Pawòl Granmoun. Pawòl Bon Lizay.
Pwovèb se ti ranmase esperyans lavi yon pèp, afòs yo repete yo rantre nan memwa leve-jwenn pèp la.
Gen bonkou pwovèb ki sou fòm on leson: sa pou nou fè, sa pou nou pa fè; sa k dwe fèt, sa k pa dwe fèt; jan sa fèt pou fèt, jan sa pa dwe fèt.
Sèvi ak pwovèb se youn nan fason nou rive kenbe kontak ak lang nou ansanm ak leve-jwenn nou. Pwovèb pèmèt jenerasyon ki prale ak jenerasyon k ap vini kenbe men youn ak lòt pou pèmèt lang nou ak leve-jwenn nou rete djanm.
Anpil pwovèb bay prensip ak moral ki ka sèvi bousòl pou gide kominote a. Gen pwovèb pou tout sikonstans. On pwovèb kapab sèvi kòm mwayen pou granmoun tanmen on koze ak timoun sou kesyon ki enpòtan pou lavi.