Mèsi papa Desalin

Mèsi papa Desalin Felix Morisseau-Leroy (Feliks Moriso Lewa)

 

Papa Desalin, mèsi

Chak fwa m santi sa m ye

M di mèsi, Desalin

Chak fwa m tande yon nèg koloni ki poko lib pale

M di: Desalin, mèsi

Se mwen k konnen sa ou ye pou mwen

Mèsi, papa Desalin

Si m yon nonm

Se pou m di : mèsi, Desalin

Si m ouvè je m gade se gras a ou, Desalin

Si m leve tèt mwen pou m mache

Se gras a ou, Desalin

Chak fwa m gade lòt nèg

M di mèsi, Desalin

Lè m wè sa k ap pase lòt kote

M di: mèsi, Desalin

Lè m tande kèk nèg parèy mwen pale

M di: mèsi, papa Desalin

Se mwen k konnen sa ou ye pou mwen

Towo Desalin

Desalin, san mwen Desalin, de grenn je mwen

Desalin, zantray mwen

Se mwen k konnen

Se pou tout nèg di: Mèsi Desalin

Se ou k montre nou chimen nou

Mèsi Desalin

Se ou k limyè nou Desalin

Se ou ki ban n tè n ap pile a

Syèl ki sou tèt nou an

Pyebwa, larivyè, lanmè, letan,

Se ou Desalin,

Se ou k ban n solèy

Ki ban n lalin

Ou ki ban n sè, frè n

Manman n, papa n, pitit nou

Se ou ki fè n yon jan yon mannyè

Nou pa kou tout nèg

Si m gade tout moun nan je

Se ou k ap gade yo, Desalin

Se ou ki ban n dlo pou n bwè

Ou ki ban n manje pou n manje

Mèsi, papa Desalin.

Epi, se ou ki ban n kay pou n rete

Ou ki ban n kote pou n fè jaden

Se ou k montre n chante

Ou k montre n di: non

Yo di gan nèg ki di: wi, wi.

Gan nèg ki di: yèssè

Ou montre n di: non

Desalin montre tout nèg

Tout nèg sou latè di: non

Mèsi, papa Desalin

Gan nèg ki vle esplike: “Tan jodi pa tan pase

E ke wi alèkile “La fraternité humaine

L’ humanité, la civilisation” tou sa, se franse

Mwen menm, se Desalin m konnen

M di: mèsi, papa m

Se ou k  fè m

Manman m se pitit ou

Tigason, tifi, se pitit ou tou

Mèsi, Desalin

Pitit pitit mwen, se pitit ou

Wa Desalin, mèsi

M pa bezwen pale pou drapo a!

Pa bezwen pale pou Lakayè

Pou Gonayiv!

Yo di sa deja

E ki moun k ap tande sa ankò?

Mès rekwiyèm 17 oktòb?

Ki moun ki pral Katedral?

Diskou Minis?

Ki moun k ap koute sa?

Men, sa m di la a

Se youn sèl mo: mèsi

Mèsi Desalin papa m

Gan mounn ki pa konnen

Fò m di yo

San ou nou pa ta la a

Mèsi, papa Desalin

Epi, fini ak Patè Nostè w la a

Monseyè, Desalin pa mouri

Ase pale franse, Minis

Desalin pa p janm mouri

Desalin la

Nèg sa a ta ka mouri!

Desalin nan kè m

Lam o pye

Desalin ap veye

Yon jou Desalin va leve

Jou sa a, nou tout n a konnen

N a konnen si 1804

N a konnen si Lakayè

N a konnen si Lakrèt a Pyewo

N a konnen si Vètyè

Desalin te fè tou sa

Pou ti nèg ekri powèm

Pou Minis fè diskou

Pou pè chante Te Deoum

Pou Monseyè bay labsout

Desalin pa bezwen labsout

Tou sa Desalin fè bon

Yon jou Desalin va leve

W a tande nan tout lanmè Karayib

Y ape rele kote l

Desalin pran lèzam

Arete l

Lè a, w a tande vwa l kon loray

Tout nèg koupe tèt boule kay

W a tande n nan tout Lamerik

Y ape rele: rete l

Vwa Desalin deja nan radyo

Koupe tèt boule kay

Nan tout "Harlem"

Desalin ap mete lòd

W a tande: bare Desalin

Jouk "Dakar"

Jouk "Johannesburg"

W a tande: kote Desalin pase?

Koupe tèt boule kay

Desalin pa bezwen labsout

Pa bezwen padon Bondye

Okontrè: Desalin se bra Bondye

Desalin, se jistis Bondye

Pa bezwen Patè Nostè Monseyè

Ni eskiz nèg yo vle mande blan a yo

Desalin pa bezwen

Pou tou sa l fè m di: papa Desalin, mèsi

Pou tou sa l pral fè m di: mèsi, papa Desalin