Moriso Lewa ou Félix Morisseau Leroy
Li pito ekri non li kon sa : Moriso Lewa. Lè li te fèt 13 mas 1912, te gen yon zetwal filant ki te travèse syèl ti bouk Grangozye . Tout moun te di nèg sa a gen pou I jeneral. Meriken debake. Pandan plis pase kenz an, pa t gen jeneral ankò nan peyi a. Yo di ti bonnonm nan fèt tou plim-e- ank.
L aprann monte chwal, I aprann naje. Li vwayaje sou chwal, Ii vwayaje nan bato avwal. Li lonje tout mòn lakòt Sidès la jouk li rive Jakmèl. Li te gen katran. Li fè konesans ak tout fanmiy Lewa yo. Lè I te gen senk an, Ii travèse mòn Lasèl, mòn ki pi wo nan peyi a. Li rive Pòtoprens, li rankontre ak fanmi Moriso yo. Enben, yo tout vle pran pitit la. Manman I di yo sa Ii te di fanmi Lewa yo : mwen gen plan pa m pou pitit mwen.
Yo voye I ale aprann lagramè pandan 6 mwa. Ki kote? Saltwou yo vin rele Belans alèkile. Se la tou, lè li te gen trèz an, Ii va I aprann grèk. Apre sa, Ii tounen Grangozye, Ii monte nan mòn, sou pwopriyete fanmi grann Ii, nan lekòl lavi a menm. Kote ki gen manje lwa, yo mennen I ale aprann danse lwa. Yo ba l yon ti moso tè pou li plante mayi ak pwa. Li keyi kafe, Ii ranmase kafe rat, Ii fè seche, Ii pile, li vann. Li pote dlo sou tèt li, li monte pyebwa jouk Ii tonbe, Ii jwe ak tout timoun nan mòn yo. Se kon sa yo montre I tire kont, danse nan rara.
Lè li desann Grangozye, l ale nan mès katolik, Ii frekante pè, Ii fè anfann kè. Tout kote ki gen dènye priyè, Ii la. Lè kay manman l boule, yo sove sèlman 2 bwat liv nonk Ii te kite la. Se nan liv sa yo li aprann li Lilyad ak Lodise. Li travay ak tout ouvriye yo pou refè kay la. Li bwote dlo sou tèt Ii, li sanble wòch, li fè lacho, li bwote lacho, li bwote sab jouk Ii pa gen tan pou Ii ale lekòl. Yo rele manman l devan tribinal. Enben, men sa li di yo : " M ap menmen pitit mwen an, voye chèche direktè lekòl la, ba yo yon dikte, gade pou wè kilès k ap fè plis fòt ." Moun yo di, lage fanm nan pou l ale lakay li.
Enben, se kon sa ti nonm nan vin ekriven, ap pibliye nan jounal. Fòmasyon li te resevwa depi li te tou pitit a, pèmèt li se premye moun ki dakò ak lide Kristyan Bolye a : pou ekri liv an kreyol pou timoun ki pral lekol. Nan jounen jodi a, li kapab aliyen nan yon sèl liv sis kokenn chenn pyès teyat Ii ekri, li fè jwe toupatou an kreyòl : Antigòn, Wa Kreyon, Pèp la, Moun fou, Rara, Anatòl. (*)
Se nan lise Penchina Jakmèl li rantre ou ta di pou l bay traka. Li kòmanse pran premye pri pou tout bagay, pi gwo nòt pase tout elèv yo. Lè a, direktè lekòl la di, Ii pa kab voye l an senkyèm, se an katriyem pou li ale. Se kon sa yo voye Saltwou pandan 2 mwa al ekri grèk sou sab tout bò lanmè a. Tounen li tounen Jakmèl, li tonbe pran pri ankò Ian klas katriyèm, li kontinye pran pri Ian klas twazyèm, nan tout ekzamen li pase. Yo pran l, yo voye li lekòl nan Lise Petyon Pòtoprens. Se nan ane sa a, li ekri epi li pibliye nan pi gwo jounal Pòtoprens epòk sa a, " La Presse ", premye powèm li : " Debout, l'heure a sonné". Kouzin li, Irèn Moriso, te gen pou li pase ekzamen brevè elemantè. Li resite powèm nan devan manm jiri yo ki bat bravo jouk men yo fè yo mal. Lè yo mande I ki moun ki ekri powèm nan, li reponn : Feliks Moriso Lewa. Yo bat bravo pi rèd toujou. Powèm nan rete pandan plis pase swasant an nan tèt Irèn sèlman. Se tou denyèman, petèt akòz sitiyasyon kounye a, li mete l sou kasèt, li voye bay, kou yon kado fèt, kouzen li ki te gen katreven senk an. Sa w tande a Jan Briyè ekri Ii yon nòt: Chante pase yon gita se yon zèl yo met chita sou nanm ou ". Emil Woumè ki gen dizan pase l mennen l nan " Le temps revu “ prezante l bay Charles Moravia ak Luc Grimard. Se pa sèlman nan literati Feliks Moriso Lewa antre ann aksyon. Li retounen Jakmèl al soulve lajenès. Sila a se yon istwa tout moun konnen twòp. Li te gen disèt an le li fè yon diskou nan balkon Edwa Kadè a devan ou ta di tout popilasyon Jakmèl. Lè li bouke pibliye powèm nan jounal “ Le temps revu “, li fè soti yon ti liv tou piti ak senk pyès kanno ladan li. Se te yon lòt lekòl pwezi li te ouvè ann Ayiti.
