ÈSKE NOU KWÈ NAN TONTON NWÈL?

Èske nou kwè nan Tonton Nwèl? (DPGP 1, pp. 163-165)

Se pa sou kesyon sa a m te vle tanmen koze a semenn sa a. Kesyon ki te nan tèt mwen pou m te poze nou se: “Ki sa nou ta renmen Tonton Nwèl pote pou nou?” Men m sispèk gen anpil nan nou ki ka twouve kesyon an deplase, paske nou depase laj pou nou ta kontinye ap kwè nan Tonton Nwèl toujou. Konmkwa afè de kwè nan Tonton Nwèl la se ta bagay timoun. Adye, frè! Ki sa lang nou ak leve-jwenn nou di sou kwayans nan Tonton Nwèl?

Nwèl se tradisyon. Tankou tout tradisyon, li gen koutim pa l ak pawoli pa l ki mache avèk li. Nou tout, nou konnen fèt Nwèl la se pa jou Nwèl la sèlman li ye, se pa grenn jou 25 desanm lan. Nwèl se on sezon tankou anpil lòt sezon. Depi Gede, sezon mò, sezon mizik nen vonvon fin pase, tout moun ap prepare pou Nwèl, sezon koumansman lavi, sezon mizik chofe kè (menmsi li mele ak ti zè chagren), mi­zik an si bemòl, mizik mi chantrèl. Nwèl se sezon lavi, se­zon ti Jezi nan krèch.

Nwèl ban nou lespwa tout bagay poko fini, lespwa Gran Mèt la gen pou l di on pawòl pou nou, voye on delivrans sou wout nou. Tout moun k ap travay espere tradisyon pa­twon bay on ti bonis pa p mouri sou yo. Lòt k ap gade san wè, chache san jwenn, met espwa sou boul malatchong ki va fè yo dòmi pòv leve rich, osnon sou bèl rèv ki va voye yo al detere ja ki te antere sou non yo. Bizizmann ak komè­san lavil pare kò yo pou fè lamayòl benefis. Tout timoun, Chantoutou kou Sentaniz, kwè yo pral leve 25 nan maten ak on ti joujou Tonton Nwèl pote pou yo. Men Nwèl la po­ko rive. Nwèl la nan wout. Tonton Nwèl ap sot lwen. Èske l ap rive?

Radyo ap bay moun gou; y ap mete gete. Mizik! (Rete! Apa Tino Wosi sou moun toujou!) Men tou, animatè ap fè lajan: y ap voye reklam moute. Gen on reklam pou abde­nwèl, bon jan sapen ki sot sou bitasyon grandon Forèdèpen, ki pran woulib sou pawòl chante Lyonèl Benjamen [Lionel Benjamin] an: “Se mwen abdenwèl, ki pou fè Nwèl ou bèl.” Gen reklam tou pou bèl dekorasyon ki vini ak tout pil li, ki pa bezwen kouran (Ou kwè Blan an sòt?! Li konnen nou pa gen kouran nan peyi a!). Gen reklam pou pidetwal, alimèt bengal, klorat, bonm... Gen reklam pou gwo pope ki pale tout lang: angle, franse, arab, panyòl... Pope frans kou po­pe twèl! Gen on reklam pou on ekip atis lokal k ap fè fa­nal ki sanble ak Palè Nasyonal: nan mitan fanal la, on gwo fotèy boure, on ekip wa maj ap fè laviwonndede toutotou fotèy boure a... Bèl reklam. Komès la pa p jwe. Men Ton­ton Nwèl nan wout toujou. Tonton Nwèl ap sot lwen. Rèv je klè!

Ti pa ti pa, 24 desanm rive sou nou. Anpil aktivite nan koridò Pwennfèpa. Gen on madanm k ap tranpe on poul pou l fè on ti reveyon aswè a. Gen de ti demwazèl, youn ap mete pèmanant pou lòt, pou yo al nan on ti pwogram aswè a, on ti siyepye. Gen on tonton k ap mete po lay, kanèl ak anetwale nan on boutèy tranpe, anmizman pou amatè k ap vin batnay nan jwèt domino. Sa bon pou gaz, se sa yo di. Gen de ti mesye k ap goumen ak on moso katon pou yo wè si y a fè on fanal... Tout moun nan lakou Pwennfèpa ap eseye chache sans Nwèl la, menm jan yo chache kote lari fè kwen chak jou. Èske Tonton Nwèl ap vini? Sa k konnen!

Nan Lakou Kimele, 2 vwazin ap fè on bout koze:

—Madan Sebyen, m pa tande ou pale de mès minui: nou pa prale ane sa a?

—Mès minui, makomè? Ak sa k gen deyò a! M pa ka­che de di ou, m pa santi Nwèl la menm ane sa a. M sot lavil la pou m te achte de twa ti rad pou timoun yo, se on ekip ma­chann pèpè m wè. Tout afè yo se tèt nèg! Epi bagay yo ranmase atè wi! Antouka, mès minui an, ane sa a, se nan kabann mwen l ap pran m.

On lòt vwazin reponn:

—Pawòl pa pou mwen non. Men ou kwè m pa fenk tande yo di yo kidnape pè a, pè a ki nan legliz sou gran wout la, kote nou konn al pran mès dimanch maten an. Yo di pè a te pral fè on bagay espesyal nan mès minui a, aswè a; konm­kwa m tande li te pral fè on gwo seremoni pou l mande Bondye pou fè tout atoufè tout plimay bay peyi a on chans. Yo pre­tan di li te envite kandida Kosedyo, kandida Kose­kwann... Radyo ak televizyon t ap la... Anfen, se t apral on gwo ba­gay. Se sa m tande yo di.

—Mezanmi! Bondye, papa mwen! Madan Sebyen se ou k gen rezon. Moun sa yo menm, yo pa pè anyen!? Pou gwo jodi lavèy Nwèl, pou se sa yo fè! Kifè nou menm malere, menm on ti moso mès mi­nui nou pa merite?!

Pawòl rèv. Pawòl laverite.

Non se pa vre. Se pa pawòl laverite a sa! Sa plis sanble on pawòl pwason-davril. Nwèl se Nwèl  li rele. Se lespwa li pote. Lespwa pou nou tout. Lespwa pou sa k kwè, pou sa k pa kwè. Lespwa apre nou fin travèse 31 desanm nou pral tonbe nan premye janvye. Lespwa nou pa p rete la ap chan­te non vanyan nou, di “nou se premye pèp endepandan...”, paske nou bezwen toutbon pou nou kontinye goumen pou endepandans nou ankò... Lespwa n ap ka mache rive 8 jan­vye. Lespwa n ap ka chanje lavi.

Tonton Nwèl pa p vini ane sa a. Li di li pè pou yo pa kid­na­pe l. Men nou konnen byen se pretèks l ap pran. Li santi nou pa kwè nan Tonton Nwèl ankò. Se sa k pase.

Pa gen anyen serye dèyè pawòl sa a!

Kite yon repons