BON NOUVÈL

23èm Ane - No. 244 - Avril 1989

Maladi vè

Mwa pase a nou te pale sou dega vè ka fè nan vant moun. N ap kontinye sou menm ti koze sa a toujou. N ap sèvi ak yon ti moso nan yon liv "Aksyon Familyal Ayiti" pou kontinye reflechi ak manman ak papa pitit yo sou lougawou sa yo k ap fin manje timoun yo: Vè. Nou te kòmanse pale sou ankilostòm, n ap kontinye ti koze a sou li.

Vè ankilostòm

Nou te wè deja, vè sa a ki pote non ankilostòm nan, yo kapab pase nan bouch nou pou antre nan kò nou. Men pi souvan, lav yo (ti ze vè yo) pase nan po kò nou pou antre nan kò n. Lè yon moun mache pye atè, lav yo kase kokiy yo, yo pèse po pye moun nan. Ansuit, yo pèse venn moun nan pou yo ka antre nan san l. Sot nan san an yo pase nan kè, pou yo ale nan poumon. Yo pèse poumon an pou yo moute nan kannal respirasyon an, epi yo rive dèyè gòj la.

Lè yo rive la, yo pa pase nan bouch la ak nan nen an, men yo desann nan kannal manje a jous yo rive nan lestonmak, ansuit nan dyodenòm nan. Se la y a pral viv, pou yo vin tounen yon vè tout bon.

Dega ankilostòm yo konn fè

Vè ankilostòm yo gen tan pou yo fè anpil dega pandan y ap vwayaje nan kò moun nan. 10 vè ankilostòm souse yon ka lit san chak mwa. E yo kapab rete ap fè travay sa a pandan 5 an. Poutèt sa, moun ki gen vè sa yo nan gwo danje. Lè yon moun santi li malad, petèt, li gen kèk santèn (100), kèk milye (1000) vè nan trip li.

Men ki jan nou kapab

remake maladi sa a

Nan kòmansman, li parèt sou po kò a. Apre, li parèt sou poumon yo. Ansuit li parèt sou trip la: move dijeyson, ansuit manke san. (Li soufri "anemi", sa vle di li manke globil wouj nan san li), ki kapab fè moun nan mouri, si li pa ale lopital.

Men kijan maladi a kòmanse: Kèk tan apre lav yo fin pèse po moun nan, kèk ti bouton plen dlo kòmanse parèt sou po a. Yo parèt nan fant zòtèy yo, sou do pye yo, sou janm yo, sou do men yo. Moun malad la grate bouton ki parèt la.

Lè lav yo pèse poumon yo, si yo anpil, yo pwovoke yon bwonchit. Moun nan touse, li krache, li mal pou respire. Li oblije fè jefò pou l pale.

Yon mwa pita, lè lav yo vin yon vè tout bon, moun nan kòmanse gen doulè anba kè li. Doulè sa yo vin pi fò apre li fin manje. Jou an jou, moun malad la vin pèdi apeti. Li kapab anvi vomi. Li toujou santi l gonfle. Li tande vant li ap bouyi. Li santi li fatige. Li vin pa gen apeti. Fòs li yo ap diminye. Li santi tèt li ap vire e tanzantan li gen lafyèv. Li soufri nan tout kò l.

Kèk jou pita, li soufri san rete. Moun nan gen dyare tanzantan, ansuit li gen dyare tout tan. Apre sa li poupou san.

Souvan moun malad yo, timoun yo, madanm ansent yo kòmanse manje tè, tè tif. Yo pa fou, yo pa mache sal, men se maladi a ki chanje gou bouch yo. Yo malad anpil. Si yo pa trete maladi sa a, maladi a ap vin pi mal pou yo.

Moun nan gen dyare ak san nwa tout tan. Ou byen li vin konstipe. Moun nan pa kapab manje ankò. Koulè po li vin gri, li parèt sal. Cheve l yo tonbe, yo pa vivan ankò, yo vin wouj. Figi l vin boufi, gonfle. Pye l kòmanse anfle. Lang li, anndan po bouch li, anndan popyè je li kòmanse vin blanch. Yo pa gen san ankò. Moun nan soufri anemi (globil wouj nan san an vin redi). Vè yo anpwazonnen san li.

Ankilostòm nan souse anpil san. Moun malad la pa lontan mouri.

Fòk nou lite kont maladi sa a

Se pa pou nou tann jouk moun nan prèt pou mouri. Moman nou santi kèk twoub ki sanble ak maladi vè sa yo, fòk nou sispèk li, menm si gen lòt maladi ki kapab bay menm twoub sa yo.

Si nou wè pitit nou gen maladi sa a, oubyen yon paran nou, yon zanmi nou, se pou nou kouri al lopital avèk li, e pote yon ti poupou li nan yon bwat alimèt pou doktè a egzaminen.

Nan lopital la, yo kapab dekouvri ze vè yo avèk yon "mikwoskòp". Y ap ba li renmèd. Petèt, se nesesè pou moun malad la rete entène nan lopital la, pou li kapab reprann fòs li ankò.

Apre yon mwa, se pou li retounen nan lopital la, pou li fè lòt egzamen; paske medikaman yo kapab touye vè yo, men yo pa kapab touye lav yo ki sou wout pou y ale nan trip la. Fòk li retounen plizyè fwa, tann pou lav yo gen tan vin tounen yon vè tout bon ki kòmanse souse san.

  • Fòk nou pa pote neglijans pou trete maladi sa a.
  • Fòk nou evite pou lòt moun pa atrape maladi a. Fòk nou pa poupou nenpòt ki kote. Fòk tout moun gen yon watè.
  • Fòk nou pa janm mache pye atè.

Liv "Men vrè lougawou a!"

 

Kite yon repons