M TE FIN LI L AN BA EKO KRI L

----------M TE FIN LI L AN BA EKO KRI L---------

M li yon jenn gason ki dekri lanmò lavi l pandan l t ap mache sou wout lanfè move desten ---san l pa t konnen l te sou move chimen , yon desten dan sere te gen tan siyen non l nan kaye te venvenn kafe anmè ki , nan griyen jansiv depase dan , pral fòse manman l mare vant pou soulaje doulè matris ki li menm pa janm bliye li te kenbe sekrè sakre. Wi yon mare kòd an ba vant pou yon tranche ki retounen kote pouse pa pral akouche vi men pito kote pete rèl suiv rivyè dlo nan zye san swe nan fwon pa suiv bèl souri. Wi tranche sa diferan paske swe ki koule desann fontèn jodi a , swe sa suiv souf jenn gason machann lanmò etèn. Wi se yon move jou , yon jou malouk ki oze etenn chandèl lavi manman l te limen dis-sèt grenn lane avan. Pye kout pran devan men pye long pa twò lwen dèyè paske lè yon jenn disparèt sou lòd foli mèt se lavni nou tout malonèt yo mete an dèt.

Li ta sanble non l te deja siyen an grann lèt nan kaye moun ki pou peri anvan yo ta menm gen tan fè bri ni anvan yo ta menm gen tan pete kouri . Nan yon vwa anwe k ap pèdi souf tèlman l ap plede se pa li. Paske se vre se pa li menm , se pa te fout janm li menm ki te konn konte grenn wowoli nan pòch chèf tout-se-pou-li pou kreve je chèf tout-se-kont-li.

A wi ! Jenn lan dekri yon mond kout je , yon mond twaze , yon mond boude , yon mond chen ki pa sèlman manje chen men yon mond ki pa ezite non plis pou manje tou kri kou tou vivan menm tibebe ----tibebe mitan tèt mou kou fwamou, tibebe kòd lonbrit pandye manman yo mouri kite arebò wout pikan lamizè fòse yo te pran apye .

Kote chen ap devore chen atò menm yon ti toutous k ap mache tèt atè pou tante suiv sant manman l , menm yon ti toutous k ap pase ke l ploye pou kouvri sa li pa oze kite je alfa yo menm apèsi , menm si li pa ta menm panse jape , l ap jwenn yon chen tout koulè plim ki li menm ase anraje pou vole sou do l pou rive mòde l jouk nan zo . Paske visaj pa l la , yo pa abitye wè sa nan miwa lanfè yo eritye a. Pou yo li ta vizaj yon zanj tripotye ki vin rapòte pou Bondye---yon Bondye ki li menm ta sanble deja ap vide gazolin desann sou dife an pye yo , pou leve flanm ki yo te deja ap kankannen yo tou vivan.

Jenn gason sa ouvè pòt yon mond ki se kay kote paranòy esksperyans kale toujou sou tansyon , yon kay ki bati ak blòk yo mete sou kou sa ki bon kou sou kou sa k pa fin twò bon . Se konsa laperèz tèlman ante nanm yo , yo ta rive pè pwòp lonbray yo. Sa ki gen pye kochon bò ren yo ta pretann yo pa pè kou sourit lè yo sou gaga apre anbyans dekadans ti sourit . Poutan lenpòt ti bri sapat ta gen tan fè yo peze gachèt pou ouvè bwat lanfè dan fè a sou pwòp lonbray yo ki li menm konn rebondi bò tanp yo pou etèn souf yo. Se konsa kamnyon endijen lan pral mete yo pil sou pil pou blayi yo , san yo pa menm anseveli , sou yon vas teras ki pa janm sispann degaje souf pou souf.

Jenn sa pa dekri yon evènman sèlman . Non li fè plis ke sa. Li ale pi lwen paske chak grenn fraz li ekri pa fè nou ri men pito fòse nou reflechi sou kalvè dezespwa lajenès. Jenn ekriven foure zo kou vyann nan kalalou pou fè nou santi jan kwa plon yo mete sou do jenn yo tèlman lou . Li dekri yon reyalite listwa pase nou rakonte , li fè nou wè yon lòt fwa ankò reyalite sa a kanpe sou yon fondasyon verite malouk. Li pa lonje dwèt sou yon grenn zak malveyan an. Non , li pa fè sa paske li konnen byen reyalite toujou plis ke aparans, paske li pa fè fo pa pou konfonn sifas pou pwofondè. Dayè lakay , menm si koze a ta manke detay , nou pa pa janm pa bliye dèyè mòn pa sèlman gen mòn men li konn gen montay ki souvan depase tay tout kalte ray. Wi , se sa menm , se sa menm li rekonèt menm ki fè l konnen sa menm :

Malveyan sa a ki defèt li anvan menm pwòp desandan l pwòp desandan l fèt. Malveyan sa a tou se yon viktim---yon viktim malveyans k ap fè vanjans , yon malveyans li eritye anvan menm yo te lave je l , yon eritaj ki mete lavni l an otaj , ki fòse l voye jete metye dinite . Wi , malfektè a tou se viktim vanjans malveyans , yon sèk visye ki sanble pa janm sispann retire kiyè nan bouch pè bòkyè , ki pa janm sispann retire kiyè bouch grangou fann kou filange tribòpabò.

