Gen yon pawòl ki pale kòmkidire kreyòl pa ka monte tab lasyans. Se pa vre. Se manti. Kreyòl pa gen limit. Se nou ki gen limit. Se nou ki bay kreyòl limit. Nan seksyon sa a, n ap prezante tout kalite tèks lasyans an kreyòl. N ap ba ou bon jan enfòmasyon baze sou lasyans pou ede w konprann sèten fenomèn natirèl epi pou ou pran bon jan desizyon ki afekte lavi w, lavi kominote w, lavi peyi w, lavi planèt la.