Mwen tande bri pye w k ap mache nan fon nanm mwen.
Mwen tande bri rèv ou k ap envite m mache
pou mwen pran wout ak ou
pou nou mache anba lonbray Makandal.
Mwen tande bri kò ou kap envite m ekri
Pou m konpoze yon melodi
Yon chante rasanbleman pou yon konbit nasyonal.
Mwen santi souf ou ki ap pouse m nan direksyon lavi.
Wi, mwen tande bri pye w,
Mwen wè limyè grenn je w
k ap klere wout pou nou vanse;
Mwen tande bri pye w k ap reveye nanm mwen;
K ap envite m mache, sonnen lanbi rasanbleman,
Pou yon mach militan
sou mak pwent pye Nèg Mawon.
Lalin lan louvri je l pou li gade,
pou li konprann,
pou li patisipe nan sibvèsivite kè ou
k ap swete,
k ap rele,
k ap envite n pou nou pran wout ak ou
nan fon bwa Kay Imanm
kot Ayisyen vanyan ap fè sèman
pou kase chenn soudevlopman. (Paul Tulcé; Liv: Konfesyon (2012)