LAVI VYE NÈG

 

Lavi vye nèg

pa mache sou krepsòl.

Si latè è wonn

se pa yon afè.

Lachans pa fè boul

lan pòch malere.

Se bagay koni

Tout òm gen de pye

tout òm gen bouch fann.

Nan mache chèche lavi

pye malere degriji

Nan mache vale pousyè

Krache vye nèg fin cheche

yo pa sa souse piwouli

krache vye nè fin cheche.

Je pa fèmen

Nèg ap bese leve.

Si pou nou pa wè

jan lavi souri,

ou mèt di m sa ou vle,

sa pa rele viv

dapre lagramè

Mason fè kay

li dòmi anba pon

boulanje fè pen

pitit li grangou

Byen travay, byen swe

pa di byen touche

sou latè beni

sou latè beni.

Anwo bouche anba

sa k anba anba nèt

Se konsa sa toujou ye

se konsa sa pa do ye

Anwo bouche anba

nou pran gòl ak men

nou pran gòl ak pye

Chak koken yo fè

se dèt pou demen.

Claude Innocent (Klod Inosan), Conjonction #196, oktòb - desanm 1992

Vwa: Menes Dejoie (Menès Dejwa)

Foto: "Haiti 06", Inter-American Foundation

Kite yon repons