Li vwayaje Kiba, li kontre Nicolas Guillen, li kontre Felix Pita Rodriguez. Li ekri yon liv sou vwayaj sa a: " Le destin des Caraibes. El destino del Caribe “. La l etidye Nouyòk kote li pran yon diplòm “ Master of Arts " Colombia University. An menm tan, li t ap frekante City College ak New School for Social Research. Li kontre Langston Hughes, Paul Robeson, Anais Nain. Kokenn chenn tèt sa yo pèmèt li fè konesans ak anpil lòt atis ak ekriven ameriken.
Si se te gwo Kleman ki t ap fè esklav Sendomeng yo pale kreyòl pou blan franse ri, se ta yon lòt bagay. Menm si se te Osval Diran ki t ap ekri " Choukoun " oubyen Joj Silven ki t ap tradui Lafontaine, se ta yon lòt koze toujou. Men, lè Feliks Moriso Lewa mete nan radyo Oto a pa rete, Mèsi Papa Desalin, oubyen Simon, tout moun sezi. Se yon lòt epòk ki sanble louvri nan literati peyi d Ayiti. Jouk la, yo pa te krè Antigòn Kreyòl te posib. Landmen jou evènman istorik sa a pase Rèks Teyat ak premye eskandal Antigòn, Leyon Lalo ekri : “ Moriso Lewa genyen pari a “. Men, lè Moriso Lewa konnen li reyèlman genyen pari a, se lè yo jwe Antigòn sou gazon Damyen devan twa mil moun. Yo di, li gen yon peyizan ki entèvni pou l di : “ Danbala p ap vini “, lè wa Kreyon fin touye Antigòn, li mande Tirezyas rele Danbala pou li. Lè a, ekriven an konprann se pou moun sa a li te ekri pyès teyat la, e moun sa a kapab ekri pyès teyat la li menm.
Se menm bagay ki pase a Pari. Se apre konferans deprès la Antigòn gen plis siksè. Moriso kontredi tout moun ki te vini pou kritike prezantasyon an. Sa ki tounen nan landmen di li gen rezon. “ Le Figaro Litteraire “ pibliye nan yon atik : “ Antigòn an kreyòl Moriso Lewa a pi pre Sofòk pase Antigòn Anouy la ". Jounalis ki te gen plis prestij pase tout lòt redaktè jounal “ Le Monde “ nan devore pyès la. Lelandmen, li mouri. Lwa vodou yo ak Bondye Grèk Antigòn yo touye l. Antigòn kontinye ba yo payèt nan tout vil ann Ayiti. Premye jounal etranje ki salye l avèk yon gwo kout chapo, se te " New York Times". Yo jwe Antigòn tou Nouyòk, Boston, Miyami, Chikago. Se nan “ Brooklyn College “, Nouyòk, yo jwe l pou lapremyè fwa ann angle. Sis aktè de sis nasyonalite diferan, pami yo doktè Kennedy ki te direktè kolèj la, jwe nan pyès la tou. Yo jwe l ann Kenston, yo jwe l ann angle Gana. Alò, se la a Antigòn te atire plis foul, e yon jèn chèf koutimye Moriso te envite vin wè li ann angle yon premye fwa, yon dezyèm fwa, yon twazyèm fwa, vin wè yon lòt pyès nan teyat la, apre reprezantasyon an, li mande ki lè y ap jwe Antigòn ankò. Yo bay tout moun satisfaksyon lè yo jwe l nan televizyon. A Pari tou, yo jwe l nan televizyon plizyè fwa.
Se atò teknisyen ann Ewòp ap dekouvri orijinalite ki genyen nan Antigòn. Se kon sa yon mete-an-sèn angle di, entwodiksyon " govi " nan teyat ayisyen, se yon revolisyon ki pi gran, pi estwòdinè pase entwodiksyon telefòn nan teyat ewopeyen.
(*) Sa, se yon tèks Moriso te ban mwen an 1996, lè mwen t ap kòmanse travay piblikasyon 6 pyès teyat Ii yo. Se sa k fè li pale plis sou travay Ii fè sou teyat pase sou pwezi ak kont Ii yo. Nan 6 pyès teyat li ekri yo, dapre Moriso Ii menm, genyen 2 ki poko jwe ann Ayiti : Rara ak Moun fou… (Not Pè Jan Iv lfye, editè)
Kont Kreyol, Feliks Moriso Lewa