| BON NOUVÈL
48èm Ane - No. 529 - Jen 2015 |
Pawas Sen Janbatis: Yon bon maryaj ant Evanjelizasyon ak Travay Sosyal!
Sou kote travay evanjelizasyon an, Pawas Sen Janbatis nan Twoudinò kontribye nan sa ki gen a wè ak byennèt kretyen yo. Li travay pou pèmèt pitit Bondye viv nan diyite pandan l pran dispozisyon pou meble tèt timoun yo ak bon jan fòmasyon.
Depi nan lane 1718, legliz la te kòmanse enplike l seryezman nan aktivite sosyal. Se konsa Pè Laval ki te kire nan moman an, te bay yon lòt moso tè ankò pou yo te konstui yon lopital. Nan lane 1727, Pè Bwaye ki te vin kire pawas la te bay yon lòt pati tè ankò pou yo te fè simityè. Nan lane 1892, kominote Sen Josèf Klini (St Joseph de Cluny) te vin tabli yon lekòl nan zòn nan pou sèvi pawasyen yo ak tout popilasyon an. Jounen jodiya se kominote Imakile Konsepsyon ki prezan depi nan mwa dawou 1955.
Lekòl Imakile Konsepsyon an te mache ti pa ti pa soti nan sèlman primè, pase nan nivo brevè, rive jiska klas filo. Lekòl sa a se yon gwo referans li ye nan kominote a paske li rive bay loreya depatmantal ak nasyonal. Se ak anpil detèminasyon sè yo, anseyan yo ak tout lòt kolaboratè yo rive mete elèv yo nan yon anbyans aprantisaj malgre tout pwoblèm yo genyen.
Se yon lekòl ki pa sèlman prepare timoun yo pou egzamen, men ki prepare yo tou pou lavi. "Travay la pa fasil paske timoun yo ap viv nan menm mond ak tout lòt. Nou toujou ba yo anpil disiplin, nou sansibilize yo sou anpil valè, sou respè anviwònman. Nou ajoute nan kanè yon liy ki bay chak timoun nòt selon kijan yo dwe pran reskonsablite yo." Pawòl sè Adlin Boni (Adeline Bonny), direktris lekòl Imakile Konsepsyon.
Lekòl la bay anpil kou lòt lekòl pa bay tankou: laten, enfòmatik ak espò. Anpil egzijans ki genyen pou timoun yo kenbe yon bon nivo, mwayen paran yo ki fèb akòz sitiyasyon ekonomik difisil ki genyen nan peyi a, se kèk nan pami pwoblèm ki konn lakòz gen timoun ki pa gen chans rive nan filo.
Sou kote aktivite lekòl la, sè yo enplike nan lòt aktivite anndan kominote a, anndan Pawas la; yo reprezante nan kominote pawasyal la. Apre lekòl Imakile Konsepsyon, gen lòt lekòl ankò ki sou reskonsablite Pawas la tankou lekòl Sen Dominik Savyo 2 pè ap dirije, lekòl presbiteral la k ap akeyi timoun ki nan klas primè yo.
Yon espas pou pi pòv yo
Yon kote gen moun afè pa bon ki pa gen manje pou yo manje, pa gen kay pou yo dòmi. Nan Twoudinò, ou te konn rankontre anpil moun ki nan sitiyasyon sa a k ap mande devan legliz la. Pou pèmèt moun sa yo viv nan plis diyite menm si yo pa gen mwayen, Pawas la mete sou pye yon pwojè ki rele fwaye solidarite. Se yon kay kote legliz la mache bradsi bradsou ak moun ki pi pòv yo, pou soutni yo. Nan fwaye sa a, moun yo jwenn manje, yo dòmi la, kire a konn fè reyinyon ak yo, di lamès pou yo, dyaloge ak yo, elatriye.
Pwojè sa a jwenn kout men Kès Asistans Sosyal. Non sèlman legliz la ede moun ki rete nan kay sa a, men tou li ede lòt moun. Gen anpil moun ki pa gen anyen pou yo viv, men yo pa ta vle moun konn afè yo. Kòm yo konnen kay la fèt pou pòv, depi yo wè yon moun ladan, yo tou wè se yon pòv li. ye. Poutèt sa gen moun ki reklame pou yo ba yo ti sa y ap ba yo a tou dousman san yo pa al rete nan kay sa a yo te rele lontan kay pòv.
Yon sal pawasyal pou tout yon kominote
Nan tèt kole ak Pawas Sen Janbatis atravè Volvik ak USAID, gen yon sal pawasyal ki rive konstui. Espas sa a pral sèvi non sèlman Pawas la, men tout kominote a. Lokal la ap kapab sèvi pou fè travay legliz la, reyinyon, elatriye. Lè nou gade kijan moun zòn nan, kèlkeswa relijyon yo, wè pwòp imaj yo nan legliz la ak tout aktivite l, ou konprann vit sal pawasyal sa a, menm jan ak legliz la, se yon byen piblik.
"Se pa yon kesyon de katolik, sa a se figi nou li ye, fòk nou tout mete men".
Senjan Lerisen






















