Mo
Pa bay mo kenbe
sa ou ka kenbe ak men ou
Pa bay mo kenbe
sa ou ka prije ak men ou.
Bri ki pi pre,
se pa li ki pou ou.
Bri ki pi pre,
se bri dyòl.
Bri ki twò lwen
se pa li ki pou ou tou.
Bri ki twò lwen,
se bri delala ki fin ale,
bri sapat larivyè ap fè
lè l pral mouri bò la,
tou dezabiye sou wòch.
Bri ki pou ou,
se bri paj liv
timoun ap vire,
se bri mato k ap plati fè.
Bri ki pou ou,
se bri moun k ap sanble
fè kò ansanm ansanm
Se bri zam pèp ap aprann tire
anba pay, lan raje.
Mo se lan lavi sa soti.
Se lan lavi pou yo tounen.
Wè lwen dòmi pre,
se metye mo lè gen aksyon
Bri ki ki pou ou, dizon di,
se bri mo ap fè
pou yo jwenn chimen tèt
pou yo pa rete pouri
andaki, anndan dyòl.
Bri ki pou ou,
se bri eskonbrit ki pete
lè ze derefize atò
monte kabann li sou wòch.
Mo ki pou ou,
se mo ki pre ou.
Se bri chodyè manje sou dife
ak bri van k ap chire rad lafimen
pou fè n konnen manje pare.
Mo se lan lari sa soti,
lan mitan bri pye,
lè nou rete zepòl ak zepòl tou kole,
n ape laji, n ap aji, n ap gaye kò n
nan lari.
Mo se lan lavi sa soti,
Se pa lan dyòl save lalekti
k ap sable lamizè
pou yo pase poli sou li.
Georges Castera fils, Pye pou pye, pp. 45-46 (1986)
Vwa: Max Eugène (Maks Ejèn)