MWA MAS: MWA TOUT FANM

 

Mwa mas: Mwa tout fanm (DPGP 2, pp. 118-120)

 

Depi mwa mas la pwente, zòrèy mwen ban m, prèske toupatou sou latè se gwo se­le­brasyon mwa fanm ki tanmen. Menmsi Òganizasyon Nasyonzini se dat 8 mas yo te chwa­zi an 1977 kòm ‘Jounen entènasyonal fanm’, nan anpil peyi se tout mwa mas la yo chwazi pou selebre tout fanm. M suiv, sou entènèt, plizyè emisyon radyo ki fèt ann Ayiti sou kondisyon fanm nan peyi a. Youn nan pwogram sa yo se Fanm Aktif, on pwo­gram ki pase sou Radyo Kiskeya. Nan okazyon selebrasyon jounen fanm lan, yo te fè on emi­syon espesyal ak on reskonsab on òganizasyon ki rele Soli­da­rite Famn Ayisyèn (SOFA), on òganizsyon k ap fera­ye sou teren an depi 22 fevriye 1986. SOFA gen 21 an: li majè granmoun. Se on gwo zafè, sitou nan “on peyi ki man­je òganiza­syon” tankou sa ou pa konnen, dapre jan yo te di sa nan emisyon an. Ministè ki anchaje kondisyon ak dwa fanm lan di tout seremoni k ap fèt yo se sou tèm “So­lèy la dwe klere sou tout sa fanm fè nan peyi Dayiti.”

Lè m tande tout gwo kandyanwou sa yo, m di m pa ka kite mwa mas la pase pou m pa simayen de twa flè solida­rite sou chimen revandikasyon medam yo. Men nou kon­prann se nan jan pa m temwayaj sa a ap fèt, nan demach dèyè pawòl. Kidonk fò m al gade ki sa k dèyè mo ‘fanm’ lan.

Depi an lagan, m ap eseye klè avèk nou. Mo ‘fanm’ lan se on mo depi m piti, m pa t janm alèz avèk li. Se on mo ki tou­jou sonnen on jan di nan zòrèy mwen, on mo ki pa son­nen byen. Èske se zòn kote m te grandi a ki esplike sa? M chonje on tifi yo te rele Jètrid, ki te nan laj onz-douz an konsa, men li te byen devlope, li te tankou on gòl. Li te pa­rèt tankou nenpòt jennfi 16-17 an. Manman Jètrid te toujou nan on hing-hang avèk li. Ondire Jètrid se pi move timoun ki te genyen sou latè. “Kote fanm yo bay pou Jètrid la? Ko­te l ye la a? Se dat m voye l al fè on dife pou l mete on dlo bouyi pou mwen pou m fè on te, on gaz m genyen k ken­be m, epi l rete rete l dèyè a, li chita sou wo­zèt li!” Oubyen ankò lè manman an ap pale de li ak on lòt moun, ou ka tande l di: “Sa k rete pou fanm sa a met men nan kòlèt mwen isit la pa anyen. Ou a di se matlòt mwen l ye isit la! M pa kapab ankò avèk li, m bouke !”

Se dòz sa a m te konn pran regilyèman. Imaj manman Jètrid k ap joure l, memwa pawòl li yo aji sou tout lòt sans mo ‘fanm’ lan ki te koumanse fòme nan tèt mwen. Pou mwen, pi gwo sans mo fanm lan te vin konfonn ak fòm Jè­trid, on gwo pyès fanm, ak figi l ki mare, tèt bouch li ki monte sèt otè, gwo kout tuipe k ap sot nan bouch li… Tou sa tou, Jètrid potko nan bay manman l gwo repons, meble l ak pawòl, tèk pou tèk. Non, Jètrid potko rive nan pwen sa a. Men gen on lòt imaj ki te ret nan tèt mwen tou. Se imaj on frè Jètrid, Jetwo, on gran frè li, ki te soti pou l pase l de kout raso, m pa chonje pou ki rezon, men m pi si se pou ra­di­yès li te konn fè ak manman an, pou bougonnen ak tuipe ak kout san. Jètrid mete de men l sou ranch li, li kanbre janm li. Li bay Jetwo defi. Li di Jetwo konsa: “Si ou manyen m jodi a, Jetwo, m ap enstale ou. Pa vin leve zig ou sou mwen, m pa timoun ki ret avè ou ni m pa fanm ou!”

Sans sa a te kole la nan tèt mwen, pi di pase si se te ak on lakòl kòdónye moun yo te kole l: fanm se te on pwen nan devlopman fi. Tifi grandi rive fanm. Tifi janm long tou, ki boujonnen bonè, ki tuipe granmoun, ki  pa gen san sipòtan tou, nan je gran­moun se tankou fanm yo aji, kidonk tankou granmoun yo konpòte yo.

Men m te rive on moman kote m te retire tèt mwen nan prizon sans monte mo fanm lan. M te vin abitye ak on seri lòt sans tou: ‘fanm vanyan’, ‘fanm ki pa rete ak fanm’, ‘fanm moso kajou’, ‘fanm kokoye’… Mo ‘fi’ a te pran plas li tou nan tèt mwen, menm jan ak on seri lòt mo ki konekte ak lide fanm: madanm, medam, madan, dam, ti dam, ti kò­mè… Gen on moman, lide ki te vin an premye nan tèt mwen lè m t ap pale de kategori a, se te lide ‘fi’. Se mo ki te sanble pou mwen mo ki te ka sèvi nan nen­pòt ki moman, mo ki pa t ap choke okenn moun, mo ki te pi respektab. Paske tou se ak mo sa a sanble tout moun ta sèvi on fason san derespektan lè y ap idantifye nen­pòt ki moun nan kate­go­ri a: Kilès fi sa a? M wè fi sa a on kote deja, m pa chonje ki bò? Èske ou konn non fi sa a? Madan Pòl la se on bèl fi. Lè m antre a, m te wè gen plizyè fi nan sal la; te gen ni fi ni gason. Mèt kay sa a, se on fi osnon on gason?

Se te sou baz tout fraz sa yo m te konsidere fi kòm pre­mye mo nan seri a. Men san­ble bagay yo ap chanje, osnon se pa tout moun ki gen menm sans yo. Mo ‘fanm’ lan nan bouch anpil moun sonnen tankou on mo ki pa gen okenn koulè espesyal dèyè l, men m santi sa pa fin twò sa. Fò m al nan achiv pou m ka tounen sou nou anfòm lòt semenn. Bò kote pa nou, koumanse gade kesyon an tou, paske m gen tan ban nou ase. Pa bliye…

Dèyè pawòl, toujou gen pawòl.

Kite yon repons