KONFERANS SOU LANG KREYÒL

KLIKE LA A POU W KA PATISIPE NAN KONFERANS LAN.

Nan prezantasyon sa a Menes Dejoie gade plas Kreyòl ak vodou te genyen nan mouvman rezistans ak liberasyon mas esklav yo nan tan lakoloni. Li esplike sa k pase apre zansèt te rive rache libète yo ak endepandans peyi a nan men kolon blan yo.

Dejoie gade ki sa k pou fèt pou transfòmasyon sosyete a debloke kote li ye depi 1804 la.

 

6 Desanm 2020 :   Kreyòl : Lang Rezistans, Lang Liberasyon, Lang Transfòmasyon Ayiti - Pwofesè MENES DEJOIE / Espas Kreyòl
 
Konferans sa yo ap fèt soti 6pm pou rive 8pm sou platfòm “Zoom” “Haiti Edu-Action” https://us02web.zoom.us/j/87626829190?pwd=bkdia2QwN3V2aHZjT25wbFpxKzVuUT09
(Meeting ID: 876 2682 9190 Password: 233486).
Nou espere ke w ap patisipe avèk nou nan chita koze sa yo e, deja, n ap di w mèsi anpil pou desizyon entèlijan sa a.