PEYI M NAN PA KONN LI...

Peyi m nan pa konn li, yo fè lekòl twò chè pou li.

Nou ka tande pawòl sa a nan chante “Manje bliye” ki sou on albòm Beethova Obas (Kè m poze, Aztec Musique, 2003).

https://music.youtube.com/watch?v=8XeOK8Sj4Zo&list=RDAMVM8XeOK8Sj4Zo

Se on pawòl ritounèl, on pawòl tilandeng, on pawòl ale-tounen, ki fè pati on kè: « Di m kisa w pral ekri / Di m kisa w pa p ekri / Peyi m nan pa konn li / Yo fè lekòl twò chè pou li »

Pawòl la fè laviwonn dede pou l al chita tou dous nan memwa nou. Lè pawòl la anndan kè a, l antre nan konsyans nou pi byen… san n pa oblije pran konsyans. Paske se vwa tout on kominote ki pote l ban nou. Se tankou lè bann madigra a ap pase ak foul moun kò pèdi: li nèk rale w, antre nan bann, san poze kesyon, san reflechi… w al jwenn ak moun parèy ou…

Pawòl la bati byen senp, nan on mouvman « poze – depoze », on mouvman « konsta – esplikasyon » : tèks la poze konsta « peyi m nan pa konn li », epi li depoze esplikasyon «yo fè lekòl twò chè pou li». Chema klasik: poblèm – solisyon, tankou n abitye wè sa nan reklam. Ou gen on poblèm, epi yo ofri on pwodui… Nan ka pawòl chante a, nou oblije konprann pwodui a, solisyon an, se ta fè lekòl nan on ti pri ki abòdab pou tout moun si yo pa ta ka fè l gratis nèt. Sa t ap regle poblèm lan, pa vre? An n pa kouri di wi konsa!

Nan on lòt chante Beethova, nou tande pawòl sa yo: « Se pa pwoblèm lajan peyi m nan ganyen / Se on pwoblèm de san konsyans k ap touye n. » (« Ki bagay », albòm Planèt la, Le Bananier bleu, 1999)

Nou gen on gwo « poblèm konsyans » sou koze lekòl nan peyi a. Nan koumansman tèks chante « Manje bliye » a, Beethova Obas mete pawòl nan bouch on moun ki rele nan on emisyon radyo, on emisyon lib tribin, pa nenpòt ki moun—on peyizan, chantè a di nou, kidonk on abitan, moun andeyò.

« Wi meusyeu se vre m pa yon saveu / S on peyizan mwen ye / M gen dwa di sa m panse / M pa t al lekòl, m pa konn paleu franseu / Men pitit mwen pa p pase sa m andire / Se sa k fè m pa janm pè brave danje / Lekòl nan bouk la, meusyeu, se sa m vin mande. »

Sitwayen an kwè, antouka yo fè l kwè, se paske l pa t al lekòl ki fè li pa konn pale franse… kidonk se tou nòmal pou l mande pou gen lekòl nan bouk la pou pitit li pa andire sa li menm l ap andire. E se pale franse a menm k ap chanje kondisyon jwèt la! Pale franse se on privilèj pou on Ayisyen, se lekòl ki pou fè l jwi privilèj sa a. Alòske tout Ayisyen pale kreyòl san se pa lekòl yo oblije ale pou sa!

Pawòl chantè a mete nan bouch abitan an, se pa on pawòl li kreye li menm. Se on pawòl li leve tande y ap repete nan zòrèy li… Pawòl sa a chita fon, byen chouke nan leve-jwenn nou. Tèlman byen chouke, n al jwenn li nan on dyalòg ant Toto Nesesite ak lwa nan tèt Ozanfè. Nan chante l ki rele « Rose-En-Fer », ki sou albòm Tout’ Cé Vanité, Mini Records, 1980, gen on pasaj ki pati konsa:
– Toto: « Papa, tout bèl kay sa yo, tout gwo kamyon k ap fè pwovens sa yo, tout tulututu pale franse m pa kamarad moun sa yo, tout gwo batiman k ap fè pwovens sa yo; men Papa, tout fi k ap twaze gason, Papa, tout trayi zanmi, trayi pwochen sa yo, kote n ap kite yo? »
– Lwa a: « Ah ! C’est une très belle question que vous m’avez posée. »
– Toto: « O! Papa, apa w pale franse tou!? »
– Lwa a: « Radiyès kevouzèt, m te lekòl tankou tout moun, m te lekòl tankou tout moun

Pawòl la klè: pale franse = al lekòl! Pifò nan nou admèt se verite l ye… menm moun k ap travay pou sa chanje, menm moun mas pèp la rekonèt ki nan kan li. Nou ka mete Beethova Obas nan kategori sa a. Nan « Manje bliye », chantè a ban nou on bèl demonstrasyon jan yo konsidere l:

« Dechoukay pran m nan lari 7 janvye / Matisan m rankontre on bann dechoukè / Manchèt, baton, galèt / Pèp sa a pa p jwe / Fètatansyon monchè, gad jan Tipyè pase / Moun kouvri m / ‘Machin sa a fò n fouye l’ / M soti tèt mwen pou m mande sa k pase / G on nèg ki di ‘Mesye, pa gen danje. / Se Beethova, lage l, nou mèt kite l ale.’ »

Pawòl la melanje… Nou bezwen konsyans… Men nou bezwen gen bon konprann tou pou kore konsyans lan…

Pawòl la melanje... men pa gen rezon pou sa! Si peyi a pa konn li, se pa on poblèm lajan: se on poblèm konprann tout Ayisyen antre lekòl ak on lang yo deja konn pale… e se nan lang sa a yo dwe aprann li pou yo rive konn li fen. Pou peyi a ka konn li!

Se pa on règ espesyal pou Ayisyen! Nan nenpòt peyi sou latè, kit se ann Almay, ann Ejip, an Frans, an Dominikani, ann Angola, nenpòt peyi nèt… lang timoun yo antre lekòl, se lang sa a ki dwe sèvi pou aprann yo li ak ekri!

Kite yon repons