Kouman Pou Fè Fou Solèy Bon Mache

Libète

16 – 23 dawou 1995 * Ane 3 * No 151

Kouman pou fè yon fou solèy bon mache

E

ksperyans ki fèt Ozetazini montre gen mwayen konstwi bien vit yon fou solèy ki pa koute chè an kèlke zè. Men lis materyèl ki nesesè pou konstwi modèl fou sa a :

1. 2 bwat katon : yon piti ki fèt pou antre anndan yon pi gwo. Pi piti a fèt pou l mezire pou pi piti 15 pous pa 15 pous, kidonk 38 santimèt pa 38 santimèt. Gwo bwat la fèt pou l mezire omwen 16 pous pa 16 pous. Kidonk, apeprè 41 santimèt pa 41 santimèt. Bwat yo pa oblije kare ; bwat ki rektang ka sèvi tou. Pa gen nesesite pou espas ant 2 bwat yo gen menm gwosè toutotou. Pwofondè 2 bwat yo pral depann de dimansyon chodyè ki pral sèvi pou kuit manje nan fou sa a. Keksyon sa a pral diskite pi devan.

2. Yon moso katon pou fè kouvèti fou a. Li fèt pou l gen omwen 3 pous, kidonk 7,6 santimèt anplis gwosè anba gwo bwat la.

3. Yon bwat papye aliminyòm ki vann nan episri. Papye sigarèt ka sèvi tou.

4. Yon bwat penti nwat mat, ki pa klere lè l seche e ki pa gen pwodui pwazon ladan l.

5. Omwen 8 ons lakòl (kantite yon gwo bidon)

6. Yon mòso vit ki gen menm gwosè ak katon pou kouvèti a, oubyen yon sak an plastik ki mak Renòls Ovenn Kouking Bag (Reynolds Oven Cooking Bag). Plastik sa a bon pou tanperati ki rive 400 degre Farennayt, oubyen 204,4 degre santigrad. Plan n ap bay nan atik sa a, ka bay yon tanperati k ap rive 300 degre Farennayt oubyen 150 degre santigrad. Men, reyon iltravyolèt kapab atake plastik sa a, se pou sa yo mande chanje l tanzantan.

Konstrikskyon baz la

(Gade desen nimewo 1)

Fèmen kouvèti gwo bwat la e mete ti bwat la sou gwo bwat la. Ak yon kreyon, fè yon mak toutotou baz ti bwat la. Wete ti bwat la epi koupe kouvèti gwo bwat la nan mak la. Kole papye aliminyòm tout anndan gwo bwat la ak anba bout kouvèti a tou. Lò sa fin fèt, kole kouvèti gwo bwat la ak lakòl.

Konstriksyon ti bwat la

(Gade desen nimewo 2)

Fòk nou tabli ki pwofondè ti bwat la pral genyen : li fèt pou l gen omwen1 pous anplis wotè pi gwo chodyè ki pral mete sou fou a, e li fèt pou li 1 pous pi piti pase gwo bwat la. Ann di pito wotè pi gwo chodyè a, se 10 pous. Sa vle di, ti bwat la fèt pou l gen omwen 11 pous, epi gwo bwat la fèt pou l gen omwen 12 pous. An jeneral, plis yon fou gwo, se plis li chofe byen.

Yon fwa pwofondè fou a tabli, koupe 4 kwen ti bwat la pou l koresponn ak wotè sa a. Ak yon kreyon, fè yon mak toutotou ti bwat la nan wotè sa a. Pliye kat kouvèti ti bwat la egzakteman nan mak sa a. Kole papye aliminyòm nan. Men, li pa fèt pou depase mak kreyon an.

Ajansman de bwat yo

(Gade desen nimewo 3)

Kole 4 ti blòk an bwa oubyen an katon ki gen wotè ki koresponn ak espas ant 2 bwat yo : an n di yon pous.

Se sou yo ti bwat la pral chita. Mete ti bwat la anndan gwo a. Si tout bagay te byen mezire, kouvèti ti bwat la pral byen chita sou gwo bwat la. Kole kouvèti yo sou pati sa a, epi koupe pati kouvèti yo ki depase alantou gwo bwat la.

Konstriksyon kouvèti a

(Gade desen nimewo 4 ak 5)

Mete moso katon an sou tèt bwat la, fè yon mak ak yon kreyon ki koresponn ak kare ou byen rektang baz la. Selon mak la, koupe katon an, pliye bout yo, kole yo pou fòme kouvèti a.

Sou kouvèti a, koupe yon kare oubyen yon rektang ki gen menm gwosè ak ouvèti fou a. Koupe l nan 3 kote pou kreye reflektè a. Kole papye aliminyòm nan anndan l. Sèvi ak yon bout fil fè kòm sipò pou kouvèti a. Si katon an fèt menm jan ak tòl li fèt pou l plase yon fason pou bout sipò a ka antre nan twou ondilasyon yo.

Mete kouvèti a tèt anba, kole plastik la oubyen vit la an plas. Si se yon sak an plastik ki sèvi kòm materyèl, bout sak la ki nòmalman ouvè, fèt pou kole pou anpeche vapè dlo a antre nan sak la kote li ka ranmase. Si sa ta fèt rannman fou a ta diminye.

Koupe yon mòso katon ki gen gwosè anba ti bwat la. Kole papye aliminyòm sou li epi pentire papye a an nwa. Yon fwa li sèch, mete l nan fon fou a. Se sou pati nwa sa a chodyè a fèt pou l chita.

Plan fou sa a fè prèv li aletranje, espesyalman Ozetazini. Li fèt pou bay bon rannman nan peyi d Ayiti ki gen anpil solèy. Anplis, gen gwo nesesite pou teknoloji sa a. Fou solèy la se yon solisyon ki ka pote yon ti amelyorasyon nan pwoblèm debwazman ak lavi chè a.

Maks Blanchè

 

 

Kite yon repons