Pa gen jodi san ayè! Espas Kreyòl se yon medyatèk: dokiman ki nan kòfrefò l parèt sou tout fòm. Kidonk, li se yon fonotèk tou.
Depi ti konkonm t ap goumen ak berejèn, mizik ak dans fè pati lavi pèp ayisyen; nou chante, nou danse ak vaksin, tanbou, banbou; nou kata kalinda, nou danse rara. Nan tout Karayib la, yon mizik melanje plòtonnen ak manmbo, bolewo, fòlklò lakay…
Otofonik se yon espas nou louvri pou n pote bon ti mizik tan lontan, yon espas pou n twoke lide sou mizik tan pase. Si pa t gen tan lontan, pa t ap gen tan jodi!
Nan Otofonik, nou pote vwa ou pa sonje, vwa ou anvi bliye, son tan lontan nan tan prezan. Otofonik se ribanbèl anba tonèl, vaksin, tanbou, banbou, tchatcha, mannouba, gita, serenad anba fenèt, siye pye nan salon, souvni tan lontan. Otofonik se konsè Channmas, Bisantnè, kèmès, festival, bal samdi swa. Otofonik se espas mizik tan lontan, depi Issa El Saieh, Raoul Guillaume, travèse sou Jazz des Jeunes, kapote sou Nemours, Sicot, sige lan Shleu Shleu, Fantaisistes, Ambassadeurs...
Mizisyen tan lontan gen merit: yo se premye gout dlo ki wouze jaden mizik nou an; se patrimwàn nou yo ye; se tras yo n ap swiv.
Pa gen jodi san ayè! Ala yon bèl eritaj!