| Libète
13 – 19 avril 1993 * Ane 2 * No 64 |
Kout je sou Rara
S
ezon karèm nan fini, men an menm tan avè l tou, sezon rara a, ki te koumanse depi mèkredi lèsann, rive jouk apre dimanch Pak la. Pandan tout peryòd sa yo, tanbou ak vaksin marye nan plenn rive jouk nan mòn. Menm Pòtoprens pa chape : nan plizyè katye byen lwen, nou tande wonf banbou k ap monte voye vwa moun k ap chante yo ale.
Ki sa Rara ye ?
Si pou anpil moun, Rara a se ta yon kanaval peyizan ki pa mele yo menm nan kanaval moun lavil, pou anpil lòt moun, Rara se yon manifestasyon sakre, yon jès mistik ki sèvi kòm yon reparasyon pou pitit Bondye a Jwif yo te touye sou lakwa a.
Pa egzanp, tout fwèt chèf bann nan konn ap tire pou kontrarye bann nan nan kalfou yo, reprezante kout fwèt Jezi te resevwa lò li t ap monte kalvè a. Rara, non sèlman se yon asosyasyon piblik ki sèvi pou amize moun, fè yo danse epi eksite bezwen chanèl yo, takinen moun ki ta fè yon bagay mal nan kominote a, men Rara pa pèdi karaktè mistik li, kote sakre li genyen nan vi kiltirèl peyizan yo. Ki fè, toutotan n ap rantre pi fon nan kilti ayisyen an, Rara vin pran lòt fòm toujou.
Nan liv (“Haiti Singing”) lan, Awòl Koulandè di nou, Rara a soti lwen. Pou li, mo Rara a ta sòti nan yon lang afriken ki rele yowouba. Li vle di, briye klere, dyandyan. Lè nou gade tout koulè ak dyandyan ki fè rad Majò jon an, sa te ka parèt vre. Yo rele Rara a tou Walwadi yon fòm defòme de lalwa di ki vle di “lalwa di semèn sent lan fèt pou fete”.
Dapre Vann Jenep, an Frans, nan tan lontan, pouvwa legliz ak pouvwa leta te met ansanm pou te frennen dezòd nan peryòd kanaval, ki fè anpil peyizan te konn chache tout okazyon pou te kontinye fete menm apre dat lalwa te bay pou te boule madigra. Gen lòt moun ki jwenn yon enfliyans endyen tou nan orijin Rara a. Kòmkidire se yon eritay endyen yo kite pou nou. Si li difisil pou nou jwenn kote kòd lonbrit Rara a sòti, nou ka di li rantre byen fon nan mès, nan kilti ayisyen an ki fè, kounye a, l ap kite mòn pou antre lavil.
Seremoni nan Rara
Yon bann rara pa soti pran lari kon sa, gen de seremoni degre li dwe fè anvan. Tankou, Balanse Rara a ki sèvi pou salye Legba, mèt gran chimen, mèt baryè. Nan seremoni sa a, mèt bann nan fè yon pakèt piwèt pou twonpe move zè sou wout bann nan gen pou pran.
Nan okazyon sa a mèt bann nan fè tou sa ki nesesè, bay chak moun wòl yo anvan bann nan pran lari. Balanse sou plas la, se yon lòt seremoni ki fèt lè bann nan, pou yon rezon, li kontrarye, li pa ka soti. Genyen yon pakèt lòt seremoni ankò ki pou ride pwoteje moun nan bann nan, tankou seremoni Monte Ponyèt, kote yo manbre ponyèt tout moun. Genyen tou seremoni Kouche Jon an li menm ki sèvi pou bay jwè jon an ladrès monte jon an.
Oganizasyon Rara
Sa ki fè fòs peyizan yo ki fè yo toujou la malgre tout presyon yo jwenn, se fòm òganizasyon yo ki marande ak kwayans yo, ak vodou a. Yon bann Rara òganize tankou yon leta, yon gouvènman. Li gen prezidan, minis, rèn, kolonèl, kapitèn, elatriye. Mèt Rara a, se toujou yon moun ki okipe yon pozisyon politik, ekonomik, militè nan zòn nan. Tankou oungan, chèf seksyon, militè osnon yon chèf politik, oswa yon grandon. Se yo menm ki asire tout depans ki pou fèt pou bann nan. Nou jwenn tou yon palmantè ki pote labanyè bann nan, se li ki enfòme chèf bann nan sou tou sa ki nan wout la. Genyen tou, layè gad la ki sèvi pou pwoteje dèyè bann nan.
Andeyò, nan pwovens yo, otorite politik yo kontwole pi fò bann Rara. Nan Pòtoprens, gen yon mouvman lakay anpil jenn ki vle pran latèt bann Rara. Nou kwè fenomèn mizik rasin yo jwe yon wòl nan sa.
Chante ak Dans Rara
Abityèlman, se tanbou, banbou ak vaksin ki sèvi enstriman mizik nan Rara, depi kèk tan, nou kòmanse jwenn twonpèt, saksofòn ak yon pakèt lòt enstriman ankò k ap fè rantre yo nan Rara. Jeneralman, chante yo sèvi pou denonse, repwoche, kondane osnon, moke move konpòtman kèk moun nan kominote a. Depi kèk tan tou, yo pran karaktè politik pou voye monte kèk revandikasyon, sitou nan Pòtoprens.
Gen de fòm dans nou jwenn nan Rara. Premyèman, se dans rabòday la ki sèvi pou mete foumi nan pye foul la k ap danse, vire ren yo jouk nan nivo ki eksite bezwen chanèl yo. Apre sa, nou jwenn “chay nan pye” a ki akonpaye majò jon an, kote pye li ap monte desann ak ladrès tankou yon yoyo k ap jwe pandan jon an ap vire an menm tan. Moman sa a, se kote espektak la ki pi efrayik.
Jemima Ilis























