Ki wòl koperativ nan devlopman

BON NOUVÈL

22èm Ane - 240 - Novanm 1988

Ki wòl koperativ nan devlopman

sosyal ak ekonomik peyi Ayiti?

Mwa pase a, nou te wè yon moso nan tèks koperativ la. Nou swete ou te reflechi sou sa. N ap kontinye ak rès tèks la. Ou menm, kontinye reflechi paske lènmi devlopman yo bare nou tout kote.

Mouvman koperativ la gen yon gwo reskon­sablite pou l pote nan chanjman ki gen pou fèt nan sosyete a, depi soti nan gwo potanta yo rive nan ti malere ki pi senp la, sa yo rele "sitwayen òdinè" a. Se gran travay konsyanti­zasyon sa a, gran chanjman nan mantalite sa a, nou men koperatè nou gen pou n fè nan mitan gwoup k ap lite bò kote n yo.

Zanmi kanmarad, fòk nou pa met nan tèt nou gen okenn mirak ki pral fèt nan okenn domèn. Jodi a, pa gen mirak ki pral fèt okenn kote, lamàn pa tonbe ankò. Se poutèt sa nou dwe gen pasyans, paske sa pa fasil. Se yon veritab batay n ap gen pou fè.

M ta renmen wè tout dirijan sosyete kopera­tiv, tout òganizasyon k ap fè devlopman, tout Ayisyen patriyòt k ap dirije zafè leta, tout reskon­sab gwoupman, lidè tout kalite ki gen moun k ap suiv yo, pou yo fè lide ak doktrin koperativ la rantre nan tèt yo, nan konsyans yo. Nou dwe sèvi ak posiblite Piramid Maslow a pou nou atake pwoblèm yo nan lòd priyoritè, kòmkwa sa ki pi ijan yo anvan.

Bezwen manje ak bwè

Koperativ ki gen repondong yo dwe monte kèk bon pwojè awozaj, pou tè kote peyizan ak plantè ap travay kab jwenn dlo pou manje blayi nan peyi a. Chache kapte sous dlo ki enpòtan, pwoteje yo pou moun yo k ap viv nan sosyete a kab jwenn bon dlo pou sèvis yo... Epitou regle pwoblèm mache ak distribisyon pwodui yo.

Sekirite sosyal, asirans

Nou gen kòm obligasyon pou ede manm koperativ yo reyalize pwojè yo:

- Pwojè bati bon kay ki pèmèt moun viv byen,

- ede moun yo amelyore kay ki deja egziste,

- Koperativ yo ka antre nan bati sant sante, lopital, bon lekòl pou devlope sèvo moun.

Kilti nasyonal

Mouvman koperativ yo pa kab neglije lang ak kilti pèp la. Kreyòl ayisyen an se pi bèl lang Ayisyen an konnen tout bon vre. Nan domèn sa a, koperativ yo ka ankouraje manm yo al suiv mouvman alfabetizasyon nan sant yo ki fèt an kreyòl.

M ap tou fè nou sonje devlopman yon peyi pa kab fèt nan lòt lang ki pa pou li. Yon bann moun ki etidye lang rekonèt gen yon pakèt richès ki kache dèyè lang yon pèp. Li lè, li tan pou nou chache jwenn tout kantite richès ki genyen nan lang pa nou.

Youn nan esplikasyon m jwenn nan devlopman rapid peyi Izrayèl la, se fason li bay lang natifnatal li enpòtans. Li chache resisite lang nasyonal li ki te kab disparèt. Apre 2zyèm lagè mondyal 1948, Izrayèl jwenn endepandans li, yo anbrase lang manman yo ki se ebre, kwak anpil juif ki t ap viv nan dyaspora te vini ak angle, panyòl, franse, eks...

Moun sa yo pa t chita nan fè tenten ni enteresan, yo te pito fyè pou lang pa yo ki tounen vin ede yo rezoud bagay serye ki nan enterè peyi a ak pèp la.

Renmen, Renmen

Fòk kanmarad koperatè yo kapab ede pèp la renmen mouvman an. Se nan renmen youn lòt avni mouvman an chita.

L ap pran konsyans

Fòk kanmarad koperatè yo wè nesesite pou tout manm yo patisipe rèdchèch nan reyaliza­syon objektif yo. Lè sa a, chak man ap gen okazyon pou yo kapab evalye epi apresye travay yo fè pou tèt yo, oswa pou lòt moun.

Se lè sa a moun nan ap rive nan yon pwen ki pi wo nan lavi l. Li ka chache amelyore konesans li, fè kèk dekouvèt ki kab itil tèt li, peyi li ak tout tè a.

Se tout wòl sa yo mouvman koperativ la te dwe jwe nan devlopman sosyal ak ekonomik peyi a.

Si leta ayisyen ta dispoze fè yon bagay serye, pa lantremiz gouvènman ki va anplas yo, fòk mouvman pou fè koperativ ta gaye sou peyi a. Lè sa a, Leta ta mobilize tout mwayen li genyen anba ponyèt li pou rive regle avèk kolaborasyon tout reskonsab koperativ yo yon mèvèy ki ta fè Bondye plezi. Nou ta va jwenn benediksyon Bondye, paske li di nou nan Pwovèb 14:31:

"Lè w ap peze pòv malere yo, se Bondye ki fè l la w ap derespekte, men lè ou aji byen ak pòv yo se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye".

Lys N. Lorthe

Koperatè MOCOF Pòtoprens

 

Kite yon repons