Espas Kreyòl ak Haitian Studies Institute ap fè yon rasanbleman nan entènèt pou yo brase lide sou sitiyasyon lang kreyòl ayisyen anndan lekòl yo ann Ayiti. Ki sa ki anpeche Kreyòl tounen lang pou aprann tout timoun lekòl ann Ayiti malgre pifò edikatè konnen lang natif natal la se pi bon zouti elèv lekòl genyen nan men yo pou yo ranmase tout kalite konesans?
21 fevriye se Jounen Entènasyonal Lang Manman, se yon bon okazyon pou Ayisyen chita pale sou sitiyasyon lang nan peyi yo, pou yo eseye konprann sa k ap pase ak pou yo fè plan pou yo debloke sitiyasyon an.
KONFERANS SOU KREYÒL - DIMANCH 27 FEVRIYE 4:00 PM NAN ENTÈNÈT
Klike la a pou enskri pou konferans lan: https://mailchi.mp/ 288b764df7cd/international- mother-language-day-2022
N ap tann nou tout!