OCHAN POU GRAN MIZISYEN FRANÇOIS NICOLE LÉVY (1947-2020)

François Nicole Lévy (Franswa Nikòl Levi), mizisyen, pyanis, konpozitè, aranjè, manm fondatè gwoup « Solèy Leve », yon gwoup angaje nan peryòd « Aksyon patriyotik », mouri nan lopital Bernard Mews, konsekans yon aksidan serebral, nan maten mèkredi 24 jen 2020.

Nicole Lévy fèt nan yon kay nan ri 18, Okap, 11 janvye 1947, nan yon fanmi edikatè ak mizisyen. Nan tan sa a, te gen plizyè lekòl mizik nan vil Okap kote timoun te al aprann mizik klasik. Nan anfans li, Nicol Lévy te fè yon tan ap etidye mizik nan lekòl madan Liliane Sam, pitit prezidan Vilbrun Guillaume Sam. Nan fen adolesans li, li pati tankou anpil moun ki t ap sove pou diktati a oswa fanmi yo te voye al konstwi yon avni lòt bò dlo. Li te pase nan peyi Kanada, Lafrans kote li te kontinye etidye mizik, anvan li te tabli Ozetazini.

Premye gwoup li kreye se te yon gwoup esperimantal ki rele « Sakad ». Nan karyè l, li travay kòm aranjè pou gwoup ak atis tankou System Band, Carole Démesmin, Farah Juste, Fedia Laguerre. Sa ki montre yon varyete lakay li, atis sa yo pa gen menm stil ni menm demach. Li te manm fondatè e direktè mizikal yon gwoup ki te gen yon gwo enfliyans nan mouvman « L’action patriotique » kont diktati Divalye a nan Kanada ak Etazini nan lane 70 yo, gwoup « Solèy Leve ».

Nan lane 1994, li tounen ann Ayiti. Li te anseye mizik nan Inivèsite Karayib e li retounen rete Okap, nan kay ri 18 kote li pran nesans lan. Li te fè plizyè entèvansyon sou mizik nan lekòl ak milye kiltirèl yo. Nicole Lévy te kwè nan disiplin ak kontinwite, e li te panse ou pa ka fè mizik seryezman si ou pa gen yon liy w ap suiv ak yon vizyon w ap pote. Vizyon pa l, se te anrichi tradisyon popilè ayiyen yo ak eleman divès esperyans ki fèt nan lòt peyi. Se nan vizyon sa a, lè mayestro Ulrick Pierre-Louis santi fòs li ap kite l, li te mande Nicole Lévy vin pran plas direktè mizikal Okès Septantriyonal nan lane 2008. Nicole Lévy se konpozitè youn nan pi bèl mizik Okès septantriyonal, Demen.

Lanmò François Nicole Lévy se yon gwo pèt pou mond mizikal ak kitirèl peyi d Ayiti, pou lavil Okap kote li te chwazi retounen nan yon moman anpil moun ap pati. Se te yon moun ki te angaje konpetans li, talan l, konviksyon l nan sèvis devlopman mizik ak kilti peyi a. [Nou] prezante senpati n bay fanmi l, moun Okap, konfrè mizisyen li yo.

LYONEL TROUILLOT

24 jen 2020

Nou pran atik sa a nan sit Radyo Kiskeya a: www.radiokikeya.com

Kite yon repons