| Libète
7 – 13 jen 1995 * Ane 3 * No 141 |
Moulen Van: yon metòd
pou bay elektrisite bon mache
N
an Nò Kalifòni ak nan laplenn Ewòp di Nò, yon nouvo teknik kòmanse devlope depi kèk tan. Y ap enstale anpil gwo machin ki sanble ak elis avyon: machin sa yo fèt ak 3 branch tankou yon elis. Lè van soufle, elis la vire, e se mouvman sa a ki fè motè a mache pou bay kouran. An 1994, peyi Dànmak te deja gen 3 mil 600 machin ki te bay 3 pou 100 elektrisite peyi sa a bezwen. Nan Kalifòni, te deja gen 15 mil machin ki te bay kantite elekstrisite yon vil, tankou San Fransisko bezwen. Nan lemonn antye, jodi a, gen 20 mil machin k ap fonksyone, yo kapab bay 3 mil megawat kouran.
Rezon ki fè machin sa yo popilè anpil, se paske kantite lajan pou enstale yo se ant 3 mil dola al mil 200 dola pou yon kilowat. Konsekans: pri elektrisite a vin desann nan 7 a 9 santim pou chak kilowat. Jodi a, gen yon kontra k ap siyen sou baz yon pri 4 oubyen 5 santim pou yon kilowat, paske dènye modèl pa yo koute chè pou enstale.
Anpil peyi etranje enterese nan machin sa yo. Pami peyi sa yo, nou jwenn: Lachin, Kanada, Lend, Langletè, Olann, etsetera... Moun ki fè rechèch serye sou kesyon sa a kwè moulen van kapab bay jiska 20 pou 100 oubyen plis kouran elektrik anpil peyi bezwen. Nan zile tankou Ayiti, pousantay la ka rive pi wo ankò, paske peyi sa yo gen van ki vante tout tan, ak yon gwo vitès.
Machin modèn yo kapab bay ant 300 al 750 kilowat. Yo sèvi ak elis an plastik. Kidonk, yo pi lejè e yo pa koute chè. Yo sèvi tou ak kontwòl elektwonik modèn ki pèmèt yo ka chanje vitès ki pèmèt vòltay kouran an pa ni moute ni bese menm lè fòs van an ta chanje, lè van an ap soufle ak yon vitès ki chanje. Machin dènye modèl yo tèlman mache byen, e yo tèlman ekonomik, gwo konpayi elektrik Ozetazini aksepte sèvi ak yo. Yon lòt gwo avantay moulen van yo, yo pa sal lanati (anviwònman an) e yo pa bezwen sèvi ak gazòy pou yo fonksyone. Depi gen van yo la, y ap bay kouran. Yon lòt avantay ankò, ou ka enstale yo rapid, nan mwens pase yon lane, ou ka konstwi yon inite. Sepandan, yo gen pwoblèm, paske yo fè bri. Kidonk, yo pa ka enstale nan katye kote moun rete, e yo konn bay sinyal televizyon yo pwoblèm. Lòt gwo dilèm moulen van yo, yo kapab travay sèlman yon ka nan yon jounen an, pou rès twa ka jounen an, li ta nesesè pou ta genyen yon sistèm pou sere kouran.
Peyi d Ayiti se yon kote yo ta kapab sèvi ak teknik moulen van. Paske, se yon peyi ki gen anpil mòn, kote van soufle fò e prèske tout tan. Anplis de sa, se yon kote nenpòt 10 oubyen 20 moulen van ka bay Pòtoprens yon souf. Chak moulen van gen kapasite 500 kilowat (yon total 5 a 10 megawat). Ayiti se yon peyi kote elektrisite koute chè, paske yo itilize sistèm motè dizèl ki pa gen bon rannman e ki sèvi ak gazòy ki koute chè.
Pou nou rive sèvi ak teknik moulen van, fòk:
1. EDH enstale kèk estasyon meteyo nan kèk zòn enpòtan nan peyi a, pou wè ki kalite van ki soufle nan zòn sa yo: pou konnen fòs yo, direksyon yo, chanjman yo, ak tan yo dire. Bagay sa a pa ta dwe pran twòp tan pou fèt.
2. Anvan menm premye travay la ta fini, EDH ta dwe enstale yon moulen van nan zòn Mòn Lopital pou l ta wè ki rezilta l ap jwenn. Sa pral mande pou EDH negosye ak konpayi etranje ki fè moulen van yo.
3. EDH ta dwe chanje lwa ki kontwole l pou pèmèt sektè prive ayisyen an patisipe nan pwojè sa a. Sa vle di ankouraje yo mete lajan nan mòd pwojè sa yo, pou yo kapab vann EDH kouran elektrik.
4. Si EDH kontan ak rezilta yo, li ta gen dwa deside sèvi ak moulen van pou bay tout peyi a kouran. Sèvi ak moulen van pou bay Ayiti kouran, se youn nan mwayen pou lite kont debwazman.
Maks Blanchè
Enjenyè (Kalifòni, Etazini)























