Liv pèp la, nan lang pèp la
“Frank, sa w ap tann pou w bay pèp la on liv an kreyòl? Sonje sa tou, ba l liv pa l pou l li. Si l pa li l konnye a, l a li l on jou, si l pa ka li l konnye a, l a tande l. Men menm si l tande franse a, l pa p konprann! Frank, sa w ap tann?” (Inter-Actualités Magazine: Jean L. Dominique ak Frankétienne sou woman “Dezafi” (https://repository.duke.edu/dc/radiohaiti/RL10059-RR-0046_01)) [M monte nan sit la 6 jen 2021]
Pawòl sa yo, se nan bouch Frankétienne yo soti, men se pawòl Jean Dominique yo ye. Frankétienne repete pawòl sa yo nan entèvyou Jean Dominique fè avèk li, nan emisyon “Inter-Actualités Magazine” sou Radio Haïti Inter, lè Dezafi parèt an 1975. E Jean Dominique pa demanti l!
An jeneral, m santi m on jan malalèz lè m ap tande on animatè radyo ki fè entwodiksyon an franse, epi pase nan kreyòl, retounen nan franse ankò, kontinye konsa nan on antre-soti franse-kreyòl, kreyòl-franse byen vag… M pa fin si m ka esplike sa k fè m santi m konsa. Èske se jennen m jennen dèske m ka rive suiv emisyon an malgre lawouli lengwistik la, alòske m konnen, pou pifò moun son yo ta al frape tande zòrèy yo, se on chòk yo ta resevwa tankou moun ki pran nan kouran … epi mesaj la monte nan sèvo yo: “Atansyon! Kanpe lwen, sa k ap fèt la a pa pou ou…”?
Abitid sa a, vis sa a, li kuit nan san animatè yo. E li vin sanble on atitid ki nòmal pou kèk moun, tèlman nòmal yo pa menm admèt ou ta ka poze kesyon “Pou ki moun mesaj sa a?” Epoutan, kesyon an merite poze, paske pawòl k ap pale nan radyo se pawòl piblik, se pa pawòl prive: li la pou tout zòrèy! Pyès animatè pa gen kontwòl sou moun k ap vire bouton radyo li, oubyen klike sou estasyon radyo a, pou l tande sa k ap di. Èske animatè yo konn sa? Si yo konn sa, èske yo panse tout moun ki pran emisyon an fèt pou yo alèz ni nan franse ni nan kreyòl, tèlman alèz yo pa p menm remake lè chanjman lang lan fèt?
Jean Dominique chwazi pou l fè antre-soti lengwistik la, men li konnen li pa bon. An nou gade sa k fè m di se on chwa. Nan entèvyou a, Frankétienne di:
“M ap ekri an franse, m kontre avèk Jean, lè m fin pibliye Mûr à crever. M santi gen on ti arèt, on ti zo k koke nan gòj Jean. Se on nonm kare, paske se pou m di li, msye pa nan chire pit ak pèsonn. Pinga yo konprann se on afè zanmi; kòm li sot di l la a, li pa nan chire pit ak pèsonn; ka se pou m di li: Jean fè kont avè m, Jean joure m, nou frape pye, nou frape pòt, nou ret zanmi, men sa ta ka gate tou. Lè m fin pibliye Ultravocal, fen 72, an desanm 72, m pase nan Radio Haïti, Jean ranmase m ak grap, Jean poze m kesyon ki vire tèt mwen. Jean mande m pou ki moun m ap ekri, pou ki sa m ap ekri, ki sa m konprann mwen fè.”
Sizoka nou pa reyalize sa, tout pale anpil sa a, se pou kesyon lang lan wi: “M ap ekri an franse…” Kidonk Jean Dominique konnen lang lan pa p rive sou on kategori moun… E li di sa pi dirèk toujou. An nou retounen nan sitasyon ki sèvi chapo pou atik la (Nou te panse se mwen ki te taye on bonèt met nan tèt li, pa vre?!) Pran kreyon nou pou n souliyen pati sa a: “menm si l [pèp la] tande franse a, l pa p konprann!”
Èske nou panse estil pale nan radyo Jean Dominique la, estil antre-soti a, pèmèt pèp la konprann? (Nou pa oblije reponn, men si nou chwazi reponn, nou mèt ekri repons lan nan seksyon “Kite yon repons”.)
Men… Gen diplis nan entèvyou a. Se pa konsa Frankétienne rete, jis paske Jean Dominique te kwape l, li vin ekri on liv pou pèp la, nan lang pèp la. An n koute (Pa bliye: Tande, koute, koute byen!):
“… lè m ap ekri franse, se on veritab batay pou mwen. M se on nonm ki soufri; m ap ekri, m pati dèyè mo yo, m lage koukouwouj dèyè mo yo, mo file anba dwèt mwen, yo pase nan tèt mwen, yo pa rete. Se on veritab batay, m santi m angwase, m pa konn sou ki pye pou m danse.”
“M t ap chache mo lè m ap ekri franse, konnye a se mo yo k pati dèyè m. Mo lage vitès dèyè m, tout boulin dèyè m. M vin alèz alèkile, se chwazi m ap chwazi. M gen pou m chwazi.”
“Lè m gade, m vin rann mwen kont ke lè m t ap ekri an franse, m te kite reyalite a on bò, m te anndan on chanm ki plen mo, gen de fwa, menm mwen menm, se pa manti m ap bay, se konn on veritab travay apre pou m kase tèt mwen pou m wè ki rapò k genyen avèk mo yo, ant mo yo e reyalite peyi m. Kreyòl la parèt, se reyalite k parèt toutouni ban mwen.”
M pa p fè kòmantè pou nou. Sèl kòmantè m, se chwa tèks la…
M aprann anpil bagay nan entèvyou a. Men sa k plis ret nan tèt mwen, sa k ap rete nan ti bwat la, lè m fin bliye tout bagay nèt, entèvyou sa a se (youn nan) istwa orijin Dezafi. Se pa mwen k di l:
“Donk, rankont mwen avèk Jean Dominique, se pou m di l, m konn sa ka pa fè moun plezi, men se pou m di l, Jean pou bokou nan liv kreyòl sa a m bay la, ke m bay ak tout nanm mwen, men si m pa t rankontre ak Jean, sa ta ka pa fèt, paske m pa t janm te genyen, on sèl enstan m pa t janm te wè tèt mwen, m pa t wè limyè kreyòl nan karyè literè m, m pa t wè limyè kreyòl ditou nan pwent plim mwen.”
M chaje kesyon, m pa gen repons. Èske nou gen kesyon tou? Èske nou konprann, èske nou konnen pou ki rezon Frankétienne di li konnen sa ka pa fè moun plezi si l di Jean Dominique pou bokou nan ekri li ekri Dezafi a? Ki rezon ki ka fè kèk moun pa kontan si ou chwazi di laverite?