Yon istwa tris , yon vwayaj ki defèt sa ki te pran plis ke tan pou li te fèt. Li pa yon istwa bote lajwa men li se listwa san yo fòse kouri kite venn . Poutan li pa listwa rayisman men pito listwa yon foli dezagreman ki defye rezonmann , youn ki chwazi move jou pou pa janmè lantèman.

Jenn otè sa pa ekri pou grenpe wotè ni pou jwenn akolad gran kòmantè. Li ekri pito pou dekri sa li santi , pou raple nou li se moun tou menm jan ak tout lòt moun toupatou. Li pa sèlman fè nou kale je pou konfwonte reyalite , reyalite yon jenn gason ki pèdi lavi l anvan menm li koumanse jui l , men li fè nou rete tande eko chak kalòt , chak kout bouda fizik an ba kòt ki fè kè nou tou sote ponpe , pa sèlman pa l. Men li mete devan nou tou reyalite pase-isit-na-kontre a , sa moun ki pi sinik ke nou ta rele entiwon an .

Mezanmi ! Ki lè jenn nou yo ap sispann vire an won tankou toupi an ba men dirijan mechan pou biyè san yo siyen bò kote ankriye ki plen san moun inosan ?

Sa a se kesyon pa m. Atò pa antrave jennonm lan pou frekansite pa m. Men sa li dekri pito ki chak jou ta sanble rete konsa : Sou tout do mi , nan tout kalfou , nan tout koridò , sou tout galri , jenn gason pa sèlman pa menm wè lonbray lavni yo , men chak jou Bondye ta sanble modi yo akonpaye mouche lanmò chak lè yo chwazi janbe lari. Paske si je yo ta tonbe nan je yon lòt jenn parèy yo , nan zòn sèkèy pa ret atè , si je yo ta pèdi wout kay pou tonbe nan pa jeneral bradòk kolokòk alyas twòp pou tè ki li menm pa menm fye pwòp lonbray pa li , chans pou yo ta rantre de pye devan apre yon fo akizyon pa ta yon ekzajerasyon. Poutan pa gen chèf ki wè lwen kote rival yo kache nan kwen.

Lakay , je kontre pa jwe , sitou kote may ki poko menm hay gen tandans wè tout pyèj lennmi swadizan kache an ba pay. Lè yo kontre sou teritwa kote je kale te deja pwoklame tèt li wa , yon rega akisidan souvan fè mechan manje dan.

Men je kale ki pa gen pitye pou memm bebe k ap rale ta sanble toujou twò kontan pou kreve je sa yo ki timid ---paske pran wout sid ta sanble suisid brid sou jou. Je kale kreve je poutan se je pa l tou li kreve nan miwa lanfè kay ante sa yo tout te eritye a.

Non se pa zonbi zanzèt non ki ante kay tonton malouk lan. Non , se pito konplo. Dayè pwovèb lan di konplo toujou pi fò ke hounga. Non se pa chenn nan pye non plis , se pito twou nan pòch , se pito sèvèl lekòl ilizyon mare ---mare tankou krab pou depoze nan mitan siwo kann gwo midi pou foumi pikan devore. Non se pa nan san ni nan jèn ni nan zantray malè nou sòti ---sa se pawòl dwòl moun ki pretann yo ta san memwa pou eseye sere kache listwa. Malè nou sòti lè nou pa rekonèt sous pouvwa nou se nan nanm nou , nan panse nou , nou lanmou nou , nan kilti nou. Nou pa fèb paske nou nou menm. Nou fèb paske nou REFIZE nou menm. N ap fò lejou nou asepte nou menm.

Jou va , Jou vyen , jenès gen pou kontre vyeyès !
Jou va , Jou vyen , anvi gen pou sispann detwi lavi !
Jou va , Jou vyen , bouch megri gen pou l
souri !
Jou va , Jou vyen , lit la gen pou l kreye yon elit !
Jou va , jou vyen , Ayiti gen pou l rebati !

Marc-kensen Curvinglines