Mwa me se mwa manman. Maurice Sixto fèt nan mwa me, e li mouri nan mwa me tou—mwa manman! Nan istwa l yo, Sixto tire pòtre plizyè manman. Mwen menm, jodi a, m bay tèt mwen misyon pou m rale 3 nan manman sa yo met kanpe devan nou, pou yo vin fete avèk nou tou kòmsadwa.
Premye manman an, se manman Lea Kokoye. Nan istwa Lea Kokoye a, Sixto di on gwo pawòl, on bèl pawòl ki ka sèvi mouka pou mare tèt tout manman. M pa konn si n ap dakò avè m. Men pawòl la: “Alò manman tèt yo toujou ap travay.”
Pawòl sa a tonbe lè Lea sot kay doktè, li pa wè devan, li pa wè dèyè, paske konsiltasyon bay se grannfeblès li soufri. Doktè a di li nan kondisyon sa a, li pa ka chita devan on machin tout lasentjounen ap kase file, kèp ti machin lan, kèp ti machin lan, kèw! Lea di: “Men manman, m pa wè kijan pou m kite kouti a! Kijan m ap peye lwaye a? Men moun yo devan pòt la, si w parèt, yo wè ou la a, moun yo prèt pou vole sou mwen wi. Kijan pou m kite kouti a!?” Mezanmi, se Lea k rele, se Lea k reponn; se kouti a ki tout lavi kay la, se sou kont kouti manje tout moun ye…
Wi tèt manman toujou ap travay pou pitit yo… paske pitit se nan zantray manman yo soti.
Manman Lea voye rele Derilis, on konpè li ki travay kòm okton nan Ministè Endikasyon Nasyonal, pou Derilis ka fè manzè Lea ki gen diplòm Eli Dibwa l anba malèt li jwenn on djòb matmwazèl lekòl. Derilis, nèg debouya, mare on randevou kalanmplanm pou Lea al espoze ka sitirasyon l bay minis.
Men manman toujou manman, e manman chaje esperyans: li konnen se nan on nich djèp panyòl l ap voye pitit la nan ministè a, li fè Lea chonje bon prensip fanmi an, pawòl mari l, defen papa Lea, te konn ap repete: La gad mè, mè ne se ran pa. E manman an kore prensip la pou Lea: si w ta wè mouche a vle betize avèk ou, mete l nan plas li, epi vire do w tounen lakay ou, pakse nou grangou, men nou pa saf!
Dezyèm manman an, se manman Mina, nou jwenn nan istwa ki rele Mèt Zabèlbòk Bèrachat la. Madanm sa a, tèt li toujou ap travay tou. Nan pale ak vwazen l, Mòy, Moris Siksto, li fè l konnen poblèm k ap trakase lespri l, se wè l wè trantan ap rive sou Mina nan djèt, epi li poko wè kote on nòs ap soti. Pase kòm manman, li konnen li pa vin fè matyè sale sou latè, li ta renmen kite tifi a nan men on bon moun.
Enben tèt la travay, li travay, jis li jwenn on nòs pou pitit fi l. On mèt avoka, Mèt Zabèl. Men nòs sa a, mèt sa a koute madanm lan chè! Paske mèt la sèmante se nan lindemyèl an pèmanans li ye! Men se pa nan sinema—se reyalite byen bwè, byen manje chak jou bondye mete jou sou do bèlmè… Se atò tèt lamè koumanse ap travay. M pa bezwen antre nan tout detay avèk nou, m pa bezwen al reveye le cha ki dò, lakòz lapenn ak soufrans, paske nou deja konnen kouman sa te pase. Manman Mina pa t janm gen repo. Tèt te kontinye ap travay san rete. Jiskaske bofi l, Zabèlbòk, di l on pawòl ki fè on sèk tèt kenbe li, lakòz li pa dòmi tout lannuit. Mouche a twouve di madanm lan: O wi, lamè, m kwè fè w wè on doktè serye, paske ou gen on wou nan machin ou k pa mache… kidonk tèt lamè pati, lamè fou…
Enben, apre on nuit blanch, lamè kanpe nan maten ak solisyon an: Sandrin ak Kwabosal gen pou yo monte vin degèpi Mèt Zabèlbòk Bèrachat. Apa li papa! Manman tèt yo toujou ap travay! Li jwenn solisyon an.
Twazyèm manman an, se on manman nou jwenn ki kanpe devan katredal ap espoze ka sitirasyon l bay Nòtredam, manman tout manman, manman tout pitit. Pou istwa sa a, m ap kite nou nan men Mòy. Msye Moris, jwèt pou ou!
Manman nan Sixto (Siksto)
Tèks: Rozevel Jean-Baptiste (Wozvèl Janbatis)
Vwa: Wozvèl Jean-baptiste
Lapriyè devan katedral
Tèks: Maurice A. Sixto (Moris A. Siksto)
Vwa: Moris A. Siksto
Montaj: Espas Kreyòl