Misyon Espas Kreyòl

 

Kreyòl se lang natif natal pèp Ayisyen. Espas Kreyòl la pou li patisipe nan konbit pou Kreyòl tounen materyo konstriksyon ak motè transmisyon tout kalite konesans nan tout degre edikasyon. Pou li rive fè sa, Espas Kreyòl ap rasanble tout kalite dokiman an Kreyòl kit se dokiman pou moun koute, kit se sa pou moun gade oubyen pou moun li. L ap prepare yo pou li ranje yo byen ranje nan Espas Kreyòl sou entènèt la.

Anplis Espas Kreyòl ap chofe Ayisyen… ekriven, atis, tradiktè, entèprèt, jounalis, enjenyè, moun ki nan lasyans, lakilti, literati pou yo kreye dokiman an Kreyòl nan dènye domèn nan diferan fòm. Espas Kreyòl la tou pou li fè lòt aktivite ak demach depi yo pa depaman ak misyon òganizasyon an epi alatèt òganizasyon an wè mouvman sa yo kapab itil Espas Kreyòl pou li reyalize misyon an.

Sa k Espas Kreyòl la menm?

Espas Kreyòl se yon medyatèk nimerik nan lang Kreyòl. Se kalfou chimen kontre kote kreyòl pale, kreyòl ekri pou lakonesans sikile lib san blokis. Espas Kreyòl se yon galata ki chaje dokiman, divès kalite enfòmasyon. Se espas fouyapòt ki enterese konnen sa ki te pase nan tan lontan. Se espas moun ki renmen literati, mizik, penti, atizana. Se espas apranti ki dèyè aprann fè sa ki kapab itil yo nan lavi. Se espas bòs ki vle aprann fè pi byen sa yo konn fè deja. Se espas moun ki vle konnen kouman pou yo amelyore jan yo pran swen lakou a, pran swen kò yo, pran swen zanfan yo, jan yo defann dwa yo, defann tèt yo. Se espas memwa yon pèp ki an mouvman, k ap monte desann ki gaye toupatou sou latè. Se espas vitrin, espas etalaj sa pèp Ayisyen fè deja, sa y ap konstwi pyès pa pyès. Se espas kote pwofesè lekòl, mèt fouyapòt, elèv, etidyan, moun pwofonde gendwa foure men pran sa yo bezwen kit se pou yo pataje ak lòt moun kit se pou yo sèvi nan travay pa yo.

Espas Kreyòl se yon chay lou kou pwa senkant. Sa ki fèt deja se panko chay la. Se twokèt la. Chay la dèyè. Espas Kreyòl se yon travay san fen san bout ki fenk derape. Espas Kreyòl se yon espas san bòn ni kloti. N ap mande konkou tout moun alawonn pou yo fè pawòl la mache men tou pou yo monte abò, pou yo mete men ak nou nan pwodiksyon ak sikilasyon lakonesans nan lang natif natal pèp Ayisyen. An n pote kole, jenerasyon ki dèyè va renmèt nou sa! Mèsi, mèsi anpil anpil wi Kreyòl pale, Kreyòl konprann Se Espas galata kote nou rasanble tou sa nou genyen swa pou moun gade-koute oubyen koute senpman gade senpman. Gade pa boule je, tande pa kòche zòrèy. Si ou dèyè Kreyòl pale kit se videyo oubyen sede sou kèlkanswa sije, kèlkanswa kòz, se la a pou ou antre.

Se la a nou mete dokiman anrejistre kit se pyès teyat, pwezi, mizik, videyo dokimantè, videyo divètisman, videyo enfòmasyon sou sante, alfabetizasyon, agrikilti, matematik, mekanik, edikasyon, elatriye. Kreyòl ekri, Kreyòl konprann Se Espas galata pou sa ki kouche sou fèy papye kit se liv, journal, revi, diksyonè, glosè, ansiklopedi, elatriye. Si w dèyè Kreyòl ekri sou kèlkanswa sije, kèlkanswa kòz, antre la a.

Ou pa p dòmi san soupe. Ou kapab fè lanavèt ant koze sou relijyon, edikasyon, lasyans, lengwistik, lamedsin ak woman, pwezi, kont, pwovèb, istwa kout, teyat, byografi, eksetera era. Espas travay atis ak atizan Moun k ap chèche foto, imaj, tablo penti, desen, pyès eskilti, travay atizana, antre la a. Se la nou mete travay atis pent, atis fotograf, atis desinatè, atizana. Bèl travay ki fè lonè kilti pèp Ayisyen ak lonè atis yo! Gen de foto ki nan espas la, yo menm yo se foto-memwa peripesi pèp Ayisyen pase sou wout lavi, yo se foto-prèv ti sous lespwa ki konn pete nan kè yo nan moman ki pi malouk nan listwa. Espas plon gaye.

Ou mèt antre san frape. Se la a nou brase lide sou pwovèb, sou nouvèl, ti pawòl, sa ki fè nou ri debraye, sa ki fè nou prèt pou kouri pran lari, sa ki fè nou kriye de ran dlo nan je, sa ki fè nou bat bravo sote ponpe, sa ki soti pou fè lesan toufe nou, fè nou anvi frape pye nou atè rele Abraham di sètase! Se la a nou rale ti chèz ba nou pou nou koze, pou nou koute, pou nou chuichuichui san bri san kont. Se la a nou rafrechi memwa nou sou evènman tan pase, dewoulman listwa laboul ki woul yon jou pou chasè, yon jou pou jibye. Se la a nou mete dat pou dat pou nou wete chapo nou douvan sila yo ki pran devan men ki kite dèyè, sila yo ki disparèt pou nou te kapab gen yon peyi ki granmoun tèt li ki rele nou chè mèt mètrès. Se la a, ou mèt antre!

Espas Kreyòl se yon medyatèk nimerik nan lang kreyòl. Se kafou chimen kontre, kreyòl pale, kreyòl ekri, kreyòl konprann pou lakonesans sikile lib san blokis. Tanpri ede n pote chay la: Voye sijesyon, kòmantè, enfòmasyon ak dokiman ba nou. Imèl Espas Kreyòl se: espaskreyol@gmail.com.

Kite yon repons