Pòtoprens an mal makak
Ak yon solèy ki mal pou wont
Ak yon syèl ki mal tòdye
Pou l ap kriye tankou timoun
K ap kriye pou pen ak kafe
Depi byen lwen
Nou vire chankre nan raje
Pou n pa rele viv malveyan
Se malere nou ye
Nan viv ki sa sa nou ye
Nan peyi lamizè
Nan peyi bèf ak fo tete
N ap mare so
Ak vire isit vire lòt bò
Depi do nou pa touche tè
Nou konnen nou pa ka aprann
On jou pouki sa
Chak tan nou rive
Nou tonbe nan mayi gate
Nou pare pou n fè tout metye
Depi metye pwomennen
Ak panyen sou tèt
Twal nan do
An pasan pa metye dòmi nan seren
Leve nan prizon
Nou pa nan bat do
Nou pa nan bat men
Men mesye n viv ki sa
Pou n ta ye la menm
Viv rat viv marengwen
Anhan nou ta renmen m rele viv rat
Men nou men mwen
Ala renmen chèf yo renmen nou
Pou dola senkant pou jounen
Yo mete moun ap vire vis
Tout vis tout kondisyon
Ki jodi n ap chèche ayè
Ki jodi n ap chèche fini jounen
Ak kras pen anba dan
E poutan nou panko menm ko bat van
Pou souke pousyè sak siman sou plim je nou
M ap pale sou ale de pye devan
O o sa l ye la a menm
Se dyolè kay kwafè
K ap voye wòch ak dyòl ta vin koude
Nan lari pòtoprens
Mouch gade vyann ak kout lang sèlman
O o sa l ye la a
Se malere nou ye
Ale yo fout vouzan
Nan viv ki sa nou ye la a
Rete! pou n ta tonbe
Nan rele viv prezidan tou
Otè: Georges Castera (Jòj Kastra)
Vwa: Carlo Henry Fetus (Kalo Anri Fetis)