pou devlopman Ayiti!
Paul Tulcé (Pòl Tilse), Oktòb 2022
[1] Mohammad Khosravi Shakib; -The position of language in development of
Colonization - Journal of Languages and Culture Vol. 2(7), pp. 117-123, July 2011
Available online at http://www.academicjournals.org/JLC
ISSN 2141-6540 ©2011 Academic Journals
[2] Borodistky L. Linguistic Relativity. In: Nadel L. (Ed.) Encyclopedia of Cognitive Science. UK: MacMillan Press, London, 2003, 917-921.
[3] SELECTED WRITINGS OF BENJAMIN LEE WHORF; THE M.I.T. PRESS Massachusetts Institute of Technology Cambridge, Massachusetts - Thirteenth printing, January 1978
[4] O.Yu. Mykhailyuk, H.Ya. Pohlod, Vasyl Stefanyk Precarpathian National University, 57, Shevchenko Str., Ivano-Frankivsk, 76000, Ukraine. 14.03.2015; revised: 04.06.2015.
[5] Saint-Fort, Hugues - Ideyoloji lang ann Ayiti: ki jan li aji sou òtograf, sou gramè, sou lizaj lang kreyòl – Konferans Jounen Entènasyonal Kreyòl; NY 2019. sit entènèt Espaskreyol.org
[6] SELECTED WRITINGS OF BENJAMIN LEE WHORF; THE M.I.T. PRESS Massachusetts Institute of Technology Cambridge, Massachusetts - Thirteenth printing, January 1978
[7] Koupe Kloure; Atis chantè mizisyen Ayisyen. Bon non li se: Gesner Henry
[8] Walter Rodney; How Europe Underdeveloped Africa; Rogle L’Ouverture Publication. London and Tanzanian Publishing House, 1973.; Transcript from 6th reprint, 1983, transcribed by Juaquim Arriola.
[9] Alkire, Sabina; 2002; Dimentions of Human Development; pj. 181 – 205; World Development . Vol.30
[10] Kalecki, Michal.: Theory of Growth in Different Social System; 72 -79. Monthly Review XXIII; Oct. 1971
[11] Saint-Fort, Hugues - Ideyoloji lang ann Ayiti: ki jan li aji sou òtograf, sou gramè, sou lizaj lang kreyòl – Konferans Jounen Entènasyonal Kreyòl; NY 2019. sit entènèt Espaskreyol.org
[12] (Iv Dejan) Yves Dejean : -Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba- Pj.219.
[13] Jean Marie Théodat: Jewografi kreyòl (2019); sit entènèt, www.EspasKreyol.org
[14] Sen, Amartya K.; Development as Capability Expansion; P.42. CambridgeUniversity Press; 1987.