OMAJ POU MONSEYÈ GUY A. SANSARICQ

Guy, se vye frè w, William, k ap di w mèsi, k ap fè w konpliman jodi a. Ou sonje se nan jinyora seminè Maznòd, kay Pè Obla yo, nou rankontre, oktòb 1947, kote mwen te antre 2 zan anvan w. Depi lè sa a, se menm chemen an n ap fè ansanm : jodi a m ap kontinye l sou tè a, ou menm ou deja rive kote Papa nou ki nan syèl la vle rasanble tout pitit li yo, tout bon sèvitè l, tout bon sèvant li yo, nan lavi total li a.

Nou te 2 bon elèv : se poutèt sa petèt, ane 1953, Monseyè Collignon voye w etidye filozofi ak tewoloji Otawa, e li voye m a Wòm pou etid tewoloji. Kèk lane apre yo fin sakre nou pè, diktati Divalye a pral fè nou rankontre a Wòm, ane 1969, kote ou t ap etidye syans sosyal e mwen menm, mwen te tounen nan tewoloji. Se te yon gwo gras Bondye te fè nou, pou nou te viv nan sant Legliz inivèsèl la, pou nou te kab sèvi pèp ayisyen an pi byen. E twouve, Lapwovidans pral vle nou fè ansanm yon pi gwo esperyans pastoral toujou Ozetazini, kote nou vin retwouve n, ane 1971, nan mitan dyaspora ayisyen an : ou menm nan Kwins, mwen menm, ansanm ak Pè Antoine Adrien, Pè Emile Jacquot ak Pè Jean-Yves Urfié, nan Bwouklin, nan sèvis Legliz Jezi-Kri a, sitou nan pastoral pou frè ak sè n ayisyen yo. Guy, ala rankont, ala diskisyon, ala manifestasyon ak batay ansanm ak tout Ayisyen san distenksyon, pou refijye !!! Ala etid labib, ala reyinyon pastoral !!! Ala gwo desizyon pastoral nou te pran pou pastoral nou pote mak kilti pèp Ayisyen an, nan lang kreyòl ak nan kadans mizik ayisyen, men tou pou nou pa t separe lavi syèl la ak lavi tè a : menm kado sèl Bondye lavi, sèl Bondye renmen an.

Ane 1986, mwen tounen Ayiti, al travay menm kote ak sè w, Sè Lucile, e ou menm ou kontinye okipe frè n ak sè n yo Nouyòk, e nou kab di nan tout Etazini. Se ane 2006, si mwen pa twonpe m, Gran Gadò a pral ba w pi gwo wòl toujou nan Legliz li a, li fè w evèk, li mete w pami siksesè apot yo, premye reskonsab Pawòl la al lòt sous lavi Bondye nan Legliz li a. E ou fè travay la ak tout kè w ak tout nanm ou pou glwa Bondye ak lonè pèp Ayisyen an.

Guy, frè m, lè mwen t ap tounen Ayiti, ane 1986, mwen te swete pou w kontinye batay la e ou kontinye l jouk fòs ou rive bout, e se konsa Gran Mèt la resevwa w lakay li. Men Guy, frè m, travay ou pa fini. Ou konnen ki jan apostola ayisyen bezwen pi plis devouman, pi plis inisyativ, pi plis tèt ansanm, pi plis sèvis gratis. Ou te gen tan tande tou dega tranblemann tè 14 dawout la fè nan Gran Sid la : wi, soufrans, mizè nan Jeremi kote ou te fèt, nan Okay kote ou te vikè, nan Kavayon peyi m, pawas kote frè w Karl te fè premye esperyans pastoral li kòm pè. Guy, kounye a ou wè tout bagay nan limyè Bondye, nan laverite Bondye, kite m di w tankou Kadinal Claudio Hummes te di Kadinal Bergoglio lè yo te nonmen sila a Pap: « Pa bliye moun pòv yo. » Wi, ou pa p bliye yo, ou pa p bliye nou : se paske ou gen kè moun pòv ki fè, jodi a, peyi Wa ki nan syèl la se pou ou. Mi, Gi, mi, konpliman, an atandan nou tounen vin rankoutre, men fwa sa a pou tout tan.

Pè William Smarth

Pè Dyosèz Okay, Ayiti

Ki fè tout wout lavi a avèk Bishop Guy Sansaricq depi lane 1947 nan ti Seminè rive lane 2021.

Kavayon, 24 out 2021

Kite yon